Nations Bible

Job 33

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1“Malgre sa, koulye a, Job, souple tande mesaj mwen an

e koute tout pawòl mwen yo.

2Gade byen, se koulye a mwen ouvri bouch mwen.

Se lang nan bouch mwen ki pale.

3Pawòl mwen yo sòti nan ladwati kè mwen,

e lèv mwen pale soti yon kè ki renmen verite a.

4Se Lespri Bondye ki te fè m,

e souf Toupwisan an ki ban m lavi.

5Di m se pa sa, si ou kapab.

Alinye pawòl ou yo an lòd devan m, e kanpe.

6Men gade byen, mwen se moun Bondye menm jan tankou ou.

Mwen menm tou te fèt ak ajil la.

7Gade byen, se pa okenn krent mwen gen,

ki ta bay ou laperèz,

ni se pa akoz fòs pwa balans mwen an,

ke ou ta twouve chaj la lou.

8“Anverite, ou te pale kote pou m ta tande,

e mwen te tande son a pawòl ou yo.

9Job te di: ‘Mwen san tach, san transgresyon;

mwen inosan e nanpwen koupabilite nan mwen.

10Gade byen, Li envante pretèks kont mwen;

Li kontwole m tankou lènmi.

11Li mete pye mwen nan sèp;

Li veye tout chemen mwen yo.’

12“Gade byen Job, kite mwen di ou, ou pa gen rezon nan sa,

paske Bondye pi gran ke lòm.

13Poukisa ou plenyen kont Li

ke Li pa eksplike ou tout zak Li yo?

14Anverite, Bondye pale yon fwa, oswa de fwa,

men pèsòn pa okipe sa.

15Nan yon rèv, yon vizyon nan nwit lan,

lè dòmi pwofon konn tonbe sou lòm,

pandan yo nan somèy sou kabann yo,

16konsa, Li ouvri zòrèy a lòm

e mete so sou enstriksyon yo,

17pou Li kapab vire lòm pou chanje kondwit li

e anpeche li fè ògèy.

18Konsa, Li pwoteje nanm li pou l pa rive nan fòs la

e lavi li pou l pa lantre nan Sejou Lanmò a.

19“Lòm, anplis, resevwa chatiman doulè sou kabann li;

avèk plent san rete jis rive nan zo li;

20jiskaske lavi li vin rayi pen,

e nanm li, manje ke li te pi renmen an.

21Chè li epwize vin disparèt pou moun pa wè l

e zo li yo ki pa te konn vizib pouse vin parèt.

22Nanm li vin rale toupre fòs lanmò a

e lavi li pwoche sila kap detwi yo.

23“Si gen yon zanj pou ta entèsede pou li,

se tankou youn nan yon milye,

ki pou ta fè yon moun sonje sa k ap bon pou li,

24konsa, Bondye fè l gras. Li di l:

‘Delivre li pou l pa rive nan fòs lanmò a,

Mwen te twouve yon racha.’

25Kite chè li vin pi fre ke li te ye nan jenès li.

Kite li retoune nan jou a fòs jenès li yo.

26Konsa, li va priye a Bondye,

e Li va aksepte li, pou l kab wè figi L plen ak jwa.

Se konsa, Li restore ladwati a lòm.

27Li va chante devan lèzòm. Li va di:

“Mwen te peche, mwen te konwonpi sa ki dwat,

e li pa t bon pou mwen.

28Li te rachte nanm mwen pou l pa rive nan fòs lanmò a,

e lavi m va wè limyè a.’

29“Gade byen, Bondye konn fè tout bagay

sa yo de fwa, menm twa fwa ak yon nonm,

30pou mennen nanm li fè l sòti kite fòs lanmò a,

pou l kab eklèsi ak limyè lavi a.

31Prete atansyon, O Job, koute m byen;

rete an silans e kite mwen pale.

32Si ou gen yon bagay pou di, alò, reponn mwen;

pale, paske mwen vle ba ou rezon.

33Men si non, koute mwen;

rete an silans, e mwen va montre ou sajès.”

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Elihu Speaks on God's Discipline and Mediation

  • Elihu approaches Job not with overwhelming authority, but as a fellow mortal created by the breath of God and shaped from clay. He assures Job that he will not use intimidation or physical force to overpower him in their debate.Sources: the Bible text itself
  • In response to Job's complaint that God remains silent, Elihu argues that God speaks repeatedly through nocturnal dreams, visions, and physical suffering. According to Elihu, these painful experiences serve a disciplinary purpose to turn people from pride and preserve them from the Pit.Sources: the Bible text itself
  • Elihu describes the possibility of an angelic messenger or mediator who can intercede for a suffering person and declare a ransom. This divine intervention restores the person's physical vitality and enables joyful reconciliation with God.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.