Revelation 5
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Mwen te wè nan men dwat a Sila ki te chita sou twòn lan, yon liv ki te ekri pa anndan kou pa deyò, sele avèk sèt so.
2Mwen te wè yon zanj pwisan ki t ap pwoklame nan yon vwa fò: “Kilès ki dign pou louvri liv la, e kase so li yo?”
3Men pèsòn nan syèl la, sou tè a, oubyen anba tè a pa t kapab ouvri liv la oubyen gade ladann.
4Alò, mwen te kòmanse kriye anpil, paske pèsòn pa t dign pou louvri liv la oubyen pou gade ladann. 5Epi youn nan ansyen yo te di m: “sispann kriye; gade byen, Lyon an ki sòti nan tribi Juda a, Rasin a David la, te vin venkè. Li k ap ouvri liv la ak sèt so li yo.”
6Konsa, mwen te wè antre twòn lan, avèk kat kreyati vivan, ak lansyen yo, yon Jèn Mouton te kanpe, kòmsi li te touye deja, avèk sèt kòn aksèt zye, ki se sèt Lespri a Bondye yo, ki te voye sou tout tè a. 7Li te vini, Li te pran liv la nan men dwat a Sila ki te chita sou twòn lan.
8Lè L te pran liv la, kat kreyati vivan yo ak venn-kat ansyen yo te tonbe devan Jèn Mouton an, yo chak kenbe yon ap ak yon bòl fèt an lò ranpli avèk lansan, ki se te priyè a sen yo. 9Epi yo te chante yon chan tounèf. Yo te di:
“Dign se Ou menm pou pran liv la,
e kase so li yo.
Paske Ou te touye,
e Ou te achte pou Bondye avèk
san Ou;
lèzòm de tout tribi, lang, pèp, ak nasyon.
10Ou te fè nou vin wa ak prèt yo
a Bondye nou an;
epi nou va renye sou tè a.”
11Alò, mwen te gade, e mwen te tande vwa a anpil zanj ki te antoure twòn nan, kreyati vivan yo ak ansyen yo. An kantite yo a te dè miryad e dè miryad, epi dè milye e dè milye, 12k ap pale avèk yon vwa fò: “Dign se Jèn Mouton ki te touye a, pou resevwa pwisans, richès, sajès, pouvwa, lonè, laglwa, ak benediksyon.”
13Epi tout bagay ki kreye nan syèl la, sou tè a, anba tè a, ak sou lanmè a, e tout bagay ladann yo, mwen te tande yo t ap di: “A Sila ki chita sou twòn nan, e a Jèn Mouton an, benediksyon, lonè, glwa, ak lafòs, pou tout tan e pou tout tan! Amen!”
14Epi kat kreyati vivan yo te kontinye ap di “Amen.” Epi lansyen yo te vin tonbe ba pou adore.
Did you know?
The Lamb Worthy to Open the Scroll
- One of the elders tells the weeping narrator not to weep, because the Lion of the tribe of Judah, the Root of David, has triumphed to open the scroll and its seven seals. The entry on David calls him Beloved and identifies him as the eighth and youngest son of Jesse, a citizen of Bethlehem, who tended his father's sheep on the uplands of Judah.Sources: the Bible text itself · David
- What is seen next is not a lion but a Lamb that appeared to have been slain, standing in the center of the throne, with seven horns and seven eyes. The vision itself says that those horns and eyes represent the seven Spirits of God sent out into all the earth.Sources: the Bible text itself
- When the Lamb takes the scroll, the four living creatures and the twenty-four elders fall down before him; each has a harp, and they hold golden bowls full of incense, which the passage identifies as the prayers of the saints. The new song says that he was slain and that by his blood he purchased for God those from every tribe, tongue, people, and nation.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org