Matthew 17
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Sis jou pita, Jésus te pran Pierre, Jacques ak frè li, Jean pou kont yo, e te mennen yo sou yon mòn byen wo. 2Konsa, Li te transfòme la devan yo. Figi Li te klere tankou solèy la, e vètman li te vin blanch tankou limyè. 3Epi konsa, gade, yo te wè Moïse ak Elie ki t ap pale avèk Li.
4Pierre te di a Jésus: “Senyè, se bon pou nou isit la. Si Ou vle, m ap fè twa tabènak isit la; youn pou Ou, youn pou Moïse, e youn pou Elie.”
5Pandan Li t ap pale, vwala, yon nwaj byen briyan te kouvri yo. E konsa, yon vwa sòti nan nwaj la e te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an. Avèk Li, Mwen byen kontan. Koute Li!”
6Lè disip Li yo te tande sa, yo te tonbe sou figi yo byen sezi avèk laperèz.
7Jésus te vin kote yo. Li te touche yo, e te di: “Leve, e pa pè.”
8Lè yo leve zye yo, yo pa t wè pèsòn sof ke Jésus ki te la pou kont Li.
9Pandan yo t ap desann mòn nan, Jésus te kòmande yo: “Pa pale pèsòn afè vizyon sila a jiskaske Fis a Lòm nan fin leve soti nan lanmò.”
10Epi disip Li yo te mande L: “E poukisa Skrib yo toujou di ke Elie oblije vini avan?”
11Li te reponn yo: “Elie ap vini e l ap restore tout bagay. 12Men Mwen di nou ke Elie te vini deja, e yo pa t rekonèt li, men yo te fè avè l sa ke yo te pito. Menm jan an, Fis a Lòm nan ap soufri nan men yo.”
13Konsa, disip yo te vin konprann ke Li t ap pale de Jean Baptiste.
14Lè yo rive bò kote foul la, yon mesye te vin tonbe sou jenou devan Li. Li te di L: 15“Senyè, gen pitye pou fis mwen an. Li se yon epileptik; li byen malad. Souvan li tonbe nan dife a, e pafwa menm nan dlo. 16Mwen te pote li bay disip Ou yo, men yo pa t kapab geri li.”
17Jésus te reponn. Li te di: “O jenerasyon enkredil e pèvès; pandan konbyen de tan M ap avèk nou? Pandan konbyen de tan M ap sipòte nou? Mennen li ban Mwen!” 18Jésus te reprimande lespri a. Dyab la te sòti sou li, epi jennonm nan te geri lapoula.
19Konsa, disip yo te vin kote Jésus an prive. Yo te mande L: “Poukisa nou menm pa t kapab chase l?”
20Li te di yo: “Paske lafwa nou tèlman piti. Paske konsa Mwen di nou: Si nou gen lafwa gwosè yon grenn moutad, nou ap di a mòn sa a: ‘Deplase ou isit la, ale la,’epi l ap prale. Nanpwen anyen k ap enposib pou nou. 21Men kalite sila a pa sòti sof ke pa lapriyè, avèk jèn.”
22Pandan yo t ap rasanble Galilée, Jésus te di yo: “Fis a Lòm nan prèt pou livre nan men a lèzòm. 23Yo va touye Li, e Li va leve nan twazyèm jou a.” Yo te byen tris.
24Lè yo te ale Capernaüm, sila ki te fè koleksyon taks drachma yo te vin Kote Pierre, Li te mande l: “Èske mèt ou a pa peye taks drachma?”
25Li te reponn: “Wi”.
Lè Pierre te antre nan kay la, Jésus, akoz Li te konnen sa li t ap mande, te di: “Kisa ou panse, Simon? Nan men ki moun wa sou latè yo ranmase tarif ak enpo? Èske se nan men fis pa yo, oubyen èske se nan men moun yo pa rekonèt?”
26Lè li reponn: “Moun yo pa rekonèt”, Jésus te di l: “Konsa, fis yo egzante. 27Sepandan, pou nou pa ofanse yo, ale bò kote lanmè a; voye yon filè ladann e rale premye pwason ki vini an. Lè nou ouvri bouch li nou va wè yon statère (yon kòb Women). Pran li pote bay yo pou ou ak Mwen.”
Did you know?
The Transfiguration and the Return to Galilee
- Jesus took Peter, James, and John alone up a high mountain, where he was transfigured before them. Easton's Bible Dictionary identifies James as a son of Zebedee, an elder brother of the apostle John, and a fisherman in partnership with Peter, and notes that the three were present at the transfiguration. Peter, also called Simon, had been brought up by the Sea of Galilee and trained as a fisher.Sources: the Bible text itself · James (Son of Zebedee) · Simon Peter
- Moses and Elijah appeared and talked with Jesus. Easton's Bible Dictionary identifies Elijah as 'the Tishbite,' the 'Elias' of the New Testament, the figure the disciples asked about when they questioned the scribes' saying that Elijah must come first. The disciples understood Jesus' reply—that Elijah had already come and had not been recognized—to refer to John the Baptist, whose mission the dictionary connects with prophecy, including Malachi 3:1.Sources: the Bible text itself · Elijah · John the Baptist
- In Galilee, Jesus said the Son of Man was about to be delivered into the hands of men, killed, and raised to life on the third day. Easton's Bible Dictionary notes that the region was called 'Galilee of the Gentiles,' and that Capernaum—'Nahum's town'—became Jesus' 'own city' after his expulsion from Nazareth; there, collectors of the two-drachma tax asked Peter whether his teacher paid it.Sources: the Bible text itself · Galilee · Capernaum
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Galilee · 32.760, 35.527 · verse 22
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org