Revelation 17
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Youn nan sèt zanj ki te gen sèt gode yo te vini. Li te pale avè m e te di: “Vini isit la! Mwen va montre ou jijman a gran pwostitiye ki chita sou anpil dlo yo, 2avèk sila a wa latè yo te vin komèt zak imoralite. Tout sila ki demere sou latè yo te fè vin sou avèk diven imoralite li a.”
3Li te pote mwen lwen nan Lespri a nan yon dezè. Mwen te wè yon fanm ki te chita sou yon bèt wouj, plen ak non blasfèm, ki te gen sèt tèt ak dis kòn. 4Fanm nan te abiye an mov ak wouj, e te dekore avèk lò, pyè presye, ak pèl. Nan men l, li te gen yon gode an lò, ranpli ak abominasyon, de tout bagay sal de imoralite li yo. 5Sou fon li, te ekri yon non: MISTÈ: “BABALONE LE GRAN, MANMAN A PWOSTITIYE AK ABOMINASYON SOU LATÈ YO”.
6Konsa, mwen te wè fanm nan sou avèk san a sen yo, e avèk san a temwen Jésus yo. Lè mwen te wè l, mwen te etone anpil.
7Zanj lan te di mwen: “Poukisa ou etone? Mwen va di ou mistè a fanm nan ak bèt ki pote li a, sila ki gen sèt tèt ak dis kòn yo. 8Bèt ke ou te wè, li te ye a, li pa la, e li prè pou sòti nan labim nan pou ale nan destriksyon. Epi sila ki rete sou latè yo, ke non yo pa ekri nan liv lavi a depi nan fondasyon mond lan, va etone lè yo wè bèt la jan li te ye, jan li pa la, ak jan li va vini an.
9“Men panse ki gen sajès la. Sèt tèt yo se sèt mòn kote fanm nan chita yo. 10Yo se sèt wa. Senk te tonbe, youn la toujou, e lòt la poko vini, epi lè l vini, li dwe rete pou yon ti tan. 11Bèt ki te ye a, e ki pa la a, li se yon uityèm tou, e youn nan sèt yo. L ap wale nan destriksyon.
12“Dis kòn ke ou te wè yo, se dis wa ki poko janm resevwa wayòm yo, men yo resevwa otorite tankou wa, ansanm avèk bèt la pandan yon èdtan. 13Sa yo gen yon sèl bi, e yo va bay pouvwa yo ak otorite a bèt la. 14Sila yo va fè lagè kont Jèn Mouton an, e Jèn Mouton an va venk yo, paske Li se Senyè dè senyè e Wadèwa. Konsa, sila ki avè l yo se sila ki gen apèl, ki chwazi e ki fidèl.
15“Ankò, li te di mwen: “Dlo ke ou te wè, kote pwostitiye a chita a, se pèp yo, foul yo, nasyon yo, ak lang yo. 16Epi dis kòn ke ou te wè yo, ansanm ak bèt la, sa yo va rayi pwostitiye a e yo va fè l vin dezole, e toutouni, epi yo va manje chè li e brile li avèk dife.
17“Paske Bondye te mete nan kè yo pou fè volonte L avèk bi ke yo gen ansanm nan, e pou bay wayòm pa yo a bèt la, jiskaske pawòl Bondye yo ta vin akonpli.
18“Fanm ke ou te wè a se gran vil la, ki renye sou wa latè yo.”
Did you know?
The mystery of Babylon the Great
- A mysterious name is written on the woman's forehead: Babylon the Great, mother of prostitutes and of the abominations of the earth. The angel explains that the woman is the great city that rules over the kings of the earth.Sources: the Bible text itself
- A place entry records Babylon as the Greek form of Babel, and the Semitic form Babilu as meaning "The Gate of God." It also says that in Assyrian tablets the name means "the city of the dispersion of the tribes." The same entry places the city on the Euphrates, about two hundred miles above that river's junction with the Tigris.Sources: Babylon
- The angel interprets images in the vision. The waters where the prostitute sits are peoples, multitudes, nations and tongues. The seven heads are seven mountains on which the woman sits; the passage also speaks of seven kings, and the ten horns are ten kings who have not yet received a kingdom.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Babylon · Today: Rome · 41.892, 12.485 · verse 5
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org