Nations Bible

Lamentations 4

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1A la briyans lò a vin bese!

Lò pi a pa menm ankò!

Wòch tanp yo vide deyò nan tout kwen lari.

2Pyè presye a fis a Sion yo;

ki gen valè kon lò fen,

gade kijan yo konsidere kon veso tè,

travay a potye a!

3Menm chen mawon yo konn bay tete;

yo kite pitit yo souse yo.

Men fi a pèp mwen an te vin mechan

kon yon otrich nan dezè.

4Lang a ti bebe a kole nan fon bouch yo,

tèlman yo swaf;

ti piti yo mande pen,

men pèsòn pa kase bay yo.

5Sila ki te konn manje ti manje delika yo,

vin abandone nan lari.

Sila ki te leve nan abiman an mov yo

ap degaje yo chèche kaka bèf.

6Paske inikite a fi a pèp mwen an

pi gwo ke peche Sodome,

ki te boulvèse nan yon moman,

san pa t gen men ki boulvèse l.

7Prens li yo te pi pwòp ke lanèj.

Yo te pi blan ke lèt.

Yo te pi wouj pase koray.

Yo te poli tankou pyè safì.

8Aparans yo koulye a pi nwa ke poud chabon.

Yo pa menm rekonèt yo nan lari.

Chè yo vin kole sou zo yo.

Li fennen nèt.

Li vin tankou bwa.

9Pi bon se sila ki te touye ak nepe yo,

ke sila ki touye ak grangou yo;

paske yo vin chagren

e epwize akoz mank fwi chan an.

10Men a fanm ki te konn plen konpasyon yo

te bouyi pwòp pitit yo.

Yo te devni manje pou yo,

akoz destriksyon a fi a pèp mwen an.

11SENYÈ a te acheve gwo kòlè Li a.

Li te vide gwo kòlè Li a.

Li te limen yon dife nan Sion,

ki te manje tout fondasyon Li yo.

12Wa latè yo pa t kwè,

ni okenn abitan nan mond lan,

ke advèsè ak ènmi an ta ka antre

nan pòtay Jérusalem nan.

13Akoz peche a pwofèt li yo

ak inikite a prèt li yo,

ki te vèse nan mitan li

san a moun ladwati yo.

14Yo egare e avèg nan lari yo.

Yo te vin souye ak san,

jiskaske pèsòn pa t ka manyen abiman yo.

15“Sòti! Pa pwòp!” Yo te kriye a yo menm.

“Sòti, sòti, pa touche!”

Konsa yo te sove ale, e te mache toupatou.

Pami nasyon yo, yo te di:

“Yo p ap ka kontinye rete pami nou”.

16Prezans a SENYÈ a te gaye yo.

Li p ap kontinye bay yo swen.

Yo pa t onore prèt yo,

Yo pa t respekte ansyen yo.

17Malgre sa, zye nou febli.

Chache sekou te vin initil.

Nan chache, nou te chache pou yon nasyon

ki pa t ka sove.

18Konsa, yo te fè lachas dèyè nou

jiskaske nou pa t ka mache nan lari nou yo.

Lafen nou vin pwòch.

Jou nou yo fin akonpli,

paske dènye moman nou vin rive.

19Sila ki te kouri dèyè nou yo

te pi vit pase èg k ap vole anlè.

Yo te fè lachas sou nou nan mòn yo.

Yo te kache tann anbiskad pou nou nan savann nan.

20Souf lè ki nan nen nou,

nou menm ki onksyone de SENYÈ a,

te vin kaptire nan twou fòs yo,

de sila nou te konn di:

“Anba lonbraj li, nou va viv pami nasyon yo”.

21Rejwi e fè kè kontan, O fi a Edom an,

ki rete nan peyi Uts la.

Tas la va fè wonn vin jwenn ou tou.

Ou va vin sou.

Ou va vin toutouni.

22Pinisyon pou inikite nou yo fin konplete,

O fi a Sion an.

Li p ap ekzile nou ankò.

Li va pini inikite nou an, O fi Edom an.

Li va fè parèt tout peche ou yo!

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Agony of the Fallen City

  • The poet considers Jerusalem's prolonged suffering worse than the fate of Sodom. While Sodom was overthrown in an instant by divine fire, the inhabitants of Jerusalem endured the agonizing and drawn-out torment of siege and starvation.Sources: the Bible text itself · Sodom
  • Before its capture, Jerusalem was widely regarded as an impenetrable mountain city. The text observes that foreign kings and surrounding nations never believed an enemy could breach its fortified gates.Sources: the Bible text itself · Jerusalem
  • The chapter closes with an address to Edom dwelling in the land of Uz, warning that judgment will soon overtake her. Uz is mentioned in only three biblical books: Job, Jeremiah, and Lamentations.Sources: the Bible text itself · Uz · Edom

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 2, 11, 22
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 12
  • Edom · 30.746, 35.604 · verses 21, 22

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.