Nations Bible

Romans 16

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Mwen rekòmande a nou sè nou Phoebé, yon sèvant legliz ki nan Cenchrée a. 2Pou nou resevwa li nan non Senyè a nan yon jan ke fidèl yo ta dwe fè, e pou nou ede li nan nenpòt bezwen ke li kapab genyen. Paske li menm se yon èd pou anpil lòt moun, ak pou mwen menm tou.

3Salye Prisca ak Aquilas, ouvriyè yo nan travay mwen nan Jésus Kris, 4moun ki te riske pwòp tèt yo pou lavi m. Se pa sèlman a yo menm ke m di mèsi, men a tout legliz pèp etranje yo. 5Salye osi tout legliz la ki reyini lakay yo a. Salye Épaïnète, zanmi byeneme m, ki te premye konvèti an Asie a. 6Salye Marie ki travay di pou nou. 7Salye Andronicus ak Junias, paran mwen yo, e prizonye parèy mwen yo, ki byen remakab pami apot yo, e ki te nan Kris la avan m. 8Salye Amplias, zanmi byeneme m nan Senyè a. 9Salye Urbain, ouvriye parèy a nou nan Kris la ak Stachys, zanmi byeneme m nan. 10Salye Apellès, ki apwouve nan Kris la; salye sila ki lakay Aristobule yo. 11Salye Hérodion fanmi mwen. Salye sila ki lakay Narcisse yo, ki nan Senyè a. 12Salye Tryphène ak Tryphose, ouvriye nan Senyè a. Salye Perside, byeneme a, ki travay di nan Senyè a. 13Salye Rufus, yon nonm chwazi nan Senyè a, manman li osi e ki tankou manman pa m tou. 14Salye Asyncrite, Phlégon, Hermès, Patrobas, Hermas, ak tout frè ki avèk yo. 15Salye Philologue ak Julie, Nérée ak sè li, e Olympe, e tout fidèl ki avèk yo. 16Salye youn lòt avèk yon bo ki sen. Tout legliz Kris la salye nou.

17Koulye a, frè mwen yo, mwen ankouraje nou pou toujou veye sou sila k ap koze e fè blokis ki kontrè a enstriksyon nou te resevwa a. Vire do nou ba yo menm. 18Paske moun konsa se esklav yo ye, pa a Senyè nou an, Kris la, men a pwòp apeti pa yo. Ak pawòl ki dous e flatè, yo desi kè a inosan yo. 19Paske rapò obeyisans nou an gen tan rive toupatou. Konsa mwen rejwi de nou, men mwen vle nou saj nan sa ki bon e inosan nan sa ki mal. 20Bondye lapè a va kraze Satan anba pye nou toutalè.

Ke lagras Senyè nou an Jésus kapab avèk nou.

21Timothée, kanmarad travay mwen, salye nou, e osi Lucius ak Jason ak Sosipater ki se fanmi mwen. 22Mwen menm, Tertius k ap ekri lèt sa a, salye nou nan Senyè a. 23Gaïus ki te ban m kote pou m rete ak tout legliz la, salye nou. Éraste, trezorye vil la salye nou ak Quartus osi, frè a. 24Ke lagras Senyè nou an, Jésus Kri, rete avèk nou tout. Amen. 25Koulye a, a Sila ki kapab etabli nou selon bòn nouvèl mwen an ak predikasyon a Jésus Kri a, atravè revelasyon a mistè a ke li te kenbe an sekrè pandan tout tan pase yo, 26men koulye a ki vin manifeste, selon Ekriti Sen a pwofèt yo, ak kòmandman a Bondye etènèl la, ki vin konnen pa tout nasyon yo, ki mennen rive a obeyisans lafwa a. 27A Bondye sèl ki saj la, atravè Jésus Kris ki se laglwa pou tout tan an. Amen.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Greetings to the church in Rome

  • Paul commends Phoebe, a servant of the church in Cenchrea, and asks the recipients in Rome to welcome her and help her with whatever she needs, because she has been a great help to many people, including him. Cenchrea was the eastern harbor of Corinth, about nine miles east of the city and the outlet for its trade with the Asiatic shores of the Mediterranean; Easton's Bible Dictionary (1897) says she was probably the bearer of this letter.Sources: the Bible text itself · Phebe · Cenchreae
  • Paul greets Prisca and Aquila, his fellow workers in Christ Jesus, who risked their lives for him, and also the church that meets in their house; he says that not only he but all the churches of the Gentiles are grateful to them. Easton's Bible Dictionary (1897) calls her Priscilla and describes Aquila as a tent-maker from Pontus who, with his wife, left Rome because of a decree of Claudius in A.D. 50 commanding all Jews to leave the city; her name sometimes comes before his, as it does here.Sources: the Bible text itself · Priscilla · Aquila
  • Near the close, Tertius, who wrote the letter down, adds his own greeting. Gaius, who has hosted Paul and all the church, also sends greetings, as do Erastus, the city treasurer, and Quartus.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Cenchreae · Today: Kechries · 37.884, 22.997 · verse 1
  • Asia · 38.400, 28.300 · verse 5

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.