Nations Bible

Proverbs 20

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Diven se yon mokè, e bwason fò fè goumen rive nan tenten;

nenpòt moun ki vin sou pa li, pa saj.

2Laperèz a wa a se tankou gwo vwa lyon k ap rele fò;

sila ki fè l fache va pèdi lavi l.

3Rete lwen konfli ak rayisman, e ou va gen respè;

alò, nenpòt moun ensanse ka fè yon kont.

4Parese a pa laboure tè nan sezon otòn;

akoz sa li mande charite pandan rekòlt la, e li p ap gen anyen.

5Yon plan nan kè moun se tankou dlo fon;

men yon nonm ak bon konprann rale l fè l sòti.

6Gen anpil moun ki pwomèt fidelite;

men kibò pou jwenn yon nonm onèt?

7Yon nonm dwat ki mache nan entegrite l;

A la beni fis ki vini apre li yo beni!

8Yon wa ki chita sou twòn lajistis

fè tout mal sove ale ak pwòp zye l.

9Se kilès ki kapab di: “Mwen te netwaye kè m;

mwen vin pirifye de tout peche m?”

10Balans ki pa ojis ak mezi ki pa ojis;

tou de abominab a SENYÈ a.

11Menm yon timoun vinrekonèt pa zèv li;

si li aji byen e si kondwit li dwat.

12Zòrèy ki tande ak zye ki wè;

se SENYÈ a ki te fè tou de.

13Pa renmen dòmi, sinon ou va vin malere;

ouvri zye ou e ou va satisfè ak manje.

14“Pa bon, pa bon”, di sila k ap achte a;

men lè l fè wout li, li pale kè l kontan.

15Gen lò ak tout kalite bijou;

men lèv plen konesans se pi bèl bagay.

16Lè l sèvi garanti pou yon enkoni, pran manto li;

epi pou fanm andeyò a, fè papye pwosè vèbal pou sa li pwomèt la.

17Pen konn twouve nan bay manti dous;

men pita, bouch la plen gravye.

18Fè tout plan ak konsiltasyon;

fè lagè ak konsèy saj.

19Sila ki difame moun devwale sekrè;

pou sa a, pa asosye ou ak moun ki mache bouch ouvri.

20Sila ki modi papa li oswa manman li an,

lanp li va etenn nan tan fènwa.

21Yon eritaj ranmase vit nan kòmansman a, p ap beni nan lafen.

22Pa di: “M ap rekonpanse mechanste”;

tann SENYÈ a, e Li va sove ou.

23Pwa ki pa ojis ak mezi ki pa ojis;

tou de abominab a SENYÈ a.

24Pa a yon nonm regle pa SENYÈ a;

konsa, kijan yon nonm kab vin konprann chemen li?

25Se yon pèlen pou yon nonm ta di avèk enpridans:

“Sa sen!” e aprè ve yo fèt, pou fè ankèt.

26Yon wa ki saj va vannen mechan yo

e fè wou moulen pase anwo yo.

27Lespri a lòm se lanp SENYÈ a,

ki chache pati ki pi entim nan li yo.

28Fidelite ak verite prezève wa a,

e ladwati bay twòn li an soutyen.

29Glwa a jèn yo se fòs yo,

e lonè a granmoun yo se cheve blan yo.

30Kout fwèt ki blese fè disparèt mechanste;

li frape rive nan pati pi fon yo.

Did you know?

Wisdom for Conduct, Commerce, and Justice

  • Proverbs 20 highlights practical ethics in the ancient marketplace, condemning deceptive trading tools like unequal weights and dishonest scales. It also vividly captures the common practice of haggling, where a buyer disparages an item as worthless only to brag about the bargain afterward.Sources: the Bible text itself
  • The passage draws on ancient farming life to teach diligence, noting that someone who refuses to plow in season will find nothing to harvest. In agrarian societies, failing to prepare the soil at the right time directly threatened a family's sustenance.Sources: the Bible text itself
  • The text uses the imagery of an agricultural threshing wheel to illustrate how a wise ruler separates out the wicked. While kings held formidable judicial power, the proverb notes that a throne is fundamentally preserved through loving devotion and faithfulness.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.