Nations Bible

Romans 15

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò nou menm ki fò, nou dwe sipòte feblès sila ki san fòs yo, e se pa sèlman fè pwòp tèt nou plezi. 2Ke chak en de nou fè kè vwazen nou alèz pou l ka jwenn tout sa ki bon, k ap fè l plen konfyans. 3Paske menm Kris pa t fè tèt li plezi, menm jan sa ekri a: “Repwòch de sila ki te repwoche ou yo te tonbe sou Mwen.” 4Paske tout bagay ki te ekri nan tan pase yo te ekri pou enstwi nou menm; pouke selon pèseverans ak ankourajman Ekriti yo, nou ta kapab vin genyen lespwa. 5Koulye a mwen priye, pou menm Bondye ki bay pèseverans ak ankourajman an kapab fè nou gen menm panse, youn avèk lòt atravè Jésus Kris: 6Pouke nan tout akò pou nou kapab avèk yon sèl vwa bay glwa a Bondye, Papa a Senyè nou an, Jésus Kri.

7Konsa aksepte youn lòt, menm jan ke Kris osi te aksepte nou pou laglwa Bondye a. 8Paske mwen di ke Kris gen tan vin yon sèvitè a sila ki sikonsi yo, anfavè verite a Bondye a pou konfime pwomès ki te fèt a zansèt yo; 9epi pou pèp etranje yo ta ka bay Bondye glwa pou mizerikòd Li, jan sa ekri a:

“Konsa, Mwen va bay Ou lwanj pami pèp etranje yo,

e mwen va chante Non Ou.”

10Li di ankò:

“Rejwi, O pèp etranje yo avèk pèp Li a.”

11Epi ankò:

“Bay lwanj a Senyè a, nou tout pèp etranje yo!

Kite tout pèp yo ba Li lwanj.”

12Esaïe di ankò:

“Li va gen rasin Jessé a;

Sila ki leve pou renye sou pèp etranje yo.

Nan Li menm, pèp etranje yo va mete espwa yo.”

13Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.

14Epi konsènan nou menm, frè mwen yo, mwen gen konviksyon ke nou menm, nou plen ak bonte, byen ranpli avèk tout konesans, e kapab osi egzòte youn lòt. 15Men mwen ekri nou avèk kouraj sou kèk pwen pou fè nou sonje ankò, akoz gras Bondye ke mwen resevwa a, 16pou m kapab yon sèvitè Jésus Kris pou pèp etranje yo, pou m fè sèvis kòm yon prèt pou levanjil Bondye a, jis pou ofrann mwen bay pèp etranje yo kapab vin akseptab, e byen sanktifye pa Lespri Sen an. 17Konsa, nan Jésus Kri mwen gen tan twouve rezon pou vante tèt mwen nan bagay ki apatyen a Bondye. 18Mwen p ap pèmèt mwen pale de okenn bagay sof de sa ke Kris gen tan akonpli atravè mwen an, kon rezilta a, obeyisans pèp etranje yo pa pawòl ak aksyon, 19nan pouvwa sign ak mirak yo nan pouvwa Lespri a, pouke soti Jérusalem jis rive nan Illyrie ak anviwon peyi a, mwen fin preche tout levanjil a Kris la. 20Se konsa mwen vle preche levanjil la; pa kote ke Kris te deja konnen pou m pa bati sou fondasyon a yon lòt moun, 21Men jan sa ekri a:

“Sila ki pa gen nouvèl Li yo va wè,

e sila ki pa tande yo va konprann”.

22Pou rezon sa a byen souvan mwen anpeche vin kote nou. 23Men koulye a, akoz pa gen lòt andwa pou mwen nan rejyon sa yo, e depi anpil ane mwen anvi vin wè nou, 24nenpòt lè mwen ale Espagne, mwen espere wè nou pandan m ap pase. Konsa nou kapab ede m fin rive la apre mwen fin rejwi de prezans nou pandan kèk tan. 25Men koulye a mwen prale Jérusalem pou sèvi fidèl yo. 26Paske legliz yo nan Macédoine ak Achaïe te kontan fè yon don pou malere yo pami fidèl Jérusalem yo. 27Wi, yo te kontan fè sa, e yo dwe yo. Paske si pèp etranje yo gen tan pataje bagay ki soti nan Lespri Bondye a, yo dwe remèt sèvis a yo tou ak bagay materyèl. 28Konsa, lè m fin fè sa, e mete so mwen sou fwi sa ki sòti nan yo menm nan, m ap pase bò kote nou nan wout pou m ale Espagne la. 29Mwen konnen ke lè m vin kote nou, m ap vini byen ranpli avèk benediksyon a Kris la.

30Koulye a mwen ankouraje nou, frè m yo, pa Senyè nou an, Jésus Kri e pa lanmou Lespri a, pou fè tout efò ansanm avèk mwen nan lapriyè a Bondye pou mwen menm 31pou mwen kapab delivre anba sila yo nan Juda ki dezobeyisan, e pou sèvis mwen pou Jérusalem kapab akseptab devan fidèl yo, 32pou mwen kapab vini a nou menm nan lajwa pa volonte Bondye e pou m twouve yon repo rafrechisan an konpayi de nou menm. 33Pou koulye a ke Bondye lapè a kapab avèk nou tout. Amen.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Gentile Hope and the Road West

  • Paul writes that he has fully proclaimed the gospel of Christ from Jerusalem all the way around to Illyricum. Easton's Bible Dictionary (1897) places that region northwest of Macedonia, on the eastern shores of the Adriatic, and describes it as then almost wholly included in Dalmatia; it says he traversed Illyricum on his third missionary journey, that it was the farthest district he had reached in preaching, and that a journey through Macedonia would have brought him to its borders.Sources: the Bible text itself · Illyricum
  • He hopes to see the believers in Rome on his way to Spain and, after delivering the contribution from Macedonia and Achaia to Jerusalem, to set off for Spain by way of them. Easton's Bible Dictionary (1897) records that intention, but notes that there is no evidence he ever carried it out, although some think he probably did so between his first and second imprisonment.Sources: the Bible text itself · Spain
  • Quoting Isaiah, he says that the Root of Jesse would appear and arise to rule over the Gentiles, and that the Gentiles would put their hope in him. Jesse was the father of David, and Easton's Bible Dictionary (1897) says that the phrase root of Jesse is used for the Messiah, while stem of Jesse is used for David's family.Sources: the Bible text itself · Jesse

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Illyricum · 43.539, 16.483 · verse 19
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 19, 25, 26, 27, 31
  • Rome · 41.892, 12.485 · verse 24
  • Spain · Today: Hispania · 40.210, -4.350 · verses 24, 28
  • Achaia · 38.720, 22.540 · verse 26
  • Macedonia · 41.600, 22.540 · verse 26
  • Judea · Today: Judea 1 · 31.777, 35.234 · verse 31

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.