Psalms 76
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
Pou direktè koral la; sou enstriman ak kòd
Yon Sòm Asaph, yon Chanson
1Bondye byen rekonèt nan Juda.
Non Li gran an Israël.
2Tabènak Li a nan Salem.
Abitasyon Li an osi nan Sion.
3La, Li te kase flèch dife yo,
boukliye ak nepe ak zam lagè yo.
4Ou manyifik, pi majeste pase mòn
ak bèt lachas yo.
5Sila ak gran kouraj yo te piyaje,
yo te fonse tonbe nan dòmi mò a.
Okenn nan gèrye yo ka sèvi men yo.
6Nan repwòch Ou, O Bondye Jacob,
ni chevalye yo ak cheval la te tonbe nan yon pwofon somèy.
7Ou menm, Ou merite lakrent.
Se kilès ki kab kanpe nan prezans Ou lè Ou fache?
8Ou te fè jijman tande soti nan syèl la.
Latè te krent, e te kanpe rete an plas
9lè Bondye te leve nan jijman an,
pou sove tout enb sou latè yo. Tan
10Paske kòlè a lòm va bay Ou glwa.
Se retay kòlè pa W, ki sispann fè mal.
11Fè ve Ou yo a SENYÈ a, Bondye Ou a e akonpli yo.
Kite tout sila ki antoure Li yo
mennen don a Sila ki merite lakrent lan.
12Li va koupe retire nanm a prens yo.
Wa latè yo gen lakrent Li.
Did you know?
God's Victory and Dwelling in Zion
- Psalm 76 is part of a collection of psalms (Psalms 50 and 73–83) attributed to Asaph, a Levite musician and seer who led choral worship during the reign of King David.Sources: Asaph (Levite) · the Bible text itself
- The psalm pairs the names Salem and Zion as the dwelling place of God. Salem is an ancient name commonly understood to refer to Jerusalem, while Zion was the elevated hill where David established his citadel.Sources: Salem · Zion · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Salem · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 2
- Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 2
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org