Numbers 4
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron. Li te di: 2Fè yon chif kontwòl a desandan Kehath yo pami fis Levit yo, selon fanmi pa yo, e selon lakay papa pa yo, 3soti nan trantan oswa plis, menm jiska senkantan; tout moun ki antre nan sèvis pou fè travay a Tant Asanble a.
4Sa se travay a desandan a Kehath yo nan Tant Asanble a, selon bagay ki sen pase tout bagay yo. 5Lè kan an pati, Aaron avèk fis li yo va antre ladann. Yo va fè desann vwal rido a, e yo va kouvri lach temwayaj la avèk li. 6Yo va kouvri li avèk po dofen, ouvri sou li yon twal, koulè ble pi, e pase fè poto antre nan wondèl yo.
7Sou tab a pen Prezans lan, yo va osi ouvri yon twal ble. Yo va mete sou li asyèt avèk bonm yo ak veso pou fè sakrifis yo, bokal pou ofrann bwason an, ak pen k ap la tout tan an, va sou li. 8Yo va kouvri yo avèk yon twal wouj, yo va kouvri li avèk yon po dofen, e yo va fè poto yo antre pase nan wondèl yo.
9Yo va pran yon twal ble, e yo va kouvri chandelye a pou limyè a, ansanm avèk lanp pa li yo, touf yo, asyèt li yo, ak veso lwil li yo, avèk sa yo konn okipe li yo. 10Yo va mete tout zouti li yo nan yon kouvèti po dofen, e yo va mete li nan poto ki fèt pou pote a.
11Sou lotèl an lò a, yo va mete yon twal ble. Yo va kouvri li avèk yon kouvèti po dofen, e yo va fè pase antre poto li yo nan wondèl yo. 12Yo va pran tout zouti a sèvis yo avèk sila yo fè sèvis nan sanktyè a. Yo va mete yo nan yon twal ble, kouvri yo avèk yon kouvèti po dofen, e mete yo sou ankadreman an.
13Yo va retire sann dife ki sou lotèl la, e yo va kouvri lotèl la avèk yon twal mov. 14Yo va anplis mete sou li tout zouti li yo avèk sila yo sèvi e ki gen korespondans avèk li; veso dife yo, fouch avèk pèl yo, ak basen yo, tout zouti lotèl la. Epi yo va fè l kouvri avèk yon po dofen, e fè poto li yo pase antre.
15Lè Aaron avèk fis li yo fin kouvri bagay sen yo avèk tout sa ki founi sanktyè yo, lè kan an prèt pou sòti, apre sa, fis Kehath yo va vini pou pote yo; men fòk yo pa touche bagay sen yo pou yo pa mouri. Sa yo se bagay nan Tant Asanble a ke fis Kehath yo va pote.
16Devwa a Éléazar, fis a Aaron an, prèt la, se lwil pou limyè a, lansan santi bon an, ofrann sereyal ki pa janm sispann nan ak lwil onksyon an—lesansyèl tabènak la avèk tout sa ki ladann yo, sanktyè a avèk sa ki founi li yo.
17SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron. Li te di: 18Pa kite tribi a Kehath yo vin koupe retire pami Levit yo. 19Men fè sa ak yo pou yo kapab viv, e pou yo pa mouri lè yo vin pwoche bagay ki sen pase tout bagay yo: Aaron avèk fis li yo va antre bay yo chak travay pa yo, avèk chaj yo; 20men yo pa pou antre pou wè sa ki sen an, menm pou yon moman, oswa yo va mouri.
21SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 22“Pran yon chif kontwòl nan fis Guerschon yo selon lakay papa pa yo, ak papa fanmi pa yo; 23soti nan trantan oswa plis jiska senkantan, ou va konte yo; tout moun ki antre pou fè sèvis, pou fè travay nan Tant Asanble a.
24“Sa se sèvis a fanmi Gèchonit yo, pou sèvi e pou pote: 25Yo va pote rido a tabènak la, Tant Asanble a avèk kouvèti li, kouvèti po dofen ki sou li a, ak rido pòtay a Tant Asanble a, 26bagay pandye ki sou galeri a, rido a ki pou pòtay galeri a ki antoure tabènak la avèk lotèl la, kòd pa yo avèk tout bagay ki pou sèvis la; epi tout sa ki gen pou fèt, se yo ki pou fè l. Yo va sèvi andedan. 27Tout sèvis a fis Gèchonit yo, nan tout chaj ak tout travay yo, yo va fèt selon kòmand Aaron avèk fis li yo. Ou va dirije yo selon devwa yo nan tout chaj yo. 28Sa se sèvis a fanmi Gèchonit yo nan Tant Asanble a, e devwa yo va anba direksyon a Ithamar, fis a Aaron, prèt la.
29“Selon fis Merari yo, ou va konte yo pa fanmi yo, pa lakay papa pa yo; 30soti nan trantan oswa plis jis rive nan laj senkantan, ou va konte yo, yo chak ki antre pou fè sèvis Tant Asanble a. 31Alò, se sa ki devwa pou chaj pa yo, pou tout sèvis pa yo nan Tant Asanble a: planch a tabènak la avèk travès li yo, pilye li yo avèk baz reseptikal yo, 32pilye ki antoure galeri a ak baz reseptikal pa yo, pikèt ak kòd yo, avèk tout bagay pou sèvi ladann yo. Ou va chwazi chak moun pa non li, pou bagay ke li gen pou pote yo. 33Sa se sèvis fanmi a fis Merari yo selon tout sèvis pa yo nan Tant Asanble a, anba direksyon a Ithamar, fis a Aaron, prèt la.”
34Alò, Moïse ak Aaron avèk chèf asanble yo te konte fis Koatit yo selon fanmi yo e selon lakay a papa pa yo, 35soti nan trantan anplis menm pou rive nan senkantan, tout sila ki te antre sèvis pou travay nan Tant Asanble a. 36Mesye pa yo ki te konte pa fanmi pa yo se te de-mil-sèt-san-senkant (2,750). 37Sila yo se mesye yo ki te konte pami fis Koatit yo, tout sila ki t ap sèvi nan Tant Asanble a, ke Moïse avèk Aaron te konte selon kòmandman SENYÈ a, selon Moïse.
38Mesye konte pa fis Gèchonit yo pa fanmi pa yo e pa lakay fanmi pa yo, 39soti nan trantan oswa plis menm jiska laj senkantan, tout sila ki te antre nan travay nan Tant Asanble a. 40Mesye ki te konte pa fanmi pa yo, pa lakay papa pa yo se te de-mil-sis-san-trant (2,630). 41Sila yo se mesye ki te konte nan fanmi a fis Guerschon yo, tout sila ki te sèvi nan Tant Asanble a, ke Moïse avèk Aaron te konte selon kòmandman a SENYÈ a.
42Mesye konte nan fanmi a fis Merari yo pa fanmi pa yo, pa lakay papa pa yo, 43soti nan trantan oswa plis, jis rive nan laj senkantan, tout moun ki te antre nan sèvis pou fè travay nan Tant Asanble a. 44Mesye ki te konte pa fanmi pa yo se te twa-mil-de-san (3,200). 45Sila yo se mesye ki te konte nan fanmi a fis Merari yo, ke Moïse avèk Aaron te konte selon kòmandman SENYÈ a, selon Moïse.
46Tout mesye konte a Levit yo, ke Moïse avèk Aaron ak chèf Israël yo te konte selon fanmi yo e selon lakay a papa pa yo, 47soti nan trantan oswa plis jiska senkantan, tout moun ki te konn antre pou fè travay sèvis ak travay pote nan Tant Asanble a. 48Mesye konte yo te ui-mil-senk-san-katreven (8,580).
49Selon kòmandman SENYÈ a, selon Moïse, yo te konte, yo chak selon sèvis oswa pote yo te fè. Konsa sila yo se te mesye ki te konte yo, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
Did you know?
Duties and Transport of the Tabernacle
- The Levite workforce, consisting of men between thirty and fifty years of age, was organized by clan. The Kohathites carried the sacred furnishings, the Gershonites transported the curtains and coverings, and the Merarites were responsible for the heavy structural frames, crossbars, posts, and bases.Sources: the Bible text itself · Gershon · Kohath · Merari
- Strict safeguards protected the holy objects during transit. Aaron and his sons had to wrap each sacred item in colored cloths and fine leather before the Kohathites approached, as looking at or touching the uncovered holy items was punishable by death.Sources: the Bible text itself
- Administrative oversight was divided between Aaron's two surviving sons. Eleazar was responsible for the holy items, oil, and incense, while Ithamar directed the Gershonite and Merarite clans in handling the tent fabrics and structural materials.Sources: the Bible text itself · Eleazar · Ithamar
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org