Job 29
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Ankò, Job te reprann diskou. Li te di:
2“O ke m te menm jan ke m te ye nan mwa lontan yo!
Kon nan jou ke Bondye te bay rega sou mwen yo;
3Lè lanp Li yo te briye sou tèt mwen,
e pa limyè Li, mwen te mache pase nan fènwa a;
4Jan mwen te ye nan pi bèl nan jou mwen yo,
lè amitye Bondye te sou tant mwen an;
5lè Toupwisan an te toujou avè m,
e pitit mwen yo te antoure mwen;
6lè pa mwen yo te benyen nan bè
e wòch la t ap vide ban mwen gwo flèv lwil!
7Lè m te konn sòti nan pòtay lavil la,
pou m te gen chèz mwen sou plas la.
8Jennonm yo te wè m, e te kache kò yo,
e granmoun yo te konn leve kanpe.
9Prens yo te sispann pale
e te mete men yo sou bouch yo.
10Vwa a moun pwisan yo te rete,
e lang yo te kole anlè nan bouch yo.
11Paske lè zòrèy la te tande m, li te rele m beni,
e lè zye a te wè m, li te fè temwayaj benediksyon,
12akoz mwen te delivre malere ki te kriye pou sekou,
avèk òfelen ki pa t gen moun pou ede l la.
13Benediksyon a sila ki te prèt pou peri yo te rive sou mwen
e mwen te fè kè vèv la chante avèk jwa.
14Mwen te abiye nan ladwati e li te kouvri m;
jistis mwen te tankou yon manto, avèk yon tiban.
15Mwen te sèvi kon zye pou avèg yo,
e pye pou sila bwate yo.
16Mwen te yon papa pou malere a,
e ka ke m pa konnen an,
mwen te chache twouve bout li.
17Mwen te kase machwè a mechan an
e mwen te retire viktim nan anba dan l.
18Konsa, mwen te reflechi, “Mwen va mouri nan pwòp kay mwen,
e mwen va kontwole jou m yo anpil tankou sab.”
19Rasin mwen gaye tankou dlo e lawouze
kouche tout lannwit sou branch mwen yo.
20Fòs mwen toujou nèf,
e banza m renouvle nan men m.’
21“Moun yo te koute e te tann.
Yo te sispann pale pou tande konsèy mwen.
22Apre pawòl pa m, yo pa t pale ankò,
e pawòl mwen yo te etonnen yo.
23Yo te tann mwen tankou lapli.
Yo te ouvri bouch yo pou bwè,
konsi se pou lapli nan sezon prentan.
24Mwen te souri sou yo lè yo pa t kwè,
e limyè a figi m pa t janm vin ba.
25Mwen te chwazi yon chemen pou yo,
te chita tankou chèf,
e te demere tankou wa pami sòlda yo,
tankou yon moun ki bay rekonfò a sila ki andèy yo.”

Did you know?
Job Recalls His Former Honor
- In ancient times, the city gate and public square served as the center of community leadership, assembly, and judicial decisions. Job recalls sitting there as an honored counselor and chief, where young men stepped aside, elders stood in respect, and nobles fell silent to hear his guidance.Sources: the Bible text itself
- Job describes his former righteousness in terms of social justice and active protection of the vulnerable. He acted as an advocate and helper for the poor, the fatherless, the widow, the blind, the lame, and the stranger, while actively restraining oppressors.Sources: the Bible text itself
- Job is identified as an Arabian patriarch who resided in the land of Uz. In this chapter, he looks back with deep longing on the time before his sudden calamities, when his children were gathered around him and his household enjoyed exceptional prosperity and friendship with God.Sources: Job · the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org