Joshua 23
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Alò, li te vin rive apre anpil jou, lè SENYÈ a te bay repo a Israël kont tout lènmi yo nan tout kote, e Josué te vin vye, avanse nan laj, 2ke Josué te rele tout Israël, tout ansyen yo avèk chèf an tèt yo avèk jij yo ak ofisye yo. Li te di yo: “Mwen vin vye, avanse nan laj. 3Konsa, nou te wè tout sa ke SENYÈ a, Bondye nou an, te fè a tout nasyon sila yo akoz nou menm. Paske se SENYÈ a, Bondye nou an, ki t ap goumen pou nou an. 4Nou wè, mwen te apòsyone pou nou nasyon sila ki rete yo kòm eritaj pou tribi nou yo, avèk tout nasyon ke mwen te koupe retire nèt yo, soti nan Jourdain an jis rive nan Gran Lamè a vè solèy kouche. 5SENYÈ a, Bondye nou an, li va pouse yo sòti devan nou e chase yo soti pou nou pa wè yo. Konsa, nou va posede peyi yo, jis jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te pwomèt nou an.
6Pou sa, Kenbe fèm! Sonje e fè tout sa ki ekri nan liv lalwa Moïse la, pou nou pa vire akote li, ni adwat, ni agoch. 7Ke nou pa asosye avèk nasyon sila yo, sila ki toujou rete pami nou yo, ni nonmen non a dye pa yo, ni fè pèsòn sèmante pa yo, ni sèvi yo, ni bese devan yo. 8Men nou dwe kenbe fèm a SENYÈ a, Bondye nou an, jis jan ke nou te fè jis Jodi a.
9Paske SENYÈ a te chase deyò, nasyon ki gran e ki gen fòs soti devan nou. Epi pou nou menm, nanpwen pèsòn ki te konn kanpe devan nou jis Jodi a. 10Youn nan moun pa nou yo va fè yon milye sove ale; paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Li menm ki goumen pou nou jan Li te pwomèt nou an. 11Pou sa, veye tèt nou anpil pou nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an.
12Paske si nou janm retounen pou kole a lòt nasyon sila yo, sila ki rete toujou pami nou yo, e vin fè maryaj avèk yo, pou nou vin nan relasyon avèk yo, e yo menm avèk nou, 13konnen, anverite, ke SENYÈ a, Bondye nou an, p ap kontinye chase nasyon sila yo sòti devan nou; men yo va vin yon pèlen ak yon pyèj pou nou, yon frèt bò kote nou ak pikan nan zye nou, jiskaske nou peri sòti nan bon peyi sa a ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an.
14Alò, gade, jodi a, mwen ap fè chemen ki oblije fèt pou tout tè a. Konsa, nou konnen nan tout kè nou ak nan tout nanm nou, ke pa menm yon mo nan tout pawòl ke SENYÈ a, Bondye nou an, te pale konsènan nou menm pa t manke akonpli. Tout te vin akonpli pou nou. Pa youn nan yo pa t manke. 15Li va vin rive a nou menm ke menm jan tout bon bagay ke SENYÈ a Bondye nou an te pale de nou te vin rive, ke menm jan, SENYÈ a va mennen fè rive sou nou tout menas, jiskaske Li fin detwi nou e fè nou sòti nèt nan bon peyi sa a ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an, 16si nou transgrese akò a SENYÈ a, Bondye nou an, ke Li te kòmande nou an, pou ale sèvi lòt dye yo e bese devan yo. Konsa, kòlè Bondye va brile kont nou e nou va peri vit, pou nou kite bon peyi ke Li te bannou an.”

Did you know?
Joshua's Farewell Address
- In his advanced age, after Israel had enjoyed a period of rest from surrounding enemies, Joshua gathered Israel's elders, leaders, judges, and officers. He urged them to remain strong and faithfully keep all that was written in the Book of the Law of Moses.Sources: the Bible text itself · Joshua · Moses
- The territory allotted to the tribes stretched from the Jordan River westward to the Great Sea, the ancient name for the Mediterranean Sea. Joshua warned Israel against making alliances, intermarrying, or worshipping the gods of the nations that still remained in the region.Sources: the Bible text itself · Jordan · Great Sea
- Joshua emphasized covenant accountability, noting that just as none of God's good promises had failed to come to pass, breaking the covenant and serving other gods would inevitably bring ruin and loss of the land.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Great Sea · Today: Mediterranean Sea · 31.805, 34.170 · verse 4
- Jordan · Today: Jordan River · 31.761, 35.558 · verse 4
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org