Proverbs 21
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Kè a wa a se tankou kanal dlo nan men SENYÈ a;
Li vire l kote Li vle.
2Chemen a yon moun bon nan pwòp zye li;
men SENYÈ a peze kè yo.
3SENYÈ a pito ladwati ak lajistis
plis pase sakrifis.
4Zye ki leve wo ak kè ki plen ògèy;
lanp a mechan yo se peche.
5Plan a dilijan an mennen byen si, vè avantaj;
men tout moun ki aji san reflechi va, san dout, vin pòv.
6Ranmase anpil byen ak lang k ap bay manti
se yon vapè k ap sove ale, k ap kouri dèyè lanmò.
7Vyolans a mechan yo va trennen yo fè yo pati,
akoz yo refize aji ak jistis.
8Chemen a yon moun koupab kwochi;
men pou sila ki san tach la, kondwit li dwat.
9Li pi bon pou viv nan ti kwen sou twati a
pase nan yon kay ak yon fanm k ap fè kont tout tan.
10Nanm a mechan an vle mal;
vwazen li an pa twouve gras nan zye l.
11Lè mokè a vin pini, moun san konprann nan vin saj;
men lè moun saj la enstwi, li resevwa konesans.
12Lè sila ki dwat, pran an konsiderasyon kay mechan an,
afè mechan an vin detwi nèt.
13Sila ki fèmen zòrèy li a kri aflije a,
va vin kriye pou kont li, men li p ap jwenn repons.
14Yon kado vèse an sekrè kalme fachez,
e yon anba tab ki glise rive, bese gwo kòlè.
15Aplike lajistis se yon plezi pou moun dwat;
men se yon gwo laperèz pou malfektè inikite yo.
16Yon nonm egare ki kite chemen bon konprann nan,
va jwenn repo nan asanble mò yo.
17Sila ki renmen plezi, va vin pòv;
sila ki renmen diven ak lwil, p ap janm rich.
18Mechan an se yon ranson pou moun dwat yo;
e sila ki fè trèt la pou sila ki kanpe dyanm.
19Li pi bon pou rete nan dezè
pase viv ak yon fanm k ap agase moun tout tan.
20Gen bèl trezò ak lwil nan abitasyon a moun saj la;
men, moun san konprann nan vale tout.
21Sila ki swiv ladwati ak fidelite a
jwenn lavi, ladwati ak lonè.
22Yon nonm saj monte sou miray vil pwisan,
e fè tonbe sitadèl la ki te bay yo konfyans.
23Sila ki veye bouch li ak lang li
pwoteje nanm li kont gwo twoub.
24Ògèy, Monte Tèt Wo, Mokè;
men tit a sila ki aji nan ògèy ak ensolans yo.
25Se volonte a parese a ki fè l mouri,
paske men li refize travay;
26Gen moun tout lajounen k ap anvi yon bagay,
pandan moun dwat yo ap vèse bay san rete.
27Sakrifis mechan yo abominab;
se konbyen anplis, lè l pote ak movèz fwa.
28Yon fo temwen va peri;
men sila ki koute verite a va pale ak letènite.
29Moun mechan an afiche yon figi brav;
men pou moun ladwati a, chemen li an sèten.
30Nanpwen sajès, ni bon konprann, ni konsèy kont SENYÈ a.
31Cheval la prepare pou jou batay la;
men viktwa a se nan men SENYÈ a.

Did you know?
Divine Sovereignty and Just Living
- Proverbs 21 emphasizes that divine sovereignty governs human power and conflict, declaring that a king's heart is directed like a water channel by the LORD and that victory in battle belongs to God rather than war horses.Sources: the Bible text itself
- The chapter places ethical conduct above ritual observance, teaching that practicing righteousness and justice is more desirable to the LORD than offering sacrifice.Sources: the Bible text itself
- The proverbs contrast steady diligence with hasty and lazy behaviors, noting that careful plans bring abundance while haste and the refusal to work lead to poverty.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org