Nations Bible

Numbers 24

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Lè Balaam te wè ke sa te fè SENYÈ a plezi pou beni Israël, li pa t ale tankou lòt fwa yo pou chache wanga, men li te fikse figi li vè dezè a. 2Konsa, Balaam te leve zye li anwo, li te wè Israël ki t ap fè kan, tribi pa tribi; epi Lespri Bondye te vini sou li.

3Li te reprann diskou li e te di:

“Pòt pawòl a Balaam nan, fis a Beor a,

Pòt pawòl a nonm ki gen zye louvri a;

4Pòt pawòl a sila ki koute pawòl a Bondye yo,

ki wè vizyon Toupwisan an, ki t ap tonbe,

men zye li gen tan vin debouche.

5Ala tant nou yo bèl, O Jacob,

ak abitasyon nou yo, O Israël!

6Tankou vale ki vin ouvri byen laj,

tankou jaden ki bò kote rivyè yo,

tankou plan lalwa ki plante pa SENYÈ a,

tankou bwa sèd ki bò kote dlo yo.

7Dlo yo va koule nan bokit li yo,

e jèm desandan li yo va bò kote anpil dlo.

Wa li a va pi wo pase Agag, e wayòm li a va vin egzalte.

8Bondye mennen l sòti an Égypte.

Li pou li tankou kòn a yon bèf mawon.

Li va devore nasyon ki advèsè li yo.

Li va kraze zo yo an mòso,

Li va kraze yo avèk flèch li yo.

9Li koube ba, li kouche tankou yon lyon;

tankou yon manman lyon.

Se kilès ki kab tante deranje l?

Beni se tout moun ki beni ou,

e modi se tout moun ki modi ou.”

10Konsa, kòlè Balak te brile kont Balaam. Li frape men l ansanm; epi li te di a Balaam: “Mwen te rele ou pou modi lènmi mwen yo, men gade, ou te pèsiste nan beni yo menm twa fwa sa yo! 11Pou sa, kouri ale nan plas ou koulye a. Mwen te di ke mwen ta onore ou anpil, men gade byen, SENYÈ a te anpeche ou resevwa onè a.”

12Balaam te di a Balak: “Èske mwen pa t di mesaje ke ou te voye kote mwen yo: 13ke menm si Balak te ban mwen kay li plen avèk ajan ak lò, ke m pa t kab fè anyen kontrè ak lòd SENYÈ a, kit bon kit mal nan pwòp volonte pa m. Sa ke SENYÈ a pale a, se sa mwen va pale? 14Epi koulye a, veye byen, mwen ap prale kote pèp mwen an. Vini, mwen va bay ou konsèy sou sa ke pèp sa a va fè a pèp pa ou a nan jou k ap vini yo.”

15Li te reprann diskou li e te di:

“Pòt pawòl a Balaam nan, fis a Beor a,

e pòt pawòl a nonm avèk zye louvri a di,

16Li di ki tande pawòl Bondye yo,

ki gen konesans a Trè Wo a,

ki wè vizyon a Toupwisan an,

k ap tonbe, men ak zye li ki gen tan fin ouvri.

17Mwen wè li, men pa koulye a.

Mwen gade l, men pa toupre.

Yon zetwal va sòti nan Jacob.

Yon baton a wa va leve sòti an Israël.

Li va kraze travèse fwon Moab la,

e li va dechire tout fis a Seth yo.

18Édom va yon posesyon pou li.

Séir, lènmi li, osi, va yon posesyon pou li,

pandan Israël ap aji avèk gwo kouraj.

19Youn ki soti nan Jacob va gen tout pouvwa,

li va detwi retay lavil la.”

20Li te gade Amalec. Li te reprann diskou li e li te di:

“Amalec se te premye nan nasyon yo,

men lafen li pi lwen se destriksyon.”

21Epi li te gade Kenizyen an, li te reprann diskou li e li te di:

“Kote ou rete a, gen andirans.

Nich kote ou chita nan falèz la.

22Malgre, Cain va gate nèt,

jis lè Asiryen yo pote nou ale an kaptif?”

23Epi li te vin reprann diskou li. Li te di:

“Ay, kilès ki ka viv lè Bondye fè sa a?

24Men gwo bato yo va sòti nan kòt Kittim.

Yo va pini Asiryen yo, yo va aflije Éber.

Men li menm tou va vin detwi.”

25Konsa, Balaam te leve e te pati pou retounen nan plas li, e Balak osi te al fè wout li.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Balaam's Final Oracles

  • Unlike his previous attempts, Balaam did not resort to sorcery before his third oracle, but turned toward the wilderness. When he looked out and saw Israel encamped tribe by tribe, the Spirit of God came upon him to pronounce a blessing rather than a curse.Sources: the Bible text itself · Balaam
  • Balaam's oracles refer to Agag and Amalek, a nomadic tribe dwelling between the Dead Sea and the Red Sea whose rulers bore the name Agag. Although Amalek was described as first among the nations, Balaam foretold its eventual destruction.Sources: the Bible text itself · Agag · Amalek
  • In his final prophecy, Balaam looked to the distant future, foretelling a star coming from Jacob and a scepter from Israel that would crush Moab and take possession of Edom, the rugged mountainous region also called Seir.Sources: the Bible text itself · Jacob (Israel) · Edom · Seir

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Egypt · 30.129, 31.308 · verse 8
  • Moab · Today: Moab 1 · 31.181, 35.701 · verse 17
  • Edom · 30.746, 35.604 · verse 18
  • Amalek · 30.648, 34.422 · verses 20, 24
  • Asshur · Today: Assur · 35.457, 43.263 · verses 22, 24
  • Kittim · Today: Cyprus · 35.000, 33.000 · verse 24

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.