Nations Bible

Proverbs 3

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an,

men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;

2paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo

va vin ogmante sou ou.

3Pa kite dousè ak verite kite ou.

Mare yo antoure kou ou.

Ekri yo sou tablo kè ou.

4Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon

nan men Bondye a, ak moun.

5Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

6Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

7Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;

krent SENYÈ a e vire kite mal.

8Li va sèvi kon yon gerizon pou kò ou,

ak rafrechisman a zo ou.

9Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo;

ak premye pati nan tout prodwi ou,

10pou depo ou yo kab vin plen ak abondans,

e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf.

11Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a,

ni rayi repwòch Li,

12Paske sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li,

jis tankou yon papa konn korije

fis nan sila li pran plezi a.

13A la beni nonm ki twouve sajès,

e nonm ki vin genyen bon konprann nan beni!

14Paske avantaj li pi bon ke avantaj ajan,

e pwofi li pi bon ke lò fen.

15Li pi presye pase bijou;

e okenn lòt bagay ke ou ta dezire pa kab konpare avèk li.

16Lavi ki long va trouve nan men dwat li.

Nan men goch li se richès ak lonè.

17Chemen li yo byen dous,

e tout pa li yo se lapè.

18Li se yon pyebwa lavi a sila ki pran l yo,

e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.

19SENYÈ a ak sajès te fonde latè a;

ak bon konprann Li te etabli syèl yo.

20Ak konesans Li, fon yo te vin ouvri,

e syèl yo te vin degoute lawouze.

21Fis mwen an, pa kite yo vin disparèt devan zye ou;

kenbe bon sajès ak bon konprann.

22Konsa yo va lavi pou nanm ou

ak dekorasyon pou kou ou.

23Konsa, ou va mache nan chemen ou ak sekirite,

e pye ou p ap chape.

24Lè ou kouche ou p ap pè;

kouche ou ak dòmi ou va byen dous.

25Pa pè gwo laperèz ki parèt sibitman,

ni atak a mechan an lè l vini.

26Paske Bondye va konfyans ou,

e va veye pye ou pou l pa pran nan pyèj.

27Pa refize fè byen a sila ki merite l yo,

si se nan kapasite ou pou fè l.

28Pa di vwazen ou: “Ale e retounen pita”,

oswa “Demen, m ap bay ou”, lè l deja nan men w.

29Pa kalkile mal kont vwazen ou

pandan l ap viv an sekirite akote ou.

30Pa fè kont ak yon nonm san koz,

depi li pa konn fè ou tò.

31Pinga ou gen anvi a yon nonm vyolan,

ni pa chwazi chemen li yo.

32Moun pèvès se yon abominasyon a SENYÈ a;

men SENYÈ a vin toupre a sila yo ki dwat yo.

33Malediksyon SENYÈ a sou kay mechan yo,

men Li beni abitasyon a moun dwat yo.

34Li moke moun k ap moke,

men Li bay gras a sila ki aflije yo.

35Saj yo va resevwa gran respè kon eritaj,

men moun plen foli yo va dezonore.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Trust, Wisdom, and Neighborly Ethics

  • Proverbs 3 portrays wisdom as a treasure surpassing silver, fine gold, and rubies. She is personified holding long life in her right hand and riches and honor in her left, serving as a tree of life to those who embrace her.Sources: the Bible text itself
  • The chapter reflects ancient agrarian life by linking religious devotion to the offering of the firstfruits of the harvest. Honoring the Lord with one's wealth is described as leading to barns filled with plenty and vats overflowing with new wine.Sources: the Bible text itself
  • The text outlines practical community ethics, warning against delaying help to a neighbor until tomorrow when one already has the means to assist today. It also cautions against plotting harm or making baseless accusations against a neighbor who lives nearby in trust.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.