Nations Bible

Malachi 3

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1“Gade byen, Mwen va voye mesaje Mwen an, e li va netwaye chemen an devan Mwen. Konsa, Senyè a, ke n ap chache a, va vini sibitman nan tanp Li an. Gade byen, mesaje akò a, nan sila nou pran plezi a, L ap vini,” pale SENYÈ Dèzame yo. 2“Men se kilès k ap ka sipòte jou vini Li an? Oswa, se kilès k ap ka kanpe lè Li parèt la? Paske se va tankou dife nan founo a, e se va tankou savon lesiv. 3Li va chita tankou yon bòs metal k ap pirifye ajan. Li va pirifye fis a Levi yo, e rafine yo tankou lò ak ajan, pou yo ka ofri bay SENYÈ a ofrann ladwati. 4Konsa, ofrann Juda ak Jérusalem yo va yon plezi pou SENYÈ a, tankou nan jou ansyen ak jou lontan yo.

5“Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.

6“Paske Mwen menm SENYÈ a, Mwen pa chanje. Se pou sa, nou menm, O fis a Jacob yo, nou pa t fin detwi nèt. 7Depi nan jou a papa zansèt nou yo, nou te vire kite règleman Mwen yo, e nou pa t kenbe yo. Retounen vin jwenn Mwen, e Mwen va retounen vin jwenn nou,” pale SENYÈ Dèzame yo. “Men nou di: ‘Nan kisa nou va retounen vin jwenn Ou an?’

8“Èske yon nonm va vòlè Bondye? Men nou ap vòlè M! Men nou di: ‘Nan kisa nou te vòlè Ou a?’ Nan dim ak ofrann yo. 9Nou vin modi avèk malediksyon an;. Paske nou ap vòlè Mwen; tout nasyon an nèt! 10Mennen fè antre tout dim yo nan depo kay la, pou ka gen manje nan kay Mwen an, e pase Mwen a leprèv nan sa”, pale SENYÈ a: “Pou nou wè si Mwen p ap louvri pou nou tout fenèt syèl yo, e vide sou nou yon benediksyon jiskaske nou pa gen ase kote ankò pou nou resevwa li. 11Nan lè sa a, Mwen va repwoche, pou nou menm, sila k ap devore nou, pou li pa ankò detwi fwi latè yo. Konsa, pye rezen an p ap ankò jete fwi li avan lè nan chan an”, pale SENYÈ Dèzame yo. 12“Tout nasyon yo va rele nou beni, paske nou va yon peyi byen bèl”, pale SENYÈ dèzame yo.

13“Pawòl nou yo te di kont mwen.” Pale SENYÈ a. “Malgre sa, nou di: ‘Kisa nou te pale kont Ou yo?’ 14“Nou te di: ‘Se an ven yo sèvi Bondye’; epi ‘Ki avantaj sa gen pou nou kenbe règleman Li yo, e pou nou mache lamante devan SENYÈ Dèzame yo? 15Koulye a, nou vin rele moun ògeye yo, ‘beni’. Non sèlman malfektè yo vin leve wo, men yo menm tante Bondye, e yo chape.’”

16Answit, sila ki te gen lakrent SENYÈ yo te pale a youn lòt; konsa, SENYÈ a te prete zòrèy Li. Li te tande yo, e yon liv souvni te ekri devan Li pou sila ki te gen lakrent SENYÈ yo, e ki te bay gwo respè a non Li yo. 17“Konsa, yo va vin pou Mwen”, pale SENYÈ Dèzame yo, “nan jou sa a ke M prepare posesyon Mwen an. Epi Mwen va fè yo gras menm jan yon nonm ta fè gras a pwòp fis k ap sèvi li a.” 18Konsa, nou va retounen pou nou byen konprann diferans lan antre ladwati ak mal, antre sila k ap sèvi Bondye, ak sila ki p ap sèvi Li.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Messenger of the Covenant and the Refiner's Fire

  • The prophecy describes the coming messenger of the covenant acting like a refiner's fire and launderer's soap to purify the descendants of Levi, the third son of Jacob whose lineage served as priests. This purification was intended to restore righteous offerings from Judah and Jerusalem.Sources: the Bible text itself · Levi (patriarch) · Jerusalem
  • The chapter addresses the withholding of tithes and offerings as robbing God. The people are challenged to bring the full tithe into the temple storehouse, with the promise that heaven's windows would open and the devourer would be rebuked from ruining their fields and vines.Sources: the Bible text itself
  • When skeptics complained that keeping God's requirements yielded no profit while wrongdoers prospered, those who feared the Lord gathered to speak with one another. In response, a scroll of remembrance was written before Him to honor those who revere His name.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 4

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.