Nations Bible

Revelation 22

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Answit, li te montre m yon rivyè dlo lavi a, klè tankou kristal, ki t ap vini sòti nan twòn Bondye a ak Jèn Mouton an, 2nan mitan lari li a. Sou chak bò larivyè a, se te pyebwa lavi a, ki pote douz kalite fwi, ki bay fwi li chak mwa. Epi fèy pyebwa yo te pou gerizon a nasyon yo.

3P ap gen madichon ankò. Twòn a Bondye a ak Jèn Mouton an va ladan l, e sèvitè Li yo va sèvi Li. 4Yo va wè figi Li, e non Li va sou fon yo.

5Epi p ap gen lannwit ankò. Yo p ap gen bezwen ni limyè a yon lanp ni limyè solèy la, paske Senyè a, Bondye va klere yo. Yo va renye pou tout tan e pou tout tan.

6Konsa, Li te di mwen: “Pawòl sa yo fidèl e vrè”. Senyè a, Bondye a tout lespri pwofèt yo, te voye zanj Li pou montre sèvitè li yo bagay ki dwe rive nan yon ti tan tou kout.

7“Gade byen, Mwen ap vini vit. Beni se sila ki prete atansyon a pawòl pwofesi ki nan liv sila a.”

8Alò, Mwen, Jean, se sila ki te tande e wè bagay sa yo. Konsa, lè m te tande e wè yo, mwen te tonbe nan pye a zanj ki te montre m bagay sa yo pou adore l.

9Men, li te di mwen: “Pa fè sa! Mwen se yon sèvitè parèy a ou menm, frè ou ki te pwofèt yo, ak sila ki prete atansyon a pawòl de liv sa a. Olye sa, adore Bondye.” 10Epi li te di mwen: “Pa sele pawòl pwofesi a liv sila a, paske tan an pwòch. 11Kite sila ki fè mal la, kontinye fè mal. Kite sila ki sal la, kontinye sal. Kite sila ki dwat la, kontinye pratike ladwati. E kite sila ki sen an, kontinye kenbe tèt li sen.

12“Gade byen, Mwen ap vini vit! Rekonpans Mwen va avè M, pou rann a chak moun selon sa li te fè. 13Mwen se Alfa a ak Omega a, premye a ak dènye a, kòmansman an ak lafen an.”

14Beni se sila ki lave vètman yo, pou yo kapab gen dwa nan pyebwa lavi a, e kapab, pa pòtay yo, antre nan vil la.

15Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.

16“Mwen, Jésus, te voye zanj Mwen an pou temwaye a ou menm bagay sa yo pou legliz yo. Mwen se rasin ak ras David la, zetwal briyan nan maten an.”

17Lespri a ak lamarye a di: “Vini”. Kite sila ki tande a di: “Vini!” Kite sila ki swaf la vini. Kite sila ki vle pran dlo lavi san frè a vini.

18Mwen temwaye a tout sila ki tande pawòl a pwofesi liv sila a: si yon moun ajoute nan yo, Bondye va ajoute a li menm tout fleyo ki ekri nan liv sila a. 19Epi si yon moun retire nan pawòl a liv pwofesi sila a, Bondye va retire pati pa l nan pyebwa lavi ak vil sen an ki ekri nan liv sila a.

20Sila ki temwaye a bagay sa yo di: “Wi, Mwen ap vini vit.”

Amen. Vini, Senyè Jésus.

21Gras Senyè a Jésus avèk nou tout. Amen.

Did you know?

The city of life and the Lord who is coming

  • The angel shows a river of the water of life, clear as crystal, flowing from the throne of God and of the Lamb down the middle of the city’s main street, with a tree of life on either side bearing twelve kinds of fruit, a fresh crop each month, and leaves for the healing of the nations. The chapter also says there will no longer be any curse or night, for the Lord God will shine on his servants, and they will reign forever and ever.Sources: the Bible text itself
  • Jesus calls himself the Root and the Offspring of David, and the bright Morning Star. The entry on David introduces him as Beloved, the eighth and youngest son of Jesse, a citizen of Bethlehem, whose early work was tending his father’s sheep on the uplands of Judah.Sources: the Bible text itself · David
  • The speaker says, “I am John, who heard and saw these things,” and tells how he fell down to worship at the feet of the angel who had shown them to him. The angel refused, calling himself a fellow servant with John and with John’s brothers the prophets, and with those who keep the words of this book, and said, “Worship God!”Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.