Nations Bible

Nehemiah 11

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, chèf a pèp yo te rete Jérusalem, men rès pèp la te tire osò pou fè youn nan dis Izrayelit andeyò yo vin rete Jérusalem, nan vil sen an, pandan nèf sou dis te rete nan lòt vil yo. 2Pèp la te beni tout mesye ki te pa volonte yo, vin rete Jérusalem yo.

3Alò, sila yo se chèf an tèt pwovens ki te vin rete Jérusalem yo; men nan vil a Juda yo, chak moun te rete sou pwòp tèren pa l nan vil pa yo—Izrayelit yo, prèt yo, Levit yo, sèvitè tanp yo ak desandan a sèvitè Salomon yo. 4Kèk nan fis a Juda yo avèk kèk nan fis a Benjamin yo te rete Jérusalem. Soti nan fis Juda yo: Athaja, fis a Ozias la, fis a Zacharie, fis Amaria, fis Schephathia, fis a Mahalaleel, fis a Pérets yo; 5epi Maaséja, fis a Barue, fis a Col-Hozé, fis a Hazaja, fis a Adaja a, fis a Jojarib, fis a Zacharie, fis a Schiloni. 6Total fis a Pérets ki te etabli Jérusalem yo te kat-san-swasann-tuit mesye de gran kouraj.

7Men fis a Benjamin yo: Sallu, fis a Meschullam nan, fis a Joëd la, fis a Pedaja, fis a Kolaja a, fis a Maaséja a, fis a Ithiel la, fis a Ésaïe a. 8Epi apre li, Gabbaaï avèk Sallaï, nèf-san-venn-tuit. 9Joël, fis a Zicri a, te chèf yo; epi Juda, fis a Senua a, se te douzyèm chèf lavil la.

10Soti nan prèt yo: Jedaeja, fis a Jojarib la, Jakin, 11Seraja, fis a Hilkija a, fis a Meschullam nan, fis a Tsadok la, fis a Merajoth la, fis a Achithub la, ki te dirije lakay Bondye, 12epi fanmi yo ki te fè travay tanp lan, ui-san-venn-de; epi Adaja, fis a Jerocham nan, fis a Pelalia a, fis a Amtsi a, fis a Zacharie a, fis a Paschhur la, fis a Malkija a, 13epi fanmi yo, chèf lakay papa zansèt yo, de-san-karann-de; epi Amaschasaï, fis a Azareel la, fis a Achazaï a, fis a Meschillémoth la, fis a Immer la, 14avèk frè pa yo, mesye ki plen kouraj, san-venn-tuit. Zabdiel, fis a Guedolim nan, se te chèf yo.

15Alò, soti nan Levit yo: Schemaeja, fis a Haschub la, fis a Azrikam nan, fis a Haschabia a, fis a Bunni an; 16Schabbethaï avèk Jozabad soti nan dirijan Levit yo, ki te sipèvize travay deyò nan lakou lakay Bondye a; 17epi Matthania, fis a Michée a, fis a Zabdi a, fis Asaph ki te responsab ouvri avèk remèsiman a Bondye nan lapriyè a, Bakbukia, dezyèm pami frè li yo e Abda, fis a Schammua a, fis a Galal la, fis a Jeduthun nan. 18Tout Levit yo nèt nan lavil sen an se te de-san-katre-ven-kat.

19Anplis, gadyen pòtay yo, Akkub, Thalmon, avèk frè parèy yo ki te okipe pòtay yo te san-swasann-douz. 20Tout lòt Israël, pami prèt yo ak Levit yo te nan lòt vil Juda yo, yo chak sou pwòp eritaj pa yo. 21Men sèvitè tanp yo te rete nan ti mòn Ophel la, e Tsicha avèk Guischpa te chèf a sèvitè tanp yo.

22Chèf Levit Jérusalem yo te Uzzi, fis a Bani an, fis a Haschabia a, fis a Matthania a, fis a Michée a, pami fis Asaph, ki te chantè pou sèvis lakay Bondye a. 23Paske te gen lòd ki sòti nan wa a de yo menm, ak yon règ manje pou sila ki te dirije chante yo jou apre jou yo. 24Pethachja, fis a Meschézabeel la, nan fis a Zérach yo, fis a Juda a, te reprezante wa a nan tout bagay ki te konsène pèp la.

25Selon vil yo avèk chan pa yo, kèk nan fis a Juda yo te rete Kirjath-Arba avèk bouk pa li yo, nan Dibon avèk landwa ki antoure li a, e Jekabtseel avèk bouk ki te antoure li yo. 26A Jéschua, a Molada, a Beth-Paleth, 27a Hatsar-Schual, a Beer-Schéba avèk bouk pa li yo, 28ak Tsiklag, a Mecona, avèk bouk pa li yo, 29a En-Rimmon, a Tsorea, a Jarmuth, 30a Zanoach, a Adullam ak bouk li yo, Lakis avèk anviwon li, Azéka avèk bouk pa li yo. Konsa, yo te fè anplasman yo soti Beer-Schéba jis rive nan vale Hinnom an. 31Anplis, fis a Benjamin yo te rete soti Guéba ale nèt, a Micmasch, a Ajja, a Béthel, avèk bouk pa li yo, 32a Anathoth, a Nob, a Hanania, 33a Hatsor, a Rama, a Guithaïm, 34a Hadid, a Tseboïm, a Neballath, 35a Lod avèk Ono, vale a ouvriye yo. 36Soti nan Levit yo, kèk nan divizyon Juda yo te rete nan landwa Benjamin an.

Did you know?

Repopulating Jerusalem

  • To repopulate Jerusalem after rebuilding its walls, the community cast lots so that one out of every ten people moved into the holy city, while the rest lived in surrounding towns. Those who willingly volunteered to settle in Jerusalem received a special blessing from the people.Sources: the Bible text itself · Jerusalem
  • The temple servants lived on the hill of Ophel, a promontory on the southern slope of the temple mount situated between the Tyropoeon and Kidron valleys.Sources: the Bible text itself · Ophel
  • While selected families from Judah and Benjamin dwelt inside the city, the rest of the population settled across regional towns stretching southward as far as Beersheba.Sources: the Bible text itself · Beersheba · Benjamin (patriarch)

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 2, 3, 4, 6, 22
  • Second Quarter · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 9
  • Ophel · 31.775, 35.236 · verse 21
  • Hebron · Today: Tel Rumeida · 31.525, 35.102 · verse 25
  • Jarmuth · Today: Tel Yarmuth · 31.708, 34.975 · verse 29
  • Lachish · Today: Tell ed Duweir · 31.565, 34.849 · verse 30
  • Valley of Hinnom · Today: Hinnom Valley · 31.769, 35.228 · verse 30
  • Ramah · Today: Al Ram · 31.854, 35.232 · verse 33
  • Lod · 31.950, 34.900 · verse 35

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.