Revelation 20
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Answit, mwen te wè yon zanj ki t ap desann sòti nan syèl la, ki te gen kle abim nan ak yon gwo chèn nan men l.
2Li te pran dragon an, sèpan ansyen an, ki se dyab la, Satan, e li te mare li pou mil ane. 3Li te jete li nan labim. Li te fèmen li e te mete so li sou li, pou li pa t kab twonpe nasyon yo ankò, jiskaske mil ane yo fini. Apre bagay sa yo, li oblije vin lage pou yon ti tan.
4Answit mwen te wè twòn yo ak sa yo ki te chita sou yo. Konsa, jijman te vin bay a yo menm. Mwen te wè nanm a sila ki te dekapite akoz temwayaj a Jésus yo, e akoz pawòl Bondye a: Sila ki pa t adore bèt la oubyen imaj li a, e ki pa t resevwa mak la sou fon yo ak men yo. Sila yo te vin retounen a lavi pou renye avèk Kris pandan mil ane.
5Rès mò yo pa t retounen a lavi jiskaske mil ane yo fini. Sa se premye rezirèksyon an. 6Beni e sen se sila ki gen yon pati nan premye rezirèksyon an. Sou sila yo, dezyèm lanmò a pa gen pouvwa, men yo va touprè a Bondye e a Kris, e va renye avèk Li pandan mil ane yo.
7Lè mil ane yo vin fini, Satan va lage soti nan prizon li an, 8epi li va soti pou twonpe nasyon ki nan kat kwen latè yo, Gog avèk Magog, pou rasanble yo ansanm pou lagè a. An kantite, yo va tankou sab ki bò lanmè. 9Yo te monte vini sou gwo sifas latè a, e te antoure kan a sen yo ak vil byeneme a. Konsa, dife te desann sòti nan syèl la, e te devore yo.
10Epi dyab la ki te twonpe yo a te jete nan lak dife ak souf la, kote bèt la ak fo pwofèt la ye tou. Yo va toumante lajounen kon lannwit, pou tout tan e pou tout tan.
11Konsa, mwen te wè yon gwo twòn blan, ak Sila ki te chita sou li a. De prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale. Pa t gen plas pou yo.
12Mwen te wè mò yo, gran kon piti, vin kanpe devan twòn nan. Yo te ouvri liv yo. Epi yon lòt liv te ouvri, ki se liv lavi a, e mò yo te jije selon bagay ki te ekri nan liv yo, selon zèv yo. 13Lanmè a te bay mò ki te ladann yo. Lanmò ak sejou lanmò yo te bay mò ki te ladann yo. Yo te vin jije, yo chak selon zèv pa yo.
14Answit, lanmò ak sejou lanmò yo te jete nan lak dife a. Sa se dezyèm lanmò a, lak dife a.
15Si non a nenpòt moun pa t twouve ekri nan liv lavi a, li te jete nan lak dife a.
Did you know?
A Thousand Years and the Great White Throne
- The figure bound for a thousand years is called the dragon, that ancient serpent, the devil, and Satan. Satan means adversary or accuser, and in the New Testament the name is used interchangeably with Diabolos, or the devil; Easton's Bible Dictionary (1897) notes that he is also called the dragon and the old serpent in Revelation 12:9 and 20:2.Sources: Satan · the Bible text itself
- When the thousand years are complete, the nations assembled for battle are named Gog and Magog. In Genesis, Magog is the second of the sons of Japheth; in Ezekiel, Gog leads a hostile host from the north country, and Magog is a nation that Easton's Bible Dictionary (1897) describes as probably a Scythian or Tartar people, skilled horsemen and experts with the bow.Sources: Magog · Gog · the Bible text itself
- Jerome, cited by Easton's Bible Dictionary (1897), took Magog to mean fierce and innumerable Scythian nations living beyond the Caucasus and Lake Maeotis, near the Caspian Sea and onward toward India. The same entry treats the vision of Gog and Magog in Revelation 20:8 as, in substance, a reannouncement of Ezekiel's prophecy, and regards proposed links with the Maccabees' wars against Antiochus, with the Chaldeans, or with the Turks as unsatisfactory and inadequate.Sources: Magog · Magog · Gog
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Gog · Today: Lydia · 38.488, 28.040 · verse 8
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org