Nations Bible

Luke 2

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, li te rive nan jou sa yo ke yon dekrè te sòti nan César Auguste, ke yon resansman global ta vin fèt pou tout mond lan kote moun rete. 2Sa se te premye resansman global ki te fèt pandan Quirinius te gouvènè a Syrie. 3Tout moun te kòmanse anrejistre pou resansman an, chak moun nan pwòp vil pa li.

4Anplis, Joseph te monte kite Galilée nan vil Nazareth la, pou rive nan Juda, vil David, ke yo rele Bethléhem nan, akoz ke li te sòti nan kay ak fanmi a David, 5pou l ta kapab anrejistre ansanm avèk Marie, ki te fiyanse li, e ki te ansent.

6Li te vin rive ke pandan yo te la, jou yo te vin rive pou l akouche. 7Li te bay nesans a premye fis li, epi li te vlope Li nan twal pou nouvo ne yo. Li te mete Li nan yon manjwa, akoz ke pa t gen plas pou Li nan otèl la.

8Nan menm andwa a, te gen bèje deyò nan chan an ki t ap okipe bann mouton yo pandan nwit lan.

9Konsa yon zanj Bondye te vin kanpe sibitman devan yo, epi glwa a Bondye te klere toutotou de yo; e yo te vin ranpli avèk laperèz. 10Men zanj yo te di yo: “Pa pè, paske gade, mwen pote bòn nouvèl a gwo lajwa ki va pou tout pèp la. 11Paske jodi a nan vil David la, te vin ne pou nou menm, yon Sovè, ki se Kris la, Senyè a. 12Epi sa va yon sign pou nou; nou va twouve yon anfan vlope nan twal, e kouche nan yon manjwa.”

13Lapoula te parèt avèk zanj lan yon foul lame syèl la ki t ap fè lwanj Bondye, e ap di:

14“Glwa a Bondye nan pi wo a,

e sou latè a, lapè pami lèzòm

ki fè L kontan yo.”

15Li te rive ke lè zanj yo te kite yo pou retounen nan syèl, ke bèje yo te kòmanse di youn ak lòt: “Alò, annou ale toudwat Bethléhem pou wè bagay sa a ke Bondye fè nou konprann nan.”

16Yo te fè vit pou rive e te twouve chemen pou rive kote Marie avèk Joseph, avèk pitit ki te kouche nan manjwa a. 17Alò, lè yo te wè sa, yo te fè konnen pawòl ki te livre a yo konsènan pitit sila a. 18Tout moun ki te tande sa te etone de bagay ke bèje yo t ap di yo.

19Men Marie te kache tout sa pou sonje l, e li te reflechi sou yo nan kè li.

20Bèje yo te retounen e yo t ap bay Bondye glwa avèk lwanj pou tout sa ke yo te tande e wè, jan ke li te pale a yo menm nan.

21Lè uit jou te fin pase avan sikonsizyon Li te fèt, yo te bay Li non Jésus, menm non ki te bay pa zanj yo avan Li te plase nan vant lan.

22Lè jou pou yo vin pirifye yo te rive selon Lalwa Moïse la, yo te mennen Li Jérusalem pou prezante Li devan Senyè a. 23(Jan li ekri nan Lalwa Senyè a: “Tout mal ki premye ouvri vant lan va rele sen a Bondye”), 24epi pou ofri yon sakrifis selon sa ki te pale nan Lalwa Senyè a, “yon pè toutrèl, oswa, de jenn pijon.”

25Konsa, te gen yon mesye Jérusalem ki te rele Siméon. Mesye sa a te jis e devwe. Li t ap chache konsolasyon Israël, epi Lespri Sen an te sou li. 26Li te revele a li menm ke li pa t ap wè lanmò avan ke li te wè Kris a Senyè a. 27Konsa, li te nan Lespri a lè l te antre nan tanp lan nan menm lè paran Jésus yo te pote pitit la, pou akonpli pou Li koutim Lalwa a. 28Epi li te ranmase li nan bwa li. Li te beni Bondye, e te di:

29“Koulye a Senyè, W ap kite sèvitè Ou a

pati anpè selon pawòl Ou.

30Paske zye m gen tan wè delivrans Ou,

31ke ou prepare devan tout nasyon yo;

32“yon limyè revelasyon pou payen yo,

epi laglwa a pèp Ou a, Israël.”

33Papa L avèk manman L te etone de bagay ke yo t ap di sou Li yo.

34Siméon te beni yo, e te di a Marie, manman Li: “Veye byen, anfan sila a fèt pou tonbe ak leve a anpil moun an Israël, e pou yon sign k ap koze opozisyon. 35Yon nepe va travèse menm nanm pa ou, jiskaske panse a kè anpil moun kapab vin revele.”

36Anplis te gen yon pwofetès, Anne, fi a Phanuel, ki te nan tribi Aser. Li te avanse nan laj, e li te viv avèk mari li pandan sèt ane apre maryaj la, 37answit, kon vèv jis rive nan laj katre-ven-kat ane. Li pa t janm kite tanp lan e te sèvi lajounen kon lannwit nan jèn ak lapriyè. 38Nan menm moman sila a, li te monte, e li te bay glwa a Bondye. Li te kontinye pale de Li a tout sila ki t ap chache redanmsyon Jérusalem nan.

39Lè yo te fin acheve tout bagay selon Lalwa Senyè a, yo te retounen Galilée, nan pwòp vil pa yo, nan Nazareth.

40Pitit la te kontinye grandi, e Li t ap vin fò. Li te ogmante nan sajès, e gras Bondye te sou Li.

41Alò paran Li yo te konn ale Jérusalem chak ane nan fèt Pak Jwif la.

42Lè L te vin gen douz ane, yo te monte la selon koutim fèt la. 43Pandan yo t ap retounen, apre tout jou yo te pase, jenn gason an, Jésus te rete dèyè nan Jérusalem. Men paran Li yo pa t konnen sa. 44Yo te sipoze ke Li te pami lòt moun yo. Yo te vwayaje pandan yon jou, e yo te kòmanse ap chache Li pami manm fanmi avèk zanmi yo.

45Lè yo pa t twouve Li, yo te retounen Jérusalem pou chache Li. 46Konsa apre twa jou, yo te twouve Li nan tanp lan. Li te chita pami mèt yo, pou tande yo, e poze yo kesyon. 47Tout sila ki te tande Li yo te etone de jan li te konprann, ak repons ke Li te bay yo.

48Lè yo te wè Li, yo te etone. Manman Li te di Li: “Pitit mwen, Poukisa Ou trete nou konsa? Gade, papa Ou ak mwen menm te enkyete, e nou t ap chache Ou.”

49Li te di yo: “Poukisa nou t ap chache mwen? Èske nou pa t konnen ke M te oblije lakay Papa M?” 50Men yo pa t konprann pawòl ke Li te di yo a.

51Konsa, Li te ale avèk yo, e te rive nan Nazareth. Li te kontinye anba otorite yo, e manman L te gade tout bagay sa yo nan kè l.

52Epi Jésus te kontinye grandi nan sajès, ak wotè, epi nan gras avèk Bondye e avèk lèzòm.

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Birth and Early Years of Jesus

  • Luke places Jesus’ birth at the time of a decree from Caesar Augustus that a census be taken of the whole empire. Augustus was the cognomen of the first Roman emperor, C. Julius Caesar Octavianus; the title, meaning “majesty” or “venerable,” was first given by the senate. Luke calls this the first census while Quirinius was governor of Syria—Cyrenius being the Greek form of Publius Sulpicius Quirinus.Sources: the Bible text itself · Augustus · Cyrenius
  • Joseph lived in Nazareth in Galilee, and he went up from there to Judea, to Bethlehem, the city of David, because he belonged to David’s house and line. Bethlehem lies in the hill country of Judah and was David’s own city: David, the eighth and youngest son of Jesse, was a citizen of Bethlehem. Mary, pledged to Joseph in marriage and expecting a child, traveled with him to register.Sources: the Bible text itself · Joseph (Mary's Husband) · Bethlehem · David
  • When the time of purification required by the Law of Moses was complete, the parents brought the child to Jerusalem to present him to the Lord, offering a pair of turtledoves or two young pigeons. In the temple they met Simeon and Anna, a prophetess, daughter of Phanuel, of the tribe of Asher. She had been married for seven years and then was a widow to the age of eighty-four, and she never left the temple, worshiping night and day, fasting and praying.Sources: the Bible text itself · Anna

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Syria · Today: Syria 2 · 33.511, 36.306 · verse 2
  • Bethlehem · 31.704, 35.208 · verses 4, 11, 15
  • Galilee · 32.760, 35.527 · verses 4, 39
  • Judea · Today: Judea 1 · 31.777, 35.234 · verse 4
  • Nazareth · 32.702, 35.298 · verses 4, 39, 43, 51
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 22, 25, 38, 41, 42, 43, 45

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.