Revelation 4
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Apre bagay sa yo, mwen te gade, e vwala, yon pòt ki louvri nan syèl la. Premye vwa m te tande a te tankou son yon twonpèt k ap pale avè m, ki t ap di: “Monte isit la, e mwen va montre ou sa ki dwe rive apre bagay sa yo.”
2La menm, mwen te nan Lespri a. Epi gade byen, yon twòn te kanpe nan syèl la, e yon moun te chita sou twòn nan. 3Epi Sila ki te chita a te gen aparans yon pyè jasp ak yon sadwàn. Konsa, te gen yon lakansyèl ozanviwon de twòn lan, ak aparans yon emwòd. 4Ozanviwon de twòn lan se te venn-kat twòn: epi ozanviwon de twòn yo, mwen te wè venn-kat ansyen yo chita, abiye an vètman blan, e kouwòn an lò sou tèt yo. 5Sòti nan twòn nan se te gwo kout ekleraj, gwo son loraj, ak gwo kout tonnè. Konsa, te gen sèt lanp dife ki t ap brile devan twòn nan, ki se sèt Lespri Bondye yo. 6Epi devan twòn nan, te gen yon bagay tankou yon lanmè glas kristal. Nan mitan e ozanviwon de twòn lan, kat kreyati vivan ranpli avèk zye pa devan kou pa dèyè. 7Premye kreyati a te tankou yon lyon, dezyèm kreyati a te tankou yon ti towo bèf, twazyèm kreyati a te gen yon figi tankou yon moun, e katriyèm kreyati a te tankou yon èg k ap vole anlè. 8Epi kat kreyati vivan yo, yo chak avèk sis zèl, ranpli avèk zye toutotou e anndan. San repo, lajounen kon lannwit, yo pa t sispann di: “Sen, sen, sen, se Senyè a, Bondye a, Toupwisan an, ki te la, ki la, e ki va vini an.”
9Lè kreyati vivan yo fin bay glwa, lonè ak remèsiman a Sila ki chita sou twòn lan, a Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, 10venn-kat ansyen yo tonbe devan Sila ki chita sou twòn lan pou adore Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, e yo jete kouwòn yo devan twòn lan, pandan y ap di: 11“Dign se Ou Menm, Senyè nou, e Bondye nou an, pou resevwa glwa, lonè ak pwisans; paske Ou te kreye tout bagay, e akoz volonte Ou, yo te egziste e te kreye.”
Did you know?
The Throne and Its Worship
- The chapter opens as the narrator looks and sees a door standing open in heaven. The voice he had already heard, sounding like a trumpet, calls him to come up and be shown what must happen afterward; at once he is in the Spirit and sees a throne, with someone seated on it who looks like jasper and carnelian, ringed by a rainbow that gleams like an emerald.Sources: the Bible text itself
- The text itself explains one image: the seven torches of fire burning before the throne are the seven Spirits of God. Lightning, rumblings, and thunder come from the throne, and before it lies something like a sea of glass, clear as crystal.Sources: the Bible text itself
- Four living creatures surround the throne, like a lion, a calf, a human face, and an eagle in flight. Each has six wings and is covered with eyes, and day and night they never stop declaring the Lord God Almighty holy. Whenever they give glory, twenty-four elders in white, with golden crowns, fall down, cast their crowns before the throne, and call the One seated there worthy because he created all things and by his will they exist.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org