Nations Bible

Numbers 5

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2Kòmande fis Israël yo pou yo voye fè kite kan an chak moun lalèp ak tout sila ki gen ekoulman yo, oswa chak moun ki pa pwòp akoz a yon moun mouri. 3“Nou va voye ale ni gason, ni fanm. Nou va voye yo deyò kan an pou yo pa konwonpi kan pa yo a, kote Mwen rete nan mitan yo a.” 4Fis Israël yo te fè sa, e yo te voye yo deyò kan an; jis jan ke SENYÈ a te pale avèk Moïse la, se konsa ke fis Israël yo te fè.

5Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 6“Pale avèk fis Israël yo: ‘Lè yon nonm, oswa yon fanm fè yon lòt mal, aji avèk mank lafwa kont SENYÈ a, e moun sa a koupab, 7alò, li va konfese peche ke li te fè yo; li va peye pou tò ke li te fè a, li va peye yon senkyèm nan valè donmaj la anplis, e li va bay sa a sila ke li te fè tò a. 8Men si nonm nan pa gen relasyon pou resevwa pèyman, pèyman ki fèt pou tò a, li va oblije ale bay SENYÈ a pou prèt la, ansanm avèk belye ekspiyatwa ki pou fè ekspiyasyon pou li a. 9Tout don ki apatyen a kado sen a fis Israël yo, ke yo ofri a prèt la, va pou li. 10Konsa kado a chak moun va pou li; nenpòt bagay ke nenpòt moun bay a prèt la, li va vin pou li.’”

11Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 12“Pale avèk fis Israël yo e di yo: ‘Si madanm a yon nonm vin vire, e li vin enfidèl anvè li, 13epi yon lòt gason vin antre nan li, epi si sa kache a zye mari li, sa rete an kachèt, malgre ke li te konwonpi tèt li, men pa gen temwayaj kont li ni li pa t kenbe nan zak la, 14si yon espri jalouzi vin antre sou nonm nan, e si li jalou pou madanm li, e li te konwonpi tèt li a, oswa si yon espri jalouzi vin sou li e li jalou lè li pa t vrèman konwonpi tèt li, 15mesye a, alò, va mennen madanm li devan prèt la. Konsa, li va mennen kòm ofrann pou li yon dizyèm efa nan lòj moulen an. Li pa pou vide lwil sou li, ni mete lansan sou li, paske li se yon ofrann sereyal de jalouzi, yon ofrann sereyal pou sonje, pou pa bliye inikite.

16“‘Alò, prèt la va mennen li vin toupre li, e fè l kanpe devan SENYÈ a. 17Prèt la va pran dlo sen an nan yon veso fèt an ajil. Li va pran kèk nan poud ki atè nan tabènak la, e li va mete nan dlo a. 18Konsa, prèt la va fè fanm nan kanpe devan SENYÈ a, kite très cheve tèt a fanm nan vin desann, mete ofrann sonje a nan men li, ki se ofrann sereyal jalouzi a, pandan prèt la kenbe dlo anmè ki pote madichon an. 19Prèt la va fè fanm nan sèmante. Li va di li: “Si nanpwen gason ki te kouche avèk ou, si ou pa t vin vire pou antre nan sa ki pa pwòp, alò akoz ou anba otorite mari ou, rete san afekte pa dlo anmè sa a ki mennen yon madichon. 20Sepandan, si ou te vin vire, akoz ou anba otorite mari ou, si ou te konwonpi tèt ou, e yon lòt gason ki pa mari ou te kouche avèk ou,” 21(alò, prèt la va fè fanm nan fè sèman madichon an, e prèt la va di a fanm nan): “Ke SENYÈ a fè ou modi, yon madichon pami pèp ou a lè SENYÈ a fè kwis ou vin pouri pou disparèt, e vant ou vin anfle; 22epi dlo sa a ki pote yon madichon va antre nan vant ou, fè vant ou anfle e fè kwis ou vin pouri e disparèt.” Konsa, fanm nan va di: “Amen, Amen.” 23Epi prèt la va ekri madichon sa yo sou yon woulo papye, e li va lave fè yo sòti nan dlo anmè a. 24Epi li va fè fanm nan bwè dlo anmè ki pote madichon an, pou dlo ki pote madichon an kab antre nan li e li va fè l vin anmè. 25Prèt la va pran ofrann sereyal pou jalouzi a nan men fanm nan, e li va balanse li devan SENYÈ a pou mennen li vè lotèl la. 26Konsa, prèt la va pran yon men plen nan ofrann sereyal la kòm ofrann tout moun sonje, li va ofri li anlè nan lafimen sou lotèl la, e apre, li va fè fanm nan bwè dlo a. 27Lè li fin fè li bwè dlo a, alò li va vin rive, ke si li te konwonpi tèt li, li pa t kenbe bòn fwa avèk mari li, ke dlo ki mennen madichon an kab antre nan li pou fè l vin anmè a, vant li va vin anfle, kwis li va vin pouri, e fanm nan va devni yon madichon pami pèp li a. 28Men si fanm nan pa t konwonpi tèt li e li te pwòp, li va, alò, lib e li va fè pitit.

29“‘Sa se lalwa jalouzi a: lè yon fanm, anba otorite mari li, vin vire e konwonpi tèt li, 30oswa lè yon espri jalouzi vin sou yon mesye, e li vin jalou pou madanm li. Li va, alò, fè fanm nan kanpe devan SENYÈ a, e prèt la va aplike tout lwa sa a anvè li. 31Anplis, mesye a va lib, san koupabilite, men fanm nan va pote koupabilite pa li a.’”

Did you know?

Purity of the Camp and the Law of Jealousy

  • To keep the camp ritually pure where God dwelt among the people, anyone with an infectious skin disease, a bodily discharge, or defilement from contact with a dead body was sent outside the camp.Sources: the Bible text itself
  • When a person committed a sin against another, confession was required alongside full restitution plus an additional one-fifth of the value to the wronged person or their relative, or to the priest if no relative existed.Sources: the Bible text itself
  • The grain offering brought for a wife suspected of unfaithfulness was made of barley flour without oil or frankincense, marking it specifically as an offering of memorial to bring suspected wrongdoing to light.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.