Revelation 14
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Answit, mwen te gade! Vwala, Jèn Mouton an te kanpe sou Mòn Sion. Ansanm avèk li, te gen san-karant-kat-mil, ki pote non L ak non a Papa Li, ekri sou fon yo.
2Mwen te tande yon son soti nan syèl la, tankou son anpil dlo ak son a gwo kout tonnè. Vwa ke m tande a te tankou sila k ap jwe ap yo. 3Epi yo te chante yon chan tounèf devan twòn nan, devan kat kreyati vivan yo ak ansyen yo. E pèsòn pa t kapab aprann chan an, eksepte san-karann-kat-mil ki te achte, soti sou tè a. 4Sa yo se sila ki pa t souye pa fanm yo, paske se vyèj yo ye. Sa yo se sila ki swiv Jèn Mouton an tout kote Li ale. Sa yo te achte pami lòm kòm premye fwi pou Bondye, e pou Jèn Mouton an. 5Epi manti pa t twouve nan bouch yo; yo te san repwòch.
6Epi mwen te wè yon lòt zanj ki t ap vole nan mitan syèl la, avèk yon levanjil etènèl pou preche a sila ki viv sou latè yo, a tout nasyon, tribi, langaj, ak pèp.
7Konsa, li te di avèk yon vwa fò: “Gen lakrent pou Bondye, e ba Li glwa, paske lè jijman Li an gen tan vini. Adore Sila ki te fè syèl la, tè a, lanmè a, ak sous dlo yo.”
8Yon lòt zanj, yon dezyèm, te swiv, e t ap di: “Tonbe, tonbe, gran Babylone nan, Sila ki te fè tout nasyon yo bwè diven pasyon imoralite li a.”
9Answit, yon lòt zanj, yon twazyèm, te swiv yo e t ap di avèk yon vwa ki fò: “Si yon moun adore bèt la avèk limaj li a, e resevwa yon mak sou fon li oubyen sou men l, 10li osi va bwè nan diven kòlè Bondye a, ki melanje nèt nan tas kòlè Li a. Konsa, li va toumante avèk dife ak souf nan prezans a zanj sen yo, ak nan prezans a Jèn Mouton an. 11Lafimen toumant yo ap monte pou tout tan e pou tout tan. Yo p ap gen repo ni lajounen ni lannwit, sila yo ki adore bèt la avèk imaj li a, ak nenpòt moun ki resevwa mak non li an.
12Men isit, pèseverans a sen ki kenbe kòmandman Bondye yo avèk lafwa yo nan Jésus.
13“Mwen te tande yon vwa ki sòti nan syèl la ki t ap di: “Ekri, ‘Beni se mò ki mouri nan Senyè a depi koulye a!’”:
“Wi”, di Lespri a, “pou yo kapab repoze de travay yo, paske zèv pa yo ap swiv yo.”
14Answit, mwen te gade, e vwala, yon nwaj blan, epi chita sou nwaj la, se yon moun tankou yon fis a Lòm, avèk yon kouwòn an lò sou tèt li ak yon kouto digo byen file nan men li.
15Konsa, yon lòt zanj te vini sòti nan tanp lan, e t ap kriye nan yon vwa fò a Sila ki te chita sou nwaj la: “Mete kouto digo a ladann pou rekòlte, paske lè rekòlt la rive. Mwason latè a mi.”
16Answit, Sila ki te chita sou nwaj la te voye kouto digo a sou sifas tè a, epi tè a te rekòlte.
17Yon lòt zanj te sòti nan tanp ki nan syèl la, e li menm tou te gen yon kouto digo byen file.
18Konsa, yon lòt zanj ankò, sila ki gen pouvwa sou dife a, te sòti nan lotèl la. Li te rele avèk yon vwa fò a sila ki te gen kouto digo file a. Li te di: “Mete kouto digo file ou a ladann. Ranmase grap sou pye rezen latè yo, paske fwi li yo mi.”
19Zanj lan te voye kouto digo li a sou tè a. Li te ranmase grap sou pye rezen tè yo, e te jete yo nan gwo pèz diven kòlè Bondye a. 20Konsa, basen pèz diven an te foule anba pye deyò vil la, e san te sòti nan pèz diven an, rive nan brid cheval la pou yon distans de twa-san kilomèt.

Did you know?
The Lamb on Zion, Babylon's fall, and the harvest
- In this vision the Lamb stands on Mount Zion with 144,000 who have his name and his Father's name written on their foreheads. Mount Zion was the south-eastern hill of Jerusalem, one of the heights on which the city was built; it rose 105 feet above Mount Moriah and was surrounded by deep valleys on every side except the north. David took it from the Jebusites, built a citadel and a palace there, and it became known as the city of David.Sources: the Bible text itself · Mount Zion
- A second angel announces that Babylon the great has fallen, the one who made all the nations drink the wine of the passion of her immorality. Babylon is the Greek form of Babel; the Semitic name Babilu means “The Gate of God,” and in the Assyrian tablets it means “The city of the dispersion of the tribes.” The city stood on the Euphrates, about 200 miles above that river's junction with the Tigris.Sources: the Bible text itself · Babylon
- The chapter closes with two harvests. One like the Son of Man, with a golden crown and seated on a white cloud, swings a sharp sickle because the crop of the earth is ripe. Another angel gathers the ripe grapes from the vine of the earth and throws them into the great winepress of God's wrath, trodden outside the city.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org