Proverbs 2
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo,
e gade kòmandman mwen yo nan kè ou,
2e fè zòrèy ou atantif a sajès;
e enkline zòrèy ou vè bon konprann,
3wi, si ou leve vwa w pou sajès;
e leve vwa ou vè bon konprann;
4si ou chache li kon ajan,
e fè rechèch dèyè li kon trezò ki kache;
5nan lè sa a, ou va dekouvri lakrent SENYÈ a,
e dekouvri konesans Bondye a.
6Paske, SENYÈ a bay sajès.
Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.
7Li mete sajès nan depo pou moun dwat la.
Li se boukliye pou sila ki mache ak entegrite yo,
8K ap veye chemen lajistis yo,
e pwoteje chemen a fidèl Li yo.
9Konsa, ou va dekouvri ladwati ak jistis,
e menm egalite avèk tout bon chemen yo.
10Paske, sajès va antre nan kè ou,
e konesans va fè ou alèz jis rive nan nanm ou.
11Bon konprann va pwoteje ou,
konesans va veye sou ou,
12pou pwoteje ou kont chemen mal la,
kont lòm ki pale bagay pèvès yo.
13Kont sila ki kite chemen ladwati yo
pou mache nan chemen fènwa yo;
14ki pran plezi nan fè sa ki mal
e rejwi nan mechanste mal la.
15Chemen a sila ki vin kwochi yo
e ki vin gaye kò yo nan tout sa yo fè.
16Pou delivre ou soti nan men fanm etranje a,
soti nan men fanm adiltè ki flate ak pawòl li;
17ki kite konpanyen jenès li a,
e ki bliye akò a Bondye li;
18paske lakay li mennen a lanmò
e tras a pla pye li yo rive kote mò yo.
19Pèsòn ki ale kote li menm, pa retounen ankò,
ni yo pa jwenn pa lavi.
20Akoz sa a, ou va mache nan chemen a sila ki bon yo,
e swiv tras a moun ladwati yo.
21Paske moun dwat yo va viv nan peyi a,
e sila ki san tò yo va rete ladann;
22men mechan yo va koupe retire nèt de peyi a,
e moun trèt yo va dechouke de li.
Did you know?
The Protection and Reward of Wisdom
- The chapter compares the pursuit of understanding to searching for buried treasure and mining for silver, emphasizing that acquiring wisdom requires deliberate effort, listening, and earnest seeking.Sources: the Bible text itself
- Wisdom and discretion are presented as protective guardians that shield a person from two specific dangers: corrupt men who walk in darkness, and the unfaithful woman who forsakes the covenant of her youth.Sources: the Bible text itself
- The poem concludes with a covenantal contrast concerning the land, stating that the upright will dwell securely in it while the wicked and unfaithful will be uprooted.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org