Revelation 13
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Dragon an te kanpe sou sab lanmè a. Mwen te wè yon bèt ki sòti nan lanmè a, avèk dis kòn, ak sèt tèt. Sou kòn li yo, te gen dis kouwòn, e sou tèt li te gen non blasfematè yo. 2Bèt ke m te wè a te tankou yon leyopa. Pat li yo te tankou pat a yon lous, e bouch li te tankou bouch a yon lyon. Konsa, dragon an te ba li pouvwa li a, twòn li an, ak gran otorite. 3Mwen te wè youn nan tèt li yo kòmsi li te fin touye, e blese fatal li a te fin geri.
Tout latè te etone, e yo te swiv bèt la. 4Yo te adore dragon an paske li te bay otorite a bèt la, epi yo te adore bèt la. Yo t ap di: “Kilès ki tankou bèt la, e kilès ki kapab fè lagè avè l?”
5Li te resevwa yon bouch pou pale pawòl ki awogan yo avèk blasfèm, e li te resevwa otorite pou aji pandan karann-de mwa. 6Li te ouvri bouch li ak blasfèm yo kont Bondye, pou blasfeme non Li ak tabènak Li a, ak sila ki rete nan syèl yo. 7Pouvwa a te osi bay a li menm pou fè lagè avèk sen yo, e pou venk yo. Epi otorite sou chak tribi, pèp, lang, ak nasyon, te vin bay a li menm.
8Tout moun ki viv sou tè a va adore l, tout moun ke non yo pa ekri depi nan fondasyon mond lan, nan liv lavi a Jèn Mouton ki te touye a.
9Si yon moun gen yon zorèy, kite l tande. 10Si yon moun gen pou ale an kaptivite, an kaptivite li prale. Si yon moun dwe touye avèk nepe, avèk nepe, li va touye. Se konsa ak lafwa ak pèseverans a sen yo.
11Answit, mwen te wè yon lòt bèt ki t ap vin sòti anba tè a. Li te gen de kòn tankou yon jenn mouton, e li te pale tankou yon dragon.
12Li egzèse tout otorite a premye bèt la nan prezans li. Epi li fè tè a avèk sila ki rete ladann yo adore premye bèt, ki te gen blese fatal ki te geri a. 13Li fè gwo sign, jis pou fè dife sòti nan syèl la rive sou tè a devan prezans a moun yo. 14E li twonpe sila ki viv sou latè yo, akoz gwo sign ki te bay a li menm pou fè nan prezans a bèt la. Li pale ak sila ki viv sou latè yo pou yo fè yon imaj a bèt ki te gen blese nepe a, e ki te viv.
15Konsa, pouvwa a te bay a li menm pou bay souf a imaj bèt la, pou imaj a bèt la ta kapab menm pale e fè tout sila ki refize adore bèt la touye. 16Konsa, li koze tout moun, piti kon gran, rich kon malere, moun lib kon esklav, vin resevwa yon mak sou men dwat oswa sou fon yo, 17pou pèsòn pa kapab ni achte ni vann, eksepte sila ki pote mak la, ki se non a bèt la oswa chif non li an.
18Men sajès. Kite sila ki gen bon konprann nan, kalkile chif a bèt la, paske chif la se sa ki pou yon moun. E chif li a se sis-san-swasann-sis.
Did you know?
Two Beasts, Worship, and the Number 666
- The first beast rises out of the sea with seven heads and ten horns, with ten royal crowns on the horns and blasphemous names on the heads. It is like a leopard, with the feet of a bear and the mouth of a lion, and the dragon gives it his power, his throne, and great authority.Sources: the Bible text itself
- One of the heads appears to be mortally wounded, but the mortal wound is healed, and the whole world marvels and follows the beast. People worship the dragon who gave the beast its authority, and they worship the beast; it is allowed to speak arrogant blasphemies and to act for forty-two months, to wage war against the saints and conquer them, and to hold authority over every tribe, people, tongue, and nation.Sources: the Bible text itself
- A second beast rises from the earth with two horns like a lamb, but it speaks like a dragon and exercises all the authority of the first beast. Through great signs, even fire coming down from heaven, it deceives earth's inhabitants into making an image of the beast that was wounded by the sword and yet lived, and it requires all people, small and great, rich and poor, free and slave, to receive a mark on the right hand or the forehead so that no one can buy or sell without it. The chapter calls for wisdom to calculate the beast's number, the number of a man: 666.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org