Nations Bible

Numbers 23

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, Balaam te di a Balak: “Bati sèt lotèl pou mwen isit la, e prepare sèt towo pou mwen isit la.” 2Balak te fè ojis sa ke Balaam te pale a. Balak avèk Balaam te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.

3Balaam te di a Balak: “Kanpe bò kote ofrann brile pa w la, e mwen va ale. Petèt SENYÈ a va vin rankontre m, e nenpòt sa ke Li montre mwen, mwen va di ou li.” Konsa, li te ale kote yon ti mòn ki pa t gen anyen sou li.

4Bondye te rankontre Balaam, e li te di Li: “Mwen te ranje sèt lotèl yo, e mwen te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.”

5Konsa, SENYÈ a te mete yon pawòl nan bouch Balaam. Li te di: “Retounen kote Balak. Ou va pale konsa.”

6Konsa, li te retounen kote li. E gade byen, Balak te kanpe bò kote ofrann brile li a; li menm avèk tout chèf Moab yo. 7Balaam te pran diskou li, e te di:

“Depi nan Aram, Balak te mennen m,

wa Moab ki soti nan mòn Lès yo.

‘Vin modi Jacob pou mwen.

Vin denonse Israël!’

8Kijan mwen kapab modi,

lè Bondye pa t modi?

Epi kijan mwen kapab denonse

sila ke SENYÈ a pa t denonse?

9“Jan mwen konn wè li soti anwo nan pwent wòch yo,

e mwen gade li depi sou kolin yo.

Gade byen, yon pèp ki rete apa,

ki p ap kab konte pami nasyon yo.

10Kilès ki kab konte pousyè a Jacob,

oswa konte menm yon ka an Israël?

Kite mwen mouri lanmò a jis yo,

pou lafen pa mwen an tankou pa li.”

11Konsa, Balak te di a Balaam: “Kisa ou te fè m konsa? Mwen te pran ou pou modi lènmi mwen yo, e gade byen, ou te vrèman beni yo!”

12Li te reponn: “Èske mwen pa oblije fè atansyon pou pale sa ke SENYÈ a mete nan bouch mwen?”

13Alò Balak te di li: “Souple, vin avèk mwen nan yon lòt kote pou ou ka wè yo. Malgre w ap wè sèlman ti bout a dènye pwent lan, e ou p ap wè tout a yo. Modi yo pou mwen depi la.” 14Konsa, li te pran li rive nan chan Tsophim nan, nan pwent Mòn Pigsa a. Li te bati sèt lotèl e li te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.

15Konsa, li te di a Balak: “Kanpe bò kote ofrann brile ou a, pandan mwen menm, mwen ap rankontre SENYÈ a soti lòtbò.”

16Alò, SENYÈ a te rankontre Balaam e Li te mete yon pawòl nan bouch li. Li te di li: “Retounen jwenn Balak, e konsa ou va pale.”

17Li te vin kote li, e gade byen, li te kanpe bò kote ofrann brile pa li a, epi chèf Moab yo te avèk li. Konsa, Balak te di li: “Kisa SENYÈ a te pale a?”

18Alò, li te pran diskou li. Li te di:

“Leve ou menm, O Balak, pou tande!

Ban m zòrèy ou, O fis a Tsippor!

19Bondye se pa yon nonm ke li ye

pou L ta bay manti,

ni fis a yon nonm pou L ta repanti.

Èske Li pa t pale, e èske Li p ap fè l vre?

20Gade byen, mwen te resevwa lòd pou beni.

Lè se Li menm ki beni,

alò, mwen p ap kab revoke sa.

21Li pa t wè malè nan Jacob,

ni Li pa t wè twoub nan Israël.

SENYÈ a, Bondye li a avè l,

epi gran vwa a yon wa pami yo.

22Bondye mennen yo sòti an Égypte.

Li pou yo tankou kòn sou bèf mawon.

23Paske, nanpwen wanga kont Jacob,

ni pa gen divinasyon kont Israël.

Nan tan etabli a, li va pale a Jacob,

e a Israël de sa Bondye te fè a!

24Gade byen, yon pèp ki leve tankou yon manman lyon,

tankou yon lyon li leve li menm.

Ni li p ap kouche jiskaske li fin devore viktim nan,

pou l bwè san a sila li touye a.”

25Alò, Balak te pale a Balaam: “Pa modi yo ditou, ni pa beni yo ditou!”

26Men Balaam te reponn a Balak: “Èske mwen pa t di ou, ‘Nenpòt sa ke SENYÈ a pale, se sa mwen oblije fè’?”

27Alò Balak te di a Balaam: “Souple, vini; mwen va mennen ou yon lòt kote. Petèt li va agreyab a Bondye pou ou modi yo depi kote sa a.” 28Konsa, Balak te pran Balaam vè tèt mòn Peor ki domine tout dezè a.

29Balaam te di a Balak, “Bati sèt lotèl pou mwen isit la, e prepare sèt towo ak sèt belye pou mwen isit la.” 30Balak te fè jan ke Balaam te di a, e li te ofri yon towo avèk yon belye sou chak lotèl.

Did you know?

Balaam's Oracles of Blessing

  • In his first oracle, Balaam mentions that Balak brought him from Aram in the eastern mountains. According to biblical tradition, Balaam was from Mesopotamia and held a widespread reputation for invoking powerful blessings and curses.Sources: the Bible text itself · Balaam · Aram
  • Seeking a favorable outcome, King Balak led Balaam to different vantage points across Moab, including the Field of Zophim on the summit of Pisgah and the peak of Peor overlooking the wilderness, hoping a different view would allow him to curse Israel.Sources: the Bible text itself · Zophim · Pisgah · Peor
  • At each new location, Balaam instructed Balak to construct seven altars and sacrifice seven bulls and seven rams—one bull and one ram on each altar—before stepping aside to receive an oracle from the Lord.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Moab · Today: Moab 1 · 31.181, 35.701 · verses 6, 7, 17
  • Aram · 33.511, 36.306 · verse 7
  • East · Today: region around Amman · 31.955, 35.934 · verse 7
  • Egypt · 30.129, 31.308 · verse 22
  • Jeshimon · 31.470, 35.223 · verse 28
  • Peor · Today: within 1 km of Khirbet Ayun Musa · 31.777, 35.738 · verse 28

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.