Nations Bible

Job 34

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, Élihu te kontinye. Li te di:

2“Koute pawòl mwen yo, sila ki saj pami nou.

Koute mwen, nou menm ki gen konesans.

3Paske zòrèy la fè prèv pawòl yo,

jan bouch la goute manje a.

4Kite nou chwazi pou nou menm sa ki dwat;

kite nou konnen pami nou menm sa ki bon.

5Paske Job te di: ‘Mwen dwat, men

Bondye te rache dwa mwen an;

6èske mwen ta dwe manti selon dwa m?

Blese m se san gerizon, san ke m pa fè transgresyon.’

7Se kilès ki tankou Job,

k ap bwè giyonnen moun tankou se dlo,

8ki ale kenbe konpanyen ak sila ki fè inikite yo,

e mache avèk moun malveyan yo?

9Paske li te di: ‘Sa pa fè okenn avantaj pou moun

lè l pran plezi li nan Bondye.’

10“Pou sa, koute mwen, nou menm ki gen bon konprann.

Fòk se lwen pou Bondye ta fè mechanste,

e pou Toupwisan an fè mal.

11Paske Li rekonpanse lòm selon zèv li yo,

e fè li jwenn selon chemen li.

12Anverite, Bondye p ap aji avèk mechanste,

ni Toupwisan an p ap fè jistis vin konwonpi.

13Se kilès ki te bay Li otorite sou latè?

Epi se kilès ki te poze responsabilite tout mond lan sou Li?

14Si Li ta pran desizyon pou Li fè; si Li ta ranmase tout a Li menm

pwòp lespri Li a, menm ak souf Li a,

15Tout chè ta peri ansanm,

e lòm ta retounen nan pousyè.

16“Men si gen moun bon konprann, koute sa a;

koute vwa pawòl mwen yo.

17Èske menm yon moun ki rayi jistis ta dwe renye?

Èske ou va kondane Sila ki dwat e pwisan an,

18k ap di a yon wa: ‘Sanzave’,

a prens yo: ‘Nou mechan’;

19Ki p ap montre patipri a prens yo,

ni rich yo kon pi enpòtan ke pòv,

paske tout moun se zèv a men Li ke yo ye.

20Nan yon moman, yo mouri;

epi nan mitan lannwit, yon pèp vin etone.

Pwisan yo disparèt.

Yo retire san yon men leve.

21“Paske zye Li sou chemen a yon nonm.

Li wè tout pa li fè.

22Nanpwen fènwa, ni lonbraj fonse

kote malfektè inikite yo kab kache kò yo.

23Paske Li pa bezwen obsève yon nonm anpil

pou li ta dwe pase an jijman devan Bondye.

24Li kraze moun pwisan an an mòso, jan nou pa menm konprann,

e mete lòt moun nan plas yo.

25Se konsa, Li konnen zèv yo.

Li boulvèse yo nan lannwit, e yo kraze nèt.

26Li frape yo tankou mechan

nan yon kote pou tout moun wè,

27Akoz yo vire akote nan swiv Li, e pat okipe chemen Li yo;

28akoz yo te fè kri a malere a rive kote Li.

Li te tande kri a aflije yo.

29Lè L rete an silans, se kilès ki kab kondane L?

Epi lè L kache figi Li, alò, se kilès ki kab wè L?

Li pli wo ke nasyon, ni lòm,

30pou anpeche moun ki san Bondye yo vin

reye, ke pa vin gen yon pèlen pou pèp yo.

31“Paske èske nenpòt kon di Bondye,

‘Mwen koupab, mwen p ap fè ofans ankò;

32enstwi mwen sa ke m pa wè.

Si mwen te fè inikite, mwen p ap fè l ankò’?

33Èske Li va rekonpanse ak plan pa ou a, pou ou ka refize li?

Paske se ou menm ki oblije chwazi; se pa mwen.

Pou sa a, deklare sa ke ou konnen.

34Moun ak bon konprann va di mwen,

oswa yon nonm saj ki tande m va di:

35‘Job pale san konesans;

pawòl li yo san sajès.

36Mwen ta pito yo fè pwosè kont Job,

jis rive nan tout limit li,

akoz li reponn tankou moun mechan yo.

37Paske li ogmante rebelyon sou tout lòt peche l yo.

Li bat men li pami nou,

e ogmante pawòl li yo kont Bondye.’”

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Elihu Defends God's Justice

  • Elihu, the son of Barachel the Buzite, entered the dialogue after the debate between Job and his three friends had concluded, presenting his own evaluation of the crisis across chapters 32 to 37.Sources: Elihu · the Bible text itself
  • In chapter 34, Elihu appeals directly to surrounding listeners and wise men, inviting them to evaluate his reasoning just as the palate tastes food, while he defends God's absolute impartiality toward kings, nobles, and the poor alike.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.