Nations Bible

Joshua 24

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Josué te rasanble tout tribi Israël yo nan Sichem. Li te rele ansyen Israël yo, chèf an tèt pa yo, jij pa yo ak ofisye pa yo. Yo te prezante yo menm devan Bondye. 2Josué te di a tout pèp la: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Depi nan tan ansyen yo, zansèt nou yo te viv lòtbò Rivyè a. Menm Térach, papa Abraham nan, ak papa a Nachor, te sèvi lòt dye yo. 3Epi Mwen te pran zansèt nou an, Abraham, pou l soti lòtbò Rivyè a. Mwen te mennen li pase nan tout peyi a Canaan yo. Mwen te miltipliye desandan li yo e te bay li Isaac. 4A Isaac, Mwen te bay Jacob avèk Ésaü. A Ésaü, Mwen te bay Mòn Séir pou posede l, men Jacob avèk fis li yo te desann an Égypte.

5“‘Epi Mwen te voye Moïse avèk Aaron pou te toumante Égypte pa sa Mwen te fè nan mitan li yo. Epi apre, Mwen te mennen nou sòti. 6Mwen te mennen zansèt nou yo sòti an Égypte, e nou te rive bò kote lanmè a. Konsa, Égypte te kouri dèyè zansèt nou yo avèk cha ak sòlda sou cheval yo jis rive nan Lamè Wouj la. 7Men lè yo te kriye vè SENYÈ a, Li te mete tenèb antre nou menm avèk Ejipsyen yo. Mwen te mennen lanmè a sou yo pou te kouvri yo, epi pwòp zye pa nou te wè sa Mwen te fè an Égypte. Konsa, nou te viv nan dezè a pandan anpil tan.

8“‘Alò, Mwen te mennen nou antre nan peyi Amoreyen ki te rete lòtbò Jourdain an. Yo te goumen avèk nou, epi Mwen te livre yo nan men nou. Nou te pran posesyon a peyi pa yo a e Mwen te detwi yo devan nou. 9Konsa, Balak, fis Tsippor a, wa Moab la, te leve pou te goumen kont Israël, e li te voye rele Balaam, fis a Beor a, pou modi nou. 10Men Mwen pa t dakò koute Balaam. Konsa, li te oblije beni nou, e Mwen te delivre nou soti nan men li.

11“‘Nou te travèse Jourdain an pou te rive Jéricho, epi pèp Jéricho yo te goumen kont nou; Amoreyen yo, Ferezyen yo, Kananeyen yo avèk Etyen yo avèk Gigazyen yo, Evyen yo ak Jebizyen yo. Konsa, Mwen te livre yo nan men nou. 12Apre, Mwen te voye gèp la devan nou e li te chase fè sòti wa Amoreyen yo devan nou, men pa akoz nepe nou ni banza nou. 13Mwen te bannou yon peyi pou sila nou pa t travay, vil ke nou pa t bati e nou te viv ladan yo. N ap manje nan chan rezen avèk chan doliv ke nou pa t plante.’

14“Koulye a, pou sa, gen lakrent SENYÈ a e sèvi Li avèk bon kè ak verite. Mete akote dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a ak an Égypte pou sèvi SENYÈ a. 15Si nou twouve li degoutan nan zye nou pou sèvi SENYÈ a, chwazi pou kont nou jodi a, kilès nou va sèvi; si se dye ke zansèt nou yo te konn sèvi lòtbò Rivyè a, oswa dye a Amoreyen yo, de peyi sila nou ap viv yo. Men pou mwen avèk lakay mwen, nou va sèvi SENYÈ a.”

16Pèp la te reponn e te di: “Se lwen de nou pou nou ta abandone SENYÈ a pou sèvi lòt dye yo; 17paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki te mennen nou avèk zansèt nou yo monte sòti nan peyi Égypte la, soti nan kay esklavaj la, ki te fè gwo sign sila yo nan mitan nou. Se Li ki te pwoteje nou nan tout chemen kote nou pase e pami tout pèp nan mitan a sila nou te pase yo. 18SENYÈ a te pouse fè sòti devan nou tout pèp yo, menm Amoreyen ki te viv nan peyi a. Konsa, nou osi, nou va sèvi SENYÈ a; paske se Li menm ki Dye nou.”

19Alò, Josué te di a pèp la: “Nou p ap kapab sèvi SENYÈ a, paske Li se yon Bondye ki sen. Li se yon Bondye ki jalou. Li p ap padone transgresyon nou yo oswa peche nou yo. 20Si nou abandone SENYÈ a pou sèvi dye etranje yo; alò, Li va vire fè nou mal e vin manje nou nèt apre Li te fin fè nou byen.”

21Pèp la te di a Josué: “Non, men nou va sèvi SENYÈ a.” 22Josué te di a pèp la: “Nou se temwen kont pwòp tèt nou ke nou te chwazi pou kont nou SENYÈ a, pou sèvi Li.”

Yo te reponn: “Nou se temwen.”

23“Koulye a, pou sa, mete akote dye etranje ki nan mitan nou yo e tounen kè nou vè SENYÈ a, Bondye Israël la.”

24Pèp la te di a Josué: “Nou va sèvi SENYÈ a, Bondye nou an e nou va obeyi vwa Li.”

25Konsa, Josué te fè yon akò avèk pèp la nan jou sa a. Li te fè pou yo yon lwa ak yon règleman nan Sichem. 26Josué te ekri pawòl sila yo nan liv lalwa Bondye a; epi li te pran yon gwo wòch e te fè l kanpe la anba gwo bwadchenn ki te akote sanktyè SENYÈ a. 27Josué te di a tout pèp la: “Gade byen, wòch sa a va tankou yon temwen kont nou; paske li te tande tout pawòl SENYÈ a te pale nou yo. Konsa, li va tankou yon temwen kont nou, pou nou pa vin enfidèl anvè Bondye nou an.” 28Konsa, Josué te voye tout pèp la ale. Yo chak rive nan pwòp eritaj pa yo.

29Li te vin rive apre bagay sa yo ke Josué, fis a Nun nan, sèvitè Bondye a, te vin mouri, avèk laj san-dis ane. 30Yo te antere li nan tèritwa eritaj li nan Thimnath-Sérach, ki nan peyi ti mòn Éphraïm yo, sou nò a mòn Gaasch. 31Israël te sèvi SENYÈ a pandan tout jou a Josué yo, tout jou a ansyen ki te vivan nan tan Josué yo, e yo te konnen tout zèv SENYÈ a te fè pou Israël.

32Alò, yo te antere zo Joseph yo, ke fis Israël yo te mennen monte soti Égypte, nan Sichem, nan mòso tè ke Jacob te achte nan men fis a Hamor yo, papa a Sichem, pou san pyès lajan an. Konsa, yo te devni eritaj a fis Joseph yo. 33Anplis, Éléazar, fis a Aaron an te vin mouri. Yo te antere li nan Guibeath-Phinées, ki te bay a fis li nan peyi ti kolin a Éphraïm yo.

Did you know?

Covenant Renewal and Farewell at Shechem

  • Shechem was located in a valley between Mount Ebal and Mount Gerizim, where Abraham had built his first altar in Canaan and where Jacob had buried his household's foreign idols. Gathering the tribes there to renew their covenant and bury the bones of Joseph in the parcel of land purchased by Jacob connected the assembly directly to Israel's patriarchal heritage.Sources: Shechem · the Bible text itself
  • In his opening review of Israel's history, Joshua recalled that their earliest ancestors, including Terah the father of Abraham, originally lived beyond the Euphrates River and served other gods. Joshua challenged the nation to abandon both those ancient Mesopotamian deities and the gods of Egypt to serve the LORD alone.Sources: River · Terah · the Bible text itself
  • After recording the words of the covenant in the Book of the Law of God, Joshua erected a large stone under an oak near the sanctuary of the LORD at Shechem. In ancient Near Eastern practice, physical stones were commonly erected as permanent, public witnesses to solemn agreements and treaties.Sources: Joshua · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Shechem · Today: Tell Balatah · 32.214, 35.282 · verses 1, 25, 32
  • Euphrates · Today: Euphrates River · 31.004, 47.442 · verses 2, 3, 14, 15
  • Canaan · 32.767, 35.333 · verse 3
  • Egypt · 30.129, 31.308 · verses 4, 5, 6, 7, 14, 17, 32
  • Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verses 8, 11
  • Moab · Today: Moab 1 · 31.181, 35.701 · verse 9
  • Jericho · Today: Tell es Sultan · 31.872, 35.445 · verse 11

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.