Luke 21
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò, Li leve zye li e te wè moun rich yo ki t ap mete ofrann nan bwat kès nan tanp lan. 2Konsa, Li te wè yon sèten vèv pòv ki t ap mete de ti pyès monnen an kwiv. 3Li te di: “Anverite Mwen di nou, ke fanm pòv sila a te mete plis pase yo tout; 4paske yo te mete ofrann selon abondans yo; men li menm, nan povrete li, li te mete tout sa li te gen pou l viv.”
5Alò, pandan kèk moun t ap pale de tanp lan, kijan li te byen dekore avèk bèl bijou, ak kado konsakre yo, Li te di: 6Pou bagay sa yo ke nou ap gade la a, jou a va vini lè p ap rete yon sèl wòch sou lòt ki p ap chire dekonble.
7Yo te mande L: “Mèt, kilè bagay sa yo ap rive? Epi ki sign k ap demontre ke yo prèt pou rive?”
8Li te di: “Veye byen pou nou pa twonpe; paske anpil moun ap vini nan non Mwen, e yo va di: ‘Mwen se Li menm’, e, ‘Lè a toupre’. Pa kouri dèyè yo. 9Lè nou tande afè lagè, avèk boulvèsman, pa enkyete; paske fòk bagay sa yo rive avan, men lafen an poko ap rive.”
10Ankò, Li te di yo: “Nasyon va leve kont nasyon, e wayòm kont wayòm. 11Va gen gran tranbleman detè, e nan plizyè andwa, epidemi avèk gwo grangou. Va gen gwo laperèz avèk gwo sign ki sòti nan syèl la. 12Men avan tout bagay sa yo, yo va mete men sou nou, yo va pèsekite nou, e yo va livre nou nan sinagòg avèk prizon yo. Yo va mennen nou devan wa ak gouvènè yo pou koz a non Mwen. 13Sa va ouvri yon chemen pou temwayaj nou. 14Pou sa, pran desizyon avan lè pou pa prepare defans nou. 15Paske Mwen va bannou pawòl avèk sajès pou okenn nan advèsè nou yo pa kapab reziste ni demanti. 16Men Nou va trayi menm pa paran nou, frè, manm fanmi nou avèk zanmi nou. Yo va mete kèk nan nou a lanmò. 17Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen. 18Men pa menm yon cheve nan tèt nou p ap peri.
19Pa pèseverans nou, nou va reyisi genyen lavi nou.
20Men lè nou wè Jérusalem antoure pa lame, nan moman sa a, rekonèt ke dezolasyon li toupre. 21Answit nan lè sa a, sila ki nan Juda yo va oblije sove pou ale nan mòn yo, sila ki nan mitan vil yo va oblije sòti, e sila ki andeyò yo p ap pou antre nan vil la. 22Paske jou sa yo se jou vanjans yo, pou tout bagay ki ekri yo kapab vin akonpli. 23Malè a sila yo k ap pote pitit, ak sila yo ki nouris nan jou sa yo, paske va gen gwo twoub sou tè a, e kòlè sou pèp sila a. 24Yo va tonbe pa lam nepe, e yo va mennen kòm kaptif pou antre nan tout nasyon yo. Jérusalem va foule anba pye pa payen yo jiskaske tan payen yo fin acheve.
25Konsa, va gen sign nan solèy la, lalin ak zetwal yo, e sou latè, sezisman pami nasyon yo, ak gwo malantandi akoz laraj lanmè a ak lanm lanmè yo. 26Moun va pèdi kapasite akoz laperèz, avèk twòp refleksyon sou sa k ap rive nan mond lan. Paske pouvwa nan syèl yo ap vin ebranle. 27Answit yo va wè Fis a Lòm nan k ap vini nan yon nyaj avèk pouvwa, ak gran glwa. 28Men lè bagay sa yo kòmanse fèt, ranje kò nou, e leve tèt nou, paske delivrans nou ap toupre.
29Answit Li te di yo yon parabòl: Veye byen pye figye frans lan, avèk tout pyebwa yo. 30Depi yo pouse fèy, nou va wè sa, e nou va konnen pou kont nou ke gran sezon chalè a toupre kounye a. 31Menm jan an, nou menm tou, lè nou wè bagay sa yo ap fèt, rekonèt ke wayòm Bondye a toupre. 32Anverite Mwen di nou, ke jenerasyon sila a p ap pase avan tout bagay sa yo rive. 33Syèl la avèk tè a va pase, men pawòl Mwen yo p ap pase.
34Veye nou, swa kè nou va vin lou nan banbòch ak bwason avèk enkyetid lavi yo, paske jou sa a va vini sou nou sibitman. 35Paske li va vini kon yon piyej sou tout sila yo ki rete sou fas tout tè a. 36Men rete vijilan tout tan avèk lapriyè pou nou kapab gen fòs pou chape de tout bagay sila yo ki prèt pou rive, e pou kanpe devan Fis a Lòm nan.”
37Alò pandan jounen an, Li t ap enstwi nan tanp lan; men nan aswè, Li te konn ale deyò pou pase nwit lan sou mòn ki rele Olivye a. 38Epi tout pèp la te toujou leve granmmaten pou vin kote Li nan tanp lan pou koute Li.

Did you know?
Jerusalem, the temple, and the days ahead
- A geographical note says that the name Jerusalem is dual in the original and means “possession of peace” or “foundation of peace.” It adds that this form probably refers to the two mountains on which the city was built, Zion and Moriah, or, as some suppose, to the upper and lower city, and it calls Jerusalem a mountain city enthroned on a mountain stronghold. In this chapter Jesus says that city will be surrounded by armies, left desolate, and trodden down by the Gentiles.Sources: Jerusalem · the Bible text itself
- Jesus tells those who are in Judea to flee to the mountains when they see Jerusalem surrounded by armies. A geographical note explains that, under the Romans in the time of Christ, Judea meant the southernmost of the three divisions of Palestine, distinguished from Galilee and Samaria, though the name was sometimes used for Palestine in general. As a province it included the territories of the tribes of Judah, Benjamin, Dan, Simeon, and part of Ephraim, and it formed part of Syria.Sources: Judea · the Bible text itself
- The chapter opens not with armies but with a poor widow who puts two small copper coins into the temple treasury. Jesus says she has given more than the rich, who contributed from their surplus, because she put in all she had to live on. The disciples then remark on the beautiful stones and consecrated gifts of the temple, and he answers that not one stone will be left on another.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 20, 21, 24
- Judea · Today: Judea 1 · 31.777, 35.234 · verse 21
- Mount of Olives · 31.778, 35.246 · verse 37
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org