Nations Bible

Psalms 75

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

Pou direktè koral la; pou jwe a melodi “Pa Detwi”

Yon Sòm Asaph, yon Chanson

1Nou bay remèsiman a Ou menm, O Bondye,

Nou bay remèsiman, paske Non Ou toupre.

Moun yo fè deklarasyon zèv mèvèy Ou yo.

2“Lè Mwen menm fikse yon tan ki apwente,

Mwen va jije avèk jistis.

3Latè avèk tout sa ki ladann souke.

Se Mwen menm ki kenbe pilye li yo.” Tan

4Mwen te di a awogan yo: “Pa vin ògeye!”

A mechan an: “Pa leve kòn nan.

5Pa leve kòn ou anwo.

Pa pale kou rèd avèk ògèy ensolan.”

6Paske ni sòti nan lès, ni nan lwès,

ni bò kote dezè a,

kab gen fòs pou leve moun anwo;

7Men Bondye se jij la.

Li fè yon moun desann,

e li leve yon lòt fè l wo.

8Paske gen yon tas nan men SENYÈ a,

e diven an ap kimen.

Li byen mele e Bondye vide fè l sòti ladann.

Anverite, tout mechan yo oblije bwè l jis rive nan dènye ti gout li.

9Men pou mwen, mwen va deklare sa, jis pou tout tan.

Mwen va chante lwanj a Bondye Jacob la.

10Tout kòn a mechan yo, Mwen va koupe fè yo sòti nèt.

Men kòn a moun ladwati yo va leve wo.

Did you know?

God the Righteous Judge

  • Psalm 75 belongs to a collection of psalms (Psalms 50 and 73–83) attributed to Asaph, a Levite and master musician who served as one of King David's choir leaders and was also described as a seer.Sources: Asaph (Levite) · the Bible text itself
  • The psalm employs vivid imagery to depict divine sovereignty and justice: raising a horn represents arrogant power, while a cup filled with foaming, spiced wine drained to the dregs symbolizes full judgment poured out upon the wicked.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.