Matthew 16
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Farizyen ak Sadiseyen yo te vin kote Jésus pou sonde L. Yo te mande Li pou bay yo yon sign ki sòti nan syèl la.
2Men Li te reponn yo: “Lè se nan aswè, nou di ‘l ap fè bon tan, paske syèl la wouj’. 3Epi nan maten, ‘pral gen yon tanpèt jodi a, paske syèl la wouj e menasan.’ Ipokrit! Nou konn kalkile aparans syèl la, men nou pa konn disène sign nan tan sila yo? 4Yon jenerasyon mechan e adiltè ap chache yon sign, men yo p ap resevwa l, eksepte sign ki pou Jonas la.” Konsa, Li te sòti kite yo.
5Lè disip yo te ale lòtbò lanmè a, yo te bliye pote pen.
6Jésus te di yo: “Veye e fè atansyon pou ledven Farizyen ak Sadiseyen yo.”
7Yo te kòmanse diskite pami yo menm. Yo te di: “Se paske nou pa pote pen an.”
8Men Jésus, okouran de sa, te di yo: “O moun ak ti lafwa piti yo, poukisa nou diskite pami nou ke nou pa gen pen? 9Èske nou poko konprann ni sonje jiska prezan senk pen ki te pou senk mil mesye yo, e konbyen panyen nou te ranmase? 10Ni sèt pen ki te pou kat mil moun yo, e konbyen gran panyen nou te ranmase? 11Kijan ke nou pa konprann ke Mwen pa t pale avèk nou pou afè pen? Men fè atansyon ak ledven Farizyen ak Sadiseyen yo.”
12Konsa, yo te vin konprann ke Li pa t pale de ledven nan pen, men enstriksyon a Farizyen ak Sadiseyen yo.
13Alò, lè Jésus te vini nan landwa Césarée de Philippe, Li te kòmanse mande disip Li yo: “Ki moun yo di ke Fis a Lòm nan ye?”
14Yo te di: “Kèk moun di ke se Jean Baptiste, lòt Elie, e lòt, Jérémie oswa youn nan pwofèt yo.”
15Li te di yo: “Men nou menm, ki moun nou di Mwen ye?”
16Simon Pierre te reponn Li: “Ou menm se Kris La, Fis a Bondye vivan an.”
17Jésus te reponn li: “Ou menm ou beni, Simon, fis Jonas la, paske chè avèk san pa t revele ou sa, men Papa M ki nan syèl la. 18Epi Mwen di Ou ke ou menm, ou se Pierre e se sou wòch sa a M ap bati legliz Mwen an, e pòtay peyi mò yo p ap kapab venk li. 19M ap bay ou kle wayòm syèl la; nenpòt sa ou mare sou latè, ap mare nan syèl la; e nenpòt sa ou demare sou latè, ap demare nan syèl la.”
20Apre sa, Li te avèti yo pou pa di pèsòn ke se Kris la ke Li te ye.
21Depi lè sa a, Jésus te kòmanse montre disip Li yo ke Li te oblije ale Jérusalem pou soufri anpil bagay nan men lansyen yo, wo prèt yo ak skrib yo; pou yo ta menm touye L, e pou L ta leve nan twazyèm jou a.
22Konsa, Pierre te mennen L akote. Li te di L: “Ke Bondye anpeche sa, Senyè! Sa p ap janm rive Ou.”
23Men Li te vire bò kote Pierre: “Mete ou dèyè M Satan! Ou menm, ou se yon wòch chite pou Mwen. Ou pa mete tèt ou nan enterè Bondye, men nan enterè a lòm.”
24Jésus te di a disip Li yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, li dwe nye tèt li, pran kwa li e swiv Mwen. 25Paske nenpòt moun ki vle sove vi li, ap pèdi li; men nenpòt moun ki pèdi vi li pou koz Mwen menm, ap twouve li. 26Paske ki pwofi yon nonm ap twouve si li vin genyen tout lemonn, men li pèdi pwòp nanm li? Kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm li?
27“Paske Fis a Lòm nan ap vini nan tout glwa Papa Li, avèk zanj Li yo, e y ap rekonpanse tout moun selon zak yo.
28“Anverite, Mwen di nou, gen nan nou ki kanpe la a ki p ap goute lanmò jiskaske yo wè Fis a Lòm nan k ap vini nan wayòm Li an.”

Did you know?
Peter's confession and the way of the cross
- Caesarea Philippi, where Jesus asked who people said the Son of Man was, stood near the base of Mount Hermon at the upper source of the Jordan, 20 miles north of the Sea of Galilee and 120 miles north of Jerusalem. Easton's Bible Dictionary (1897) calls this the northern limit of his public ministry. According to some, the place had earlier been a Canaanite sanctuary of Baal; it was afterwards called Paneas.Sources: Caesarea Philippi · the Bible text itself
- When the Pharisees and Sadducees asked for a sign from heaven, Jesus said that a wicked and adulterous generation would be given only the sign of Jonah. Easton's Bible Dictionary (1897) describes Jonah, son of Amittai of Gath-hepher, as a prophet of Israel sent as a missionary to Nineveh, and presents him as a type of the Son of Man.Sources: Jonah · the Bible text itself
- Simon, whom Jesus here calls Peter, was a fisherman from Bethsaida and the son of Jonah. Easton's Bible Dictionary notes that Simon, meaning "hearing," was a very common Jewish name in the New Testament. When Peter rebuked the saying that Jesus must go to Jerusalem, suffer, be killed, and be raised on the third day, Jesus answered, "Get behind me, Satan"; the same dictionary defines Satan as "adversary" or "accuser," a name it also uses for the one who tempted Jesus in the wilderness.Sources: Simon Peter · Satan · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org