1 Reyes 9
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Lè wa Salomon fin bati Tanp Seyè a, palè wa a ak tout lòt bagay li te gen lide fè yo, 2Seyè a te fè Salomon wè l' ankò, menm jan li te fè l' wè l' lavil Gabawon an. 3Seyè a di l' konsa: -Mwen tande lapriyè ou la. Mwen mete tanp ou bati a apa pou sèvis mwen. Se la pou moun adore m' tout tan. M'ap voye je sou li, m'ap toujou pwoteje l'. 4Si ou mache devan m' tankou David, papa ou, ak tout kè ou jan ou dwe fè l' la, si ou fè tout sa mwen mande ou fè, si ou koute lòd ak bon prensip mwen yo, m'a fè gouvènman ou lan kanpe fèm nan peyi Izrayèl la pou tout tan, 5m'a kenbe pwomès mwen te fè David, papa ou la, lè m' te di l' ap toujou gen yon moun nan fanmi li ki pou gouvènen pèp Izrayèl la. 6Men, si ou menm osinon yonn nan pitit ou yo vire do ban mwen, si nou pa fè sa m' mande nou fè, si nou pa koute lòd mwen ban nou, si n' al sèvi lòt bondye, si n' al adore lòt bondye, 7lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase pèp Izrayèl la nan betiz, y'a fè chante sou li. 8Tanp sa a va tounen yon vye mazi. Tout moun ki va pase bò la va sezi, y'a met men nan bouch. y'a mande poukisa Seyè a fè peyi a ak tanp lan sa. 9y'a reponn yo: Se paske yo te vire do bay Seyè a, Bondye yo a, ki te fè zansèt yo soti kite peyi Lejip. Yo kouri al jwenn lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Se poutèt sa Seyè a te voye malè sa a sou yo. 10Wa Salomon te pran ventan pou l' bati tanp Seyè a ak palè wa a. 11Iram, wa peyi Tir, te ba li tout bwa sèd ak bwa pichpen ansanm ak tout lò li te bezwen pou l' fè travay la. Lè travay la fini, wa Salomon bay Iram ven lavil nan zòn Galile a. 12Iram kite peyi l', Tir, li desann al wè lavil Salomon te ba li yo. Men, li pa t' renmen yo. 13Li di Salomon konsa: -Se lavil sa yo ou wè pou ou ban mwen, frè mwen! Yo pa vo anyen. Se poutèt sa, depi lè sa a rive jòdi a, yo rele zòn sa a Nan Kaboul. 14Iram te voye senk tòn lò an total bay Salomon. 15Wa Salomon te fè moun fè kòve pou bati tanp Seyè a ak palè pa l' la, pou mete ranblè plen bò solèy leve lavil la ak pou bati gwo miray lavil la. Li sèvi ak moun kòve yo tou pou l' rebati lavil Azò, lavil Megido ak lavil Gezè. 16Lontan anvan sa, farawon an, wa peyi Lejip la, te moute atake lavil Gezè. Li pran l', li touye tout moun Kanaran ki te rete la, lèfini li mete dife ladan l'. Apre sa, li fè pitit fi l' la kado l' lè li te marye ak wa Salomon. 17Salomon rebati lavil Gezè, li rebati lavil Bètowon ki nan fon an, 18lavil Balat ak lavil Tama nan dezè Jida a. 19Li rebati tout lavil kote yo te fè depo pwovizyon Salomon yo, lavil pou chwal li yo ak pou cha lagè li yo, ak tou sa li te vle bati ni lavil Jerizalèm, ni nan peyi Liban, ni nan tout lòt peyi ki te sou lòd li yo. 20Te gen moun Amori yo, moun Et yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo. 21Lè moun Izrayèl yo te fin pran peyi Kanaran an pou yo, gen anpil nan moun ansyen mèt peyi a yo pa t' touye pou Bondye. Yo te kite yo rete nan peyi a. Se pitit moun sa yo Salomon te pran sèvi esklav pou fè kòve. Se sa k'ap fèt jouk jounen jòdi a. 22Salomon pa t' fè ankenn moun nan pèp Izrayèl la sèvi esklav. Li te fè yo sèvi sòlda, ofisye, chèf, kaptenn ak kòmandan cha lagè yo ak kavalye yo. 23Te gen senksansenkant (0550) fòmann gouvènè yo te nonmen reskonsab travay li yo. Se yo ki t'ap dirije moun ki t'ap travay yo. 24Pitit fi farawon an kite Lavil David la, l' al rete nan palè Salomon te bati pou li a. Se apre sa Salomon fè ranbleye pòsyon ki bay sou solèy leve a. 25Twa fwa chak lanne, Salomon te ofri bèt pou yo boule nèt pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mèsi sou lotèl li te bati pou Seyè a, epi li fè boule lansan sou lotèl ki devan Seyè a. Se konsa, li te fè Tanp lan sèvi pou sa yo te bati l' la. 26Wa Salomon te bati yon bann gwo batiman lavil Ezyongebè ki te toupre Elat, bò lanmè Wouj la, nan pòsyon tè ki pou Edon an. 27wa Iram te voye kèk moun peyi l' ki te bon maren pou sèvi ansanm ak moun Salomon yo sou batiman yo. 28Yo vwayaje rive peyi Ofi kote y' al chache sèz tòn lò pote bay Salomon.

¿Sabías que…?
El pacto, las construcciones y las alianzas de Salomón
- Tras veinte años de construcción del templo y del palacio real, Salomón entregó veinte ciudades de Galilea al rey Hiram de Tiro a cambio de madera de cedro, ciprés y oro. Cuando Hiram fue a inspeccionar las ciudades, no le agradaron y llamó a la región "tierra de Cabul".Fuentes: el propio texto bíblico · Hiram · Tyre
- La estratégica ciudad de Gézer permaneció en manos cananeas hasta que un faraón egipcio la conquistó e incendió, entregándola como dote nupcial a su hija cuando se casó con Salomón. Luego Salomón reconstruyó y fortificó Gézer junto con las defensas de Jerusalén y varias ciudades de aprovisionamiento.Fuentes: el propio texto bíblico · Gezer · Daughter of Pharaoh
- Salomón estableció una flota marítima en Ezión-guéber, en la costa del mar Rojo, en Edom. En colaboración con experimentados marineros fenicios enviados por Hiram de Tiro, la expedición navegó hasta Ofir y trajo 420 talentos de oro.Fuentes: el propio texto bíblico · Hiram
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Gibeon · Hoy: El Jib · 31.847, 35.183 · versículo 2
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 9, 16
- Galilee · 32.760, 35.527 · versículo 11
- Tyre · 33.271, 35.196 · versículos 11, 12
- Cabul · Hoy: Cabul 2 · 32.868, 35.211 · versículo 13
- Gezer · Hoy: Tel Gezer · 31.859, 34.919 · versículos 15, 16, 17
- Hazor · Hoy: Tel Hazor · 33.018, 35.569 · versículo 15
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 15, 19
- Megiddo · Hoy: Tel Megiddo · 32.585, 35.184 · versículo 15
- Lower Beth-horon · Hoy: Beit Ur al Tahta · 31.895, 35.084 · versículo 17
- Lebanon · 33.540, 35.584 · versículo 19
- City of David · 31.774, 35.236 · versículo 24
- Edom · 30.746, 35.604 · versículo 26
- Red Sea · Hoy: Gulf of Aqaba · 28.750, 34.750 · versículo 26
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org