Numbers 13
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 2Voye mesye ki kapab fè espyonaj nan peyi Canaran ke Mwen va bay fis Israël yo. Ou va voye yon nonm sòti nan chak tribi zansèt a papa pa yo, youn nan chèf pami yo.
3Konsa, Moïse te voye yo soti nan dezè Paran an selon kòmand a SENYÈ a. Yo tout te chèf a fis Israël yo.
4Sa yo, alò, se te non yo: soti nan tribi Ruben an, Schammua, fis a Zaccur a; 5soti nan tribi a Siméon an: Schaphath, fis a Hori a; 6pou tribi a Juda a: Caleb, fis a Jephaunné a; 7pou tribi a Issacar a: Jigual, fis a Joseph la; 8pou tribi a Ephraïm nan: Hosée, fis a Nun nan 9pou tribi a Benjamin an: Palthi, fis a Raphu a; 10pou tribi a Zabulon an: Gaddiel, fis a Sodi a; 11pou tribi a Joseph la, tribi a Manassé a: Gaddi, fis a Sisi a; 12pou tribi a Dan nan: Ammiel, fis a Guemalli a; 13pou tribi a Hacer a: Sethur, fis a Micaël la; 14pou tribi a Nephtali a: Nachbi, fis a Vophsi a; 15pou tribi a Gad la: Guéuel, fis a Maki a.
16Sa yo, se non a mesye ke Moïse te voye pou fè espyonaj peyi a. Men Moïse te rele Hosée, fis a Nun nan, Josué. 17Lè Moïse te voye yo espyone peyi Canaan an, li te di yo: “Monte nan negev la; epi monte toujou nan peyi ti kolin yo. 18Kontwole pou wè kijan peyi a ye, si pèp ki rete ladann nan, gen fòs, oswa si yo fèb, e si yo gen anpil, oswa pa anpil moun. 19Kijan tè kote yo viv la ye, kit li bon, oswa pa bon? Epi kijan vil kote yo viv la ye, èske se kan san pwotèj, oswa avèk fò? 20Kijan tè a ye? Èske li rich, oswa pòv? Si gen pyebwa oswa si pa genyen? Epi fè yon efò pou pran kèk nan fwi peyi a.” Alò, se te tan ke premye rezen yo t ap vin mi.
21Se konsa, yo te monte pou te fè espyonaj sou peyi a soti nan dezè a Tsin nan, jis pou rive Rehob, nan chemen Hamath (Lebo-Hamath) lan. 22Lè yo te fin monte Negev, yo te rive Hébron kote Ahiman, Schéschaï ak Talmaï, desandan a Anak yo te ye a. (Alò, Hébron te bati sèt ane avan Tsoan an Égypte.) 23Yo te rive nan vale Eschcol e soti la, yo te koupe yon sèl branch avèk yon sèl grap rezen; epi yo te pote li sou yon poto antre de gason avèk kèk grenad ak pye fig frans. 24Kote sa a te vin rele vale a Eschcol, akoz gwo grap rezen ke fis Israël la te koupe fè desann soti la yo. 25Yo te sòti retounen nan espyonaj peyi a, nan fen karant jou yo. 26Yo te vini vè Moïse avèk Aaron ak tout kongregasyon a fis Israël yo nan dezè Paran an, vè Kadès; epi yo te pote nouvèl la pou di a tout kongregasyon an, e pou te montre yo fwi peyi a. 27Konsa, yo te pale li. Yo te di: “Nou te antre nan peyi kote nou te voye nou an. Vrèman, li koule avèk lèt ak siwo myèl, e sa a se fwi li.
28“Sepandan, pèp ki rete la yo, gen fòs, vil yo byen fòtifye, byen gwo. Anplis, nou te wè desandan Anak yo la. 29Desandan a Amalek yo ap viv nan peyi Negev la, Etyen yo, Jebizyen yo, Amoreyen yo ap viv nan mòn yo, e Kananeyen yo ap viv bò kote lanmè ak bò kote rivyè Jourdain an.”
30Men Caleb te kalme pèp la devan Moïse e te di: “Sètènman, nou dwe monte pran posesyon a peyi a, paske nou va, anverite, konkeri li.”
31Men mesye ki te monte avè l yo te di: “Nou pa kapab monte kont pèp la, paske yo twò fò pou nou.” 32Konsa, yo te livre yon move rapò a fis Israël yo sou peyi kote yo te fè ankèt la. Yo te di: “Peyi kote nou te ale a, nan ankèt sa a, se yon peyi ki devore moun li ye, e tout pèp ke nou te wè ladann yo, se moun ki byen gran. 33La, osi, nou te wè jeyan, fis a Anak yo ki soti nan jeyan yo. Konsa, nou te vin tankou krikèt nan pwòp zye nou ak nan zye pa yo.”

Did you know?
Spying Out the Promised Land
- Moses sent twelve leaders representing the tribes of Israel from the Wilderness of Paran to scout the land of Canaan. The expedition explored the territory for forty days, traveling north from the arid Negev as far as Rehob toward Lebo-hamath.Sources: the Bible text itself · Paran · Negeb · Rehob
- At a valley called Eshcol, the scouts gathered specimens of the fertile land's harvest, including pomegranates, figs, and a single cluster of grapes so heavy that two men carried it on a wooden pole.Sources: the Bible text itself · Brook Eshcol
- Before dispatching the leaders, Moses gave Hoshea son of Nun the name Joshua. Upon returning, Caleb and Joshua encouraged Israel to take the land, while the other scouts reported with fear that the cities were fortified and inhabited by the tall descendants of Anak.Sources: the Bible text itself · Joshua · Caleb · Anak
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Canaan · 32.767, 35.333 · verses 2, 17
- Paran · 30.303, 34.777 · verses 3, 26
- Negeb · 31.245, 34.841 · verses 17, 22, 29
- Zin · Today: Zin Desert · 30.971, 35.325 · verse 21
- Egypt · 30.129, 31.308 · verse 22
- Hebron · Today: Tel Rumeida · 31.525, 35.102 · verse 22
- Zoan · Today: Tanis · 30.977, 31.880 · verse 22
- Amalek · 30.648, 34.422 · verse 29
- Great Sea · Today: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · verse 29
- Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verse 29
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org