John 7
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Apre bagay sa yo, Jésus t ap mache nan Galilée. Li pa t dakò pou mache nan Judée pwiske Jwif yo t ap chache pou touye L.
2Koulye a, fèt a Jwif yo, Fèt Tonèl yo, t ap pwoche. 3Frè Li yo te di L: “Kite isit la epi ale nan Judée pou disip pa W yo osi kapab wè zèv ke Ou ap fè yo. 4Paske pèsòn pa fè anyen nan sekrè lè li vle rekonèt an piblik. Si Ou fè bagay sa yo, Ou bezwen montre Ou menm a tout mond lan.” 5Paske menm frè Li yo pa t kwè nan Li.
6Pou sa, Jésus te di yo: “Lè M poko rive, men lè pa nou toujou bon.
7“Lemonn pa kapab rayi nou. Men Li rayi Mwen, paske Mwen temwaye sou li ke zèv li yo mechan.
8“Monte nan fèt la nou menm. Mwen pa ale nan fèt sila a, paske lè Mwen poko fin acheve.” 9Lè L fin di yo bagay sa yo, Li te rete nan Galilée.
10Men lè frè Li yo te ale nan fèt la, alò, Li menm tou te monte. Pa an piblik, men kòmsi an sekrè.
11Konsa, Jwif yo t ap chache pou Li nan fèt la e t ap di: “Kote Li ye?”
12Epi te gen anpil pale pami foul la ki t ap fèt sou Li. Kèk t ap di: “Li se yon bon moun.” Lòt t ap di: “Non, okontrè l ap egare moun yo.” 13Malgre sa, pèsòn pa t pale ouvètman konsènan Li, paske yo te pè Jwif yo.
14Men se lè yo te rive nan mitan fèt la ke Jésus te monte nan tanp lan, e te kòmanse ansegne.
15Pou sa, Jwif yo te etone, e t ap di “Kijan nonm sa a vin edike konsa, konsi Li pa te janm enstwi?”
16Pou sa, Jésus te reponn yo e te di: “Lenstriksyon pa M se pa pa M, men se pou Li menm ki te voye M nan.
17“Si nenpòt moun dakò pou fè volonte L, l ap konnen enstriksyon an, si Li sòti nan Bondye, oubyen si Mwen pale pou kont Mwen. 18Sila ki pale pou kont li chache pwòp glwa pa li, men Sila k ap chache glwa a Sila ki te voye L la; Li menm se verite, e pa gen linikite nan Li.
19“Èske Moïse pa t bay nou lalwa, men malgre sa, pa gen nan nou ki swiv lalwa? Poukisa nou ap chache touye M?”
20Foul la te reponn Li: “Ou gen yon move lespri! Kilès k ap chache touye W la?”
21Jésus te reponn yo e te di: “Mwen te fè yon sèl zèv, e nou tout etone.
22“Sou kont sila a, Moïse te bay nou sikonsizyon (pa paske li te soti nan Moïse, men nan papa zansèt yo), e nan Saba a, nou sikonsize yon moun. 23Si yon moun resevwa sikonsizyon nan Saba a, pou anpeche lalwa Moïse la vyole, èske nou fache avè M akoz ke Mwen te fè yon moun geri nèt nan Saba a.
24“Pa jije selon aparans, men jije avèk jijman ki jis.”
25Pou sa, kèk nan pèp Jérusalem la t ap di: “Se pa mesye sila a ke y ap chache touye a? 26Epi gade, L ap pale devan tout moun, e yo p ap di L anyen. Otorite yo pa petèt sipoze konnen ke sa se Kris La? 27Men nou menm konnen kote mesye sa a sòti. Men nenpòt lè Kris La vini, pèsòn p ap konnen kote Li sòti.”
28Akoz sa a, Jésus te rele fò nan tanp lan e te enstwi e te di: “Nou non sèlman konnen Mwen e kote Mwen sòti. Mwen pa t vini pou kont Mwen, men Li menm ki te voye M nan vrè. Li menm ke nou pa konnen an. 29Mwen konnen Li paske Mwen sòti nan Li, e Li te voye M.”
30E yo t ap chache pou sezi Li, men pèsòn pa t mete men sou Li, paske lè Li poko te rive.
31Men anpil nan foul la te kwè nan Li, e t ap di: “Lè Kris la vini, èske nou sipoze l ap fè plis sign pase sa mesye sila a gen tan fè yo?”
32Farizyen yo te tande foul la ki t ap repete bagay sa yo konsènan Li. Epi chèf prèt yo avèk Farizyen yo te voye ofisye yo pou sezi Li.
33Pou sa, Jésus te di: “Pou yon ti tan anplis, Mwen avèk nou. Apre, M ap prale a Li menm ki te voye M nan. 34Nou va chache M, e nou p ap twouve M. E kote Mwen ye, nou p ap kab vini.”
35Pou sa Jwif yo te di youn ak lòt: “Kote mesye sa a prale pou nou p ap kab twouve L? Ou pa sipoze ke L ap prale nan dyaspora pami Grèk yo, pou l enstwi Grèk yo? 36Kisa li t ap di la a: ‘Nou va chache M, e nou p ap twouve M; epi Kote Mwen ye, nou p ap kab vini’?”
37Nan dènye jou fèt la, Jésus te kanpe e te kriye: “Si nenpòt moun swaf, kite L vin kote Mwen epi bwè! 38Sila ki kwè nan Mwen, tankou Ekriti Sen an di: ‘Sòti nan pi fon anndan l va fè koule rivyè dlo vivan yo.’” 39Men sa, Li te pale konsènan Lespri a, ke sa ki te kwè nan Li yo ta resevwa. Paske Lespri a poko te parèt, akoz Jésus poko te vini nan glwa Li.
40Kèk nan moun yo, lè yo te tande pawòl sa yo, t ap di: “Vrèman, sa se pwofèt la.”
41Lòt t ap di: “Sa se Kris la”. Men toujou lòt t ap di: “Asireman nou pa ta kwè Kris la ta pral sòti nan Galilée! 42Èske Ekriti Sen an pa konn di ke Kris la va sòti nan ras David, epi nan Bethléem, vil kote David te ye a?”
43Konsa, te gen yon divizyon nan foul la akoz Li. 44Kèk te vle sezi Li, men pèsòn pa t mete men l sou Li.
45Konsa, ofisye yo te vin kote chèf prèt ak Farizyen yo e te di yo: “Poukisa nou pa t mennen Li?”
46Ofisye yo te reponn: “Janmen yon moun pa pale tankou moun sa a pale.”
47Pou sa, Farizyen yo te reponn yo: “Èske Li gen tan egare nou menm tou? 48Èske gen pami gwo chèf Farizyen yo ki kwè nan Li? 49Men foul sa a ki pa konnen Lalwa, gen madichon.”
50Nicodème (ki te vin kote Li avan an, epi te youn nan yo) te di yo: 51“Lalwa pa nou pa jije yon moun avan ke premyèman li tande li epi konnen ki sa li fè. Èske sa konn fèt?”
52Yo te reponn li e te di: “Èske ou menm sòti nan Galilée tou? Egzamine Lekriti yo epi ou va wè ke nanpwen pwofèt ki sòti nan Galilée.” 53E tout moun ale lakay yo.

Did you know?
Jesus at the Feast of Tabernacles
- As the Jewish Feast of Tabernacles, a seven-day feast, drew near, Jesus stayed in Galilee and avoided Judea, where people were trying to kill him. In his time Judea was the southernmost of the three Roman divisions of Palestine, distinct from Galilee and Samaria; he later went up to the feast in secret and taught in the temple courts.Sources: the Bible text itself · Feast of Tabernacles · Judea
- The crowds were divided over where the Christ would come from. Some said that Scripture places him in David's line and in Bethlehem, the village where David, the eighth and youngest son of Jesse, lived; others objected that he could not come from Galilee, a region long called Galilee of the Gentiles, and the Pharisees insisted that no prophet comes from there.Sources: the Bible text itself · David · Galilee
- Nicodemus, a Pharisee and a member of the Sanhedrin, had earlier come to Jesus at night. When the officers sent to arrest Jesus returned without him, Nicodemus protested and asked whether their law condemned a man before hearing him and finding out what he had done.Sources: the Bible text itself · Nicodemus
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Galilee · 32.760, 35.527 · verses 1, 3, 9, 41, 52
- Judea · Today: Judea 1 · 31.777, 35.234 · verses 1, 3
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 25
- Bethlehem · 31.704, 35.208 · verse 42
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org