Job 28
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Anverite, gen yon min pou ajan
e yon plas pou rafine lò.
2Fè retire nan pousyè a
e kwiv la fonn soti nan wòch la.
3Lòm fè tenèb la pati,
e rive jis nan dènye limit lan.
Li chache twouve wòch kap kache a,
ak nan pwofon fènwa.
4Li fouye yon twou fon byen lwen kote moun rete,
kote ki bliye nèt pa pye moun.
Konsa, yo pandye, yo balanse byen lwen limanite.
5Pou tè a, depi nan li, manje sòti,
men anba, li boulvèse tankou dife.
6Wòch li se sous a pyè safi yo.
Epi nan pousyè li, genyen lò.
7Chemen li pa rekonèt pa koukou,
ni zye grigri pa janm wè l.
8Bèt pi fewòs yo pa mache la,
ni lyon pa pase sou li.
9Li mete men li sou wòch silèks la.
Li chavire mòn yo soti nan baz yo.
10Li kreve kanal ki pase nan wòch yo,
e zye li wè tout sa ki presye.
11Li bouche flèv yo pou dlo pa koule
e sa ki kache yo, li fè yo parèt nan limyè.
12“Men se kibò yo twouve sajès?
Epi kibò yo jwenn sajès la?
13Lòm pa konnen valè li,
ni valè li pa kab twouve nan peyi
moun vivan yo.
14Labim nan di: “Li pa nan mwen”.
Lanmè a di: ‘Li pa bò kote m’.
15Lò pi pa egal ak valè l,
ni ajan pa kab peze kon pri li.
16Valè li pa kab konpare ak lò Ophir,
oswa oniks presye, oswa safì.
17Ni lò ni vit pa egal avè l,
ni li pa kab fè echanj pou bagay ki fèt an lò fen.
18Koray ak kristal, bliye sa nèt.
Posede sajès se pi wo ke pèl.
19Topaz a Éthiopie a pa kab konpare avè l;
ni li pa kab valorize an lò pi.
20E byen, se kibò sajès la sòti?
Epi kibò anplasman bon konprann nan ye?
21Konsa, li kache a zye de tout èt vivan yo
e kache menm a zwazo syèl yo.
22Labim nan ak lanmò a pale:
‘Ak zòrèy nou, nou konn tande rapò bagay sa a.’
23Bondye konprann chemen li
e Li konnen plas li.
24“Paske Li chache jis rive nan dènye pwent latè
e wè tout bagay anba syèl yo.
25Lè L te bay pwa a van an
e te divize dlo yo pa mezi,
26Lè L te etabli yon limit pou lapli
e yon chemen pou kout eklè,
27Li te wè l e Li te deklare li.
Li te etabli li e anplis, Li te konprann bout li.
28Konsa, a lòm Li te di:
‘Gade byen, lakrent Senyè a, se sa ki sajès;
epi kite mal, se sa ki bon konprann.’”

Did you know?
The Mining of Treasures and the Value of Wisdom
- Job 28 offers a vivid description of ancient mining practices, including digging deep shafts far from human settlements, descending on ropes, tunneling through rock, and damming underground water sources to extract copper, iron, silver, and precious stones.Sources: the Bible text itself
- To emphasize that wisdom exceeds all earthly wealth, the poem references the gold of Ophir and topaz from Cush (translated as Ethiopia in the Greek Septuagint). Ophir was a famous ancient source of pure gold often linked to Arabia or India, while Cush designated the region south of Egypt.Sources: the Bible text itself · Ophir · Ethiopia
- The poem concludes that while humans can master the subterranean world to extract buried treasures, true wisdom cannot be bought or mined. Instead, God reveals that wisdom for mortals consists in the fear of the Lord and turning away from evil.Sources: the Bible text itself
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Ethiopia · 16.935, 33.751 · verse 19
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org