Numbers 12
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Marie avèk Aaron te vin pale kont Moïse akoz fanm Koushit ke li te marye a; paske li te marye avèk yon fanm Koushit; 2Konsa, yo te di: “Èske SENYÈ a vrèman te pale sèlman ak Moïse? Èske Li pa t pale ak nou menm tou?” Epi SENYÈ a te tande sa.
3Alò, nonm Moïse la te trè enb, plis pase tout moun ki te sou sifas latè a.
4Sibitman, SENYÈ a te di a Moïse ak Aaron avèk Marie: “Nou twa a, vin sòti nan tant asanble a”. Alò, yo twa a te sòti. 5Epi SENYÈ a te desann nan yon pilye nwaj. Li te kanpe nan pòtay tant asanble a, e Li te rele Aaron avèk Marie. Yo toude te vin avanse. 6Li te di: “Koute pawòl Mwen koulye a: Si gen yon pwofèt pami nou, Mwen, SENYÈ a, Mwen va fè Mwen menm vin rekonèt a li menm nan yon vizyon. Mwen va pale avèk li nan yon rèv. 7Se pa konsa avèk sèvitè Mwen, Moïse. Li fidèl nan tout kay Mwen; 8Avèk li, Mwen pale bouch a bouch, byen klè, pa nan pawòl parabòl, epi li wè fòm SENYÈ a menm. Poukisa, konsa, nou pa t pè pou pale kont sèvitè Mwen an, kont Moïse?”
9Epi kòlè SENYÈ a te brile kont yo, e Li te pati. 10Lè nwaj la te kite tant lan, vwala, Marie te gen lalèp, blan tankou lanèj.
Epi lè Aaron te gade, alò, Marie te gen lalèp. 11Aaron te di Moïse: “O senyè Mwen an! Mwen mande ou souple, pa konte peche sa a kont nou, nan sila nou te aji avèk foli a, ak nan sila nou te peche a. 12O Pa kite chè Marie rete kòm yon timoun ki fenk fèt mouri, ki sòti nan vant manman li avèk chè li mwatye manje!”
13Moïse te kriye fò bay SENYÈ a. Li te di: “O Bondye, geri li, mwen priye Ou!”
14Men SENYÈ a te reponn Moïse: “Si papa li te sèlman krache nan figi li, èske li pa t ap pote wont li pandan sèt jou? Kite li rete fèmen pandan sèt jou deyò kan an. Apre, l ap kapab rantre ankò.” 15Konsa Marie te fèmen deyò kan an pandan sèt jou, e pèp la pa t deplase jiskaske Marie te vin rantre ankò.
16Apre sa a, pèp la te deplase kite Hatséroth pou te fè kan nan dezè Paran an.

Did you know?
Miriam and Aaron Oppose Moses
- The name Hazeroth refers to fenced enclosures, traditionally low stone walls topped with thorny acacia branches to shelter tents and livestock. It was at this encampment that the confrontation over Moses took place before the Israelites moved on to the Wilderness of Paran.Sources: Hazeroth · Paran · the Bible text itself
- Miriam and Aaron were Moses' older siblings and held major leadership roles: Miriam was recognized as a prophetess who led the victory celebration after the Red Sea crossing, and Aaron served alongside Moses from the time of the Exodus.Sources: Miriam · Aaron · the Bible text itself
- The chapter highlights a distinction between standard prophetic revelation, which God gave through visions and dreams, and Moses' unique relationship with God, who spoke with him face to face and plainly rather than in riddles.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Paran · 30.303, 34.777 · verse 16
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org