1 Reyes 10
Bib La · Toca un versículo para ver sus referencias cruzadas.
1Larenn peyi Saba tande pale ki kalite moun Salomon te ye ak jan sa te sèvi yon lwanj pou Seyè a. Li vwayaje pou lavil Jerizalèm pou l' sonde konesans Salomon avèk kèk keksyon difisil. 2Se konsa, li rive lavil Jerizalèm avèk yon pakèt moun ak anpil chamo chaje fèy santi bon, bèl pyè koute chè ak kantite lò. Lè li rive devan Salomon, li mande l' tout kalite keksyon li te fè lide mande l'. 3Salomon menm reponn tout keksyon l' yo. pa t' gen anyen ki te twò difisil ni pou li reponn ni pou li esplike. 4Larenn peyi Saba a wè jan Salomon te gen anpil bon konprann. Li wè palè li te bati a. 5Li wè kalite manje yo te sèvi sou tab li ak kay li te fè bati pou chèf li yo, jan li te òganize moun k'ap travay nan palè a, rad inifòm yo te genyen, domestik ki t'ap sèvi l' bweson, ak bèt li te ofri pou boule nèt pou Seyè a nan Tanp lan. Lè li wè tou sa, li pèdi lapawòl tèlman li te sezi. 6Li di wa Salomon konsa: -Sa m' te tande nan peyi m' sou ou ak sou bon konprann ou an, se te vre! 7Men, mwen pa t' vle kwè toutotan mwen pa t' vini wè ak je pa mwen. Men, sa m' te tande a se pa mwatye sa m' wè a. Bon konprann ou ak richès ou pi plis pase sa yo te di m' lan. 8Ala bèl chans madanm ou yo genyen! Ala bèl chans moun k'ap travay avè ou yo genyen! Yo toujou la devan ou ap tande pawòl bon konprann k'ap soti nan bouch ou! 9Lwanj pou Seyè a, Bondye ou la! Li moutre jan li kontan avè ou. Li mete ou wa peyi Izrayèl la. Li menm ki renmen peyi Izrayèl la pou tout tan, li mete ou wa pou ou ka kenbe peyi a nan lòd, nan bon chemen san patipri. 10Larenn lan fè wa a kado senk tòn lò ak kantite fèy santi bon ak anpil pyè koute chè. Wa a pa janm resevwa nan lavi li kantite fèy santi bon larenn Saba te ba li lè sa a. 11Batiman Iram yo ki te al chache lò nan peyi Ofi, te pote soti nan menm peyi sa a yon gwo kantite bwa koray ak anpil bèl pyè koute chè. 12Salomon sèvi ak bwa koray la pou fè balistrad nan tanp lan ak nan palè a. Li fè gita ak bandjo pou mizisyen yo ak bwa sa a tou. Se te pi bon kalite bwa koray yo te janm fè antre nan peyi Izrayèl. Depi lè sa a yo pa janm wè sa ankò. 13Wa Salomon te bay larenn peyi Saba a tou sa li te mande l', san konte lòt kado li menm, wa Salomon, li te vle ba li. Apre sa, larenn lan tounen nan peyi Saba ansanm ak tout moun ki te avè l' yo. 14Chak lanne wa Salomon te resevwa vennsenk tòn lò, 15san konte lajan li resevwa nan men moun k'ap fè trafik, nan men moun k'ap fè komès, nan men wa peyi Arabi yo ak nan men gouvènè pèp Izrayèl yo. 16Salomon te fè fè desan (0200) gwo plak pwotèj an fè. Lèfini, li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze kenz liv. 17Li fè fè tou twasan ti plak pwotèj an fè, li fè kouvri yo chak ak yon kouch lò ki peze kat liv. Li mete tout plak pwotèj sa yo nan Salon Rakbwa peyi Liban an. 18Li fè fè yon gwo fotèy ak kòn elefan. Li fè kouvri l' ak pi bon kalite lò ki genyen. 19Pou rive bò fotèy la, se pou ou te moute sis mach eskalye. Dèyè fotèy la te gen pòtre yon gwo tèt towo. Sou kote manch yo sou chak bò, te gen pòtre yon lyon. 20Te gen douz lyon sou macheskalye yo, de sou chak mach, nan de pwent yo. Pa t' gen ankenn lòt peyi ki te gen fotèy pou w'a parèy ak fotèy sa a. 21Tout gode wa Salomon te sèvi pou l' bwè te fèt an lò. Tout bagay ki te sèvi nan Salon Rakbwa peyi Liban an te fèt ak bon lò. Yo pa t' sèvi ak ajan menm, paske nan tan Salomon ajan pa t' vo anyen. 22Li te gen kantite batiman pa l' ki t'ap vwayaje toupatou sou lanmè ansanm ak batiman Iram yo. Chak twazan, batiman yo tounen, yo pote lò, ajan, kòn elefan, pan ak makak. 23Wa Salomon te pi rich pase tout lòt wa yo, li te gen plis bon konprann pase yo tout. 24Tout moun toupatou te vle vin wè l' pou tande pawòl bon konprann Bondye te mete nan bouch li. 25Chak moun ki te vini te pote kado pou li: bagay fèt an ajan ak an lò, rad, zam, fèy santi bon, chwal ak milèt. Chak lanne se te konsa. 26Salomon te sanble mil katsan (01.400) cha lagè ak douzmil (012.000) chwal pou sòlda kavalye yo. Li mete yon pòsyon ladan yo nan lavil li te fè bati tout espre pou yo. Rès yo, li mete yo bò kote l' lavil Jerizalèm. 27Pandan tout rèy wa a, ajan te tankou wòch lavil Jerizalèm. Bwa sèd menm, ou te jwenn sa an kantite tankou pye sikomò nan rakbwa ki nan plenn peyi Jida yo. 28Chwal Salomon yo te soti nan peyi Lejip ak nan peyi Silisi. Wa a te gen moun pa l' ki te konn al achte chwal yo pou li la. 29Chak cha lagè achte nan peyi Lejip te koute sisan (0600) pyès ajan, chak chwal te koute sansenkant (0150) pyès ajan. Se menm moun sa yo ki te konn al achte chwal pou revann wa peyi Et yo ak wa peyi Siri yo.

¿Sabías que…?
El Esplendor de Salomón y la Reina de Sabá
- Sabá se identifica con Sabá en el sur de Arabia, un reino renombrado en el mundo antiguo por su lucrativo comercio de especias y aromas. La visita de la reina con una gran caravana de camellos cargados de especias, oro y piedras preciosas reflejaba intereses diplomáticos y la riqueza comercial de su región.Fuentes: Sheba · el propio texto bíblico
- Salomón se alió con el rey Hiram de Tiro para realizar expediciones marítimas a regiones lejanas como Ofir y Tarsis. Estas flotas regresaban con mercancías exóticas y valiosas, como madera de sándalo o almug, marfil, piedras preciosas y oro, enriqueciendo la corte de Jerusalén.Fuentes: Hiram · Ophir · Tarshish · el propio texto bíblico
- El texto bíblico describe el elaborado trono de marfil de Salomón recubierto de oro fino, que se elevaba sobre seis gradas flanqueadas por doce leones esculpidos. Dicho mobiliario suntuoso y las copas de oro puro evidenciaban la notable prosperidad de su reinado.Fuentes: el propio texto bíblico
Notas escritas con ayuda de IA a partir de fuentes abiertas (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, dominio público) y revisadas antes de publicarse.
Lugares de este capítulo
- Sheba · 15.348, 44.206 · versículos 1, 4, 10, 13
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 2, 26, 27
- Arabia · Hoy: Arabian Peninsula · 23.000, 46.000 · versículo 15
- House of the Forest of Lebanon · Hoy: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · versículos 17, 21
- Shephelah · 31.692, 34.875 · versículo 27
- Egypt · 30.129, 31.308 · versículos 28, 29
- Syria · Hoy: Aram · 33.511, 36.306 · versículo 29
Solo aparecen lugares identificados con alta confianza (90 % o más según las fuentes académicas reunidas por OpenBible). Mapa de la época: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; mapa actual: © colaboradores de OpenStreetMap; lugares: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Créditos y licencia de esta traducción
Bib La The Holy Bible in Haitian Creole Public Domain Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) In the Public Domain due to publication without copyright notice in 1985, and without subsequent registration within 5 years. 2020-03-10
Fuente: http://ebible.org/hat/ · eBible.org