Revelation 18
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Apre bagay sa yo, mwen te wè yon lòt zanj k ap desann sòti nan syèl la, avèk gwo otorite, e tè a te byen klere avèk glwa li. 2Epi li te kriye avèk yon gwo vwa, e t ap di: “Tonbe, tonbe, se Babylone Le Gran! Li gen tan vini yon kote pou dyab rete, ak yon prizon pou tout kalite lespri sal, e yon prizon pou tout kalite zwazo sal e abominab. 3Paske tout nasyon yo te bwè diven a pasyon imoralite li a, wa latè yo te komèt zak imoralite avè l, e machann latè yo te vin rich avèk richès sansyalite li yo.”
4Mwen te tande yon lòt vwa soti nan syèl la ki t ap di: “Sòti kite li, pèp mwen an, pou nou pa patisipe nan peche li yo e resevwa fleyo li yo. 5Paske peche li yo anpile vin menm wotè ak syèl la, e Bondye sonje tout inikite li yo. 6Remèt li menm jan li te bay la, e ba li anretou de fwa selon zèv li yo. Nan gode ke li te fè melanj lan, fè melanj lan otan de fwa pou li. 7Nan degre ke li te bay tèt li glwa a e viv nan sansyalite a, nan menm degre a, toumante l, e ba li doulè. Paske li di nan kè li: “Mwen chita tankou yon rèn, mwen pa yon vèv, mwen p ap janm wè doulè.” 8Pou rezon sa a, nan yon jou, fleyo li yo va vini; lapès, lapèn ak gwo grangou. E li va brile avèk dife, paske Senyè Bondye ki jije li a, pwisan.
9“Epi wa latè yo ki te komèt zak imoralite e ki te viv selon lachè avè l yo, va kriye e lamante sou li lè yo wè lafimen monte pandan l ap brile a. 10Y ap kanpe a yon distans akoz de pè a toumant li an, e y ap di:” ‘Malè, malè, gran vil, Babylone nan, vil ki fò a! Paske, nan yon èdtan, jijman ou gen tan rive.’
11“Konsa, machann latè yo kriye e lamante sou li paske pèsòn pa achte machandiz yo ankò. 12Machandiz lò, ajan, pyè presye, pèl, ak len fen, koulè mov, twal swa, wouj, tout kalite bwa sitwon ak tout kalite ivwa, tout atik ki fèt ak bwa ki koute chè, bwonz, fè, ak wòch mab. 13Epi kanèl, epis, lansan, pafen, lwil doliv, farin fen, ble, bèf, mouton, ak kago bato cheval, cha, esklav, ak lavi moun.
14“Fwi nou anvi yo disparèt, tout bagay ki te swa, chè oswa ekstrawòdinè yo te pase kite nou e moun p ap twouve yo ankò. 15Machann a bagay sa yo, ki te vin rich akoz gran vil sa a va kanpe a yon distans akoz perèz toumant li an, yo va kriye e lamante. 16Yo va di: “Malè, malè, gran vil la, sila ki te abiye an len fen, mov e wouj la, ki te anbeli ak lò, pyè presye, ak pèl yo; 17Paske nan yon èdtan, gran richès sa a gen tan vin gaspiye!” Epi tout kaptenn bato ak tout pasaje, tout maren e tout sila ki fè lavi yo nan travay lanmè yo, te kanpe a yon distans.
18“E yo t ap kriye anmwey lè yo te wè lafimen dife li a, e t ap di: “Ki vil ki tankou gran vil sila a?” 19Konsa, yo te jete pousyè sou tèt yo e t ap rele fò, kriye, lamante e t ap di: “Malè, malè a gran vil sa a, ladann tout moun ki te gen bato sou lanmè yo te vin rich pa richès li, paske nan yon èdtan, li vin gaspiye nèt!” 20“Rejwi sou li, o syèl, e nou menm, sen, apot ak pwofèt yo, paske Bondye te pwononse jijman pou nou kont li.”
21Answit, yon zanj pwisan te pran yon gwo wòch tankou yon wòch moulen. Li te voye l nan lanmè a e te di: “Konsa, gran vil la, Babylone, va jete avèk vyolans, e li p ap twouve ankò. 22Konsa, son sila k ap jwe ap yo, mizisyen yo, sila k ap jwe flit ak twonpèt yo p ap tande nan ou ankò. P ap ankò gen moun okenn metye k ap twouve nan ou ankò. Ni bri moulen an p ap tande nan ou. 23Menm limyè a yon lanp p ap briye nan ou, e vwa jennonm ak jenn fi k ap marye yo p ap tande nan ou ankò.
“Paske machann ou yo te gwo moun sou latè, epi tout nasyon yo te twonpe pa wanga ou a. 24Nan li menm te twouve san a pwofèt ak sen yo, ak tout sila ki te touye sou latè yo.”

Did you know?
The fall of Babylon the great
- “Babylon” in this chapter is the Greek form of the name Babel. A Bible dictionary gives the Semitic form as Babilu, meaning “The Gate of God,” and notes that Assyrian tablets call it “the city of the dispersion of the tribes.” The same entry places the city on the Euphrates, about two hundred miles above that river’s junction with the Tigris.Sources: Babylon · the Bible text itself
- The chapter shows Babylon’s wealth through the people who profited from her. Kings who lived in luxury with her, and shipmasters, sailors, and others who made their living from the sea, stand at a distance and weep as they see the smoke of the fire that consumes her. Merchants mourn because no one is left to buy their cargo, which runs from gold, purple, silk, and spices to cattle, horses, chariots, and slaves and souls of men.Sources: the Bible text itself
- The fall is pictured as sudden and final. In her heart the city says she sits as a queen, is not a widow, and will never see grief, yet the chapter says death, grief, and famine come in one day and she is consumed by fire, while those watching from afar cry that the disaster has come in a single hour. A mighty angel hurls into the sea a stone the size of a great millstone and declares that Babylon will be thrown down with the same violence, never to be seen again; music, craftsmen’s work, the sound of a millstone, lamplight, and the voices of a bride and bridegroom all cease.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org