Nations Bible

Luke 3

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò nan kenzyèm ane pouvwa a Tibère César la, pandan Ponce Pilate te Gouvènè Juda, Hérode te tetrak (wa a zòn sila a), frè l Philippe te tetrak pou Liturée avèk Trachonite, e Lysanias te tetrak nan Abilène, 2nan tan a Anne ak Caïphe kon wo prèt, pawòl Bondye a te vini a Jean, fis Zacharie a, pandan l te nan dezè a.

3Konsa, li te vini nan tout distri ki te antoure Jourdain yo, e li t ap preche yon batèm repantans pou padon peche yo. 4Jan sa ekri nan liv pawòl a Ésaïe yo, pwofèt la:

“Lavwa a yon moun k ap kriye nan dezè a,

‘Prepare chemen SENYÈ a,

Fè wout Li yo dwat,

5Chak vale va ranpli,

E tout gwo mòn ak ti kolin va vin bese.

Kwochi yo a va vin drese,

E move wout yo va vin swa.

6Tout chè va wè delivrans Bondye a.’”

7Konsa, li te kòmanse pale avèk foul la ki te sòti avè l pou batèm nan: “Nou menm, nich vipè! Kilès ki te avèti nou sove kite kòlè k ap vini an? 8Pou sa, pote fwi ki an akò avèk repantans yo, e pa kòmanse di a nou menm: ‘Nou gen Abraham pou papa nou’, paske mwen di nou ke menm nan wòch sa yo, Bondye kapab fè leve pitit a Abraham yo. 9Anverite, rach la deja poze sou rasin a bwa yo. Konsa, chak bwa ki pa donnen bon fwi va koupe e jete nan dife.”

10Foul la ki t ap kesyone li, t ap di: “Alò, kisa pou nou ta fè?”

11Li te reponn yo, e te di: “Ke moun ki gen de tinik lan pataje avèk sila ki pa genyen an, e ke sila ki gen manje a fè menm jan an.”

12Anplis, ajan kolektè kontribisyon yo te vini pou batize. Yo t ap mande l: “Mèt, kisa nou dwe fè?”

13Li te di yo: “Pa kolekte plis ke yo mande nou pran.”

14Konsa, kèk sòlda t ap mande li: “Epi kisa pou nou menm fè”?

Li te di yo: “Pa pran lajan sou okenn moun pa lafòs, ni fè fo akizasyon kont pèsòn. Rete satisfè avèk salè nou.”

15Alò, pandan pèp la t ap antisipe, e t ap reflechi nan kè yo sou Jean, pou konprann si se Kris la ke li te ye, 16Jean te reponn. Li te di yo tout: “Kanta mwen menm, mwen ap batize nou avèk dlo. Men gen Youn k ap vini ki pi pwisan pase m; menm lasèt sandal Li, mwen pa dign pou demare. Li va batize nou avèk Lespri Sen an, e avèk dife. 17Laye vannen an deja nan men L, pou netwaye glasi a nèt, e ranmase tout ble antre nan depo Li; men l ap brile pay yo avèk dife ki pa kapab etenn.”

18Konsa, avèk anpil lòt egzòtasyon tou, Li te preche bòn nouvèl la bay pèp la.

19Men lè l te bay Hérode, tetrak la tò akoz Hérodias, madanm a frè l la, e akoz tout mechanste ke Hérode te fè yo, 20Hérode te ogmante peche l sou sa yo. Li te vin mete Jean nan prizon.

21Konsa, li te vin rive ke lè tout pèp la t ap batize, Jésus te batize tou. Epi pandan Li t ap priye, syèl la te vin ouvri, 22e Lespri Sen an te desann sou Li nan fòm tankou yon toutrèl. E yon vwa te sòti nan syèl la: “Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.”

23Lè L te kòmanse ministè Li, Jésus Li menm te nan laj, anviwon trant ane, e selon kwayans moun yo, fis a Joseph, fis a Héli, 24fis a Matthat, fis a Lévi, fis a Melchi, fis a Jannaï, fis a Joseph, 25fis a Mattathias, fis a Amos, fis a Nahum, fis a Esli, fis a Naggaï, 26fis a Maath, fis a Mattathias, fis a Sémeï, fis a Joseph, fis a Joda, 27fis a Joanan, fis a Rhésa, fis a Zorobabel, fis a Salathiel, fis a Néri, 28fis a Melchi, fis a Addi, fis a Kosam, fis a Elmadam, fis a Er, 29fis a Jésus, fis a Éliézer, fis a Jorim, fis a Matthat, fis a Lévi 30fis a Siméon, fis a Juda, fis a Joseph, fis a Jonam, fis a Éliakim, 31fis a Méléa, fis a Menna, fis a Mattatha, fis a Nathan, fis a David, 32fis a Isaï, fis a Jobed, fis a Booz, fis a Salmon, fis a Naason, 33fis a Aminadab, fis a Admin, fis a Arni, fis a Esrom, fis a Pharès, fis a Juda 34fis a Jacob, fis a Isaac fis a Abraham, fis a Thara, fis a Nachor, 35fis a Seruch, fis a Ragau, fis a Phalek, fis a Éber, fis a Sala, 36fis a Kaínam, fis a Arphaxad, fis a Sem, fis a Noé, fis a Lamech, 37fis a Mathusala, fis a Énoch, fis a Jared, fis a Maléléel, fis a Kaïnan, 38fis a Énos, fis a Seth, fis a Adam, fis a Bondye.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

John the Baptist prepares the way

  • Luke sets John's preaching in the fifteenth year of Tiberius Caesar, the stepson of Augustus, who succeeded him in A.D. 14 and died in A.D. 37. Easton's Bible Dictionary (1897) notes that John began his public ministry in that year, and that Pontius Pilate, the sixth Roman procurator of Judea from A.D. 26 to 36, kept his headquarters at Caesarea during a term that covered the ministries of John and Jesus. Herod Antipas, a son of Herod, was then tetrarch of Galilee.Sources: the Bible text itself · Tiberius · Pontius Pilate · Herod Antipas
  • The chapter dates these events during the high priesthood of both Annas and Caiaphas. Easton's Bible Dictionary (1897) records that Annas was high priest from A.D. 7 to 14 and was deposed by the Roman procurator, and that Caiaphas, who had married Annas's daughter, was raised to that office in A.D. 25. The same entry suggests that the Jews may still have regarded Annas as the lawful high priest, since Mosaic law held the office for life, and that he probably served with Caiaphas as president of the Sanhedrin or as the high priest's deputy.Sources: the Bible text itself · Annas
  • John, son of Zechariah, was of priestly descent: his father was a priest of the course of Abia, and his mother, Elizabeth, belonged to the daughters of Aaron. Easton's Bible Dictionary (1897) notes that his mission was the subject of prophecy, including Isaiah's voice crying in the wilderness, and that his birth came six months before the birth of Jesus. In this chapter he preaches a baptism of repentance throughout the region around the Jordan, and Herod the tetrarch later imprisons him after John rebukes him over Herodias.Sources: the Bible text itself · John the Baptist

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Abilene · 33.627, 36.106 · verse 1
  • Galilee · 32.760, 35.527 · verses 1, 19
  • Ituraea · 33.400, 35.850 · verse 1
  • Judea · Today: Judea 1 · 31.777, 35.234 · verse 1
  • Trachonitis · Today: Lajat · 32.969, 36.455 · verse 1
  • Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verse 3

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.