Nations Bible

John 13

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Alò, avan Fèt Pak Jwif la, Jésus te byen okouran ke lè Li te rive epi ke Li t ap kite mond sa a pou ale kote Papa a. Konsa Li te renmen moun pa Li yo ki te nan lemonn. Li te renmen yo jiska lafen.

2Pandan yo t ap soupe, dyab la te deja mete nan kè Judas, fis Simon an, pou trayi Li.

3Jésus, byen konnen ke Papa a te mete tout bagay nan men Li, e ke Li te sòti nan Bondye, e t ap retounen a Bondye, 4te leve nan soupe a. Li te retire gwo vètman Li. Li te pran yon twal e te vlope l nan kò Li. 5Li te vide dlo nan basen an e te kòmanse lave pye a disip Li yo, e siye yo avèk twal ki te vlope L la.

6E konsa, lè L rive nan Simon Pierre, li te di Li: “Senyè, w ap lave pye mwen?”

7Jésus te reponn e te di Li: “Sa ke M ap fè la a koulye a, ou p ap konprann, men pita, ou va konprann.”

8Pierre te di Li: “Ou p ap janm lave pye mwen!” Jésus te reponn li: “Si Mwen pa lave ou, ou p ap gen pati nan Mwen.”

9Simon Pierre te di Li: “Senyè, pa sèlman pye mwen, men anplis men mwen ak tèt mwen.”

10Jésus te di li: “Sila a ki gen tan benyen sèlman bezwen lave pye li. Men tout rès li pwòp. Nou menm nou pwòp, men pa tout pami nou.” 11Paske Li te konnen kilès ki t ap trayi Li, e pou rezon sa a Li te di: “Se pa tout nan nou ki pwòp.”

12Konsa, lè Li te lave pye yo, e te reprann vètman Li yo, Li te apiye sou tab la ankò, e te di yo: “Èske nou konnen kisa Mwen gen tan fè nou la a? 13Nou rele M ‘Mèt’, epi ‘Senyè’, e nou gen rezon, paske se sa Mwen ye. 14Pou sa, si Mwen, Senyè a ak Mèt la lave pye nou, nou osi dwe lave pye youn a lòt. 15Paske Mwen te bay nou yon egzanp ke nou menm osi dwe fè tankou Mwen te fè pou nou.

16“Anverite, anverite, Mwen di nou, yon esklav pa pi gran pase mèt li. Ni yon moun ki voye pa pi gran pase sila ki voye l la. 17Si nou konnen bagay sa yo, nou beni si nou fè yo.

18“Se pa a nou tout ke M pale. Mwen konnen sila ke M te chwazi yo. Men se pou Lekriti sen yo kapab akonpli. ‘Sila ki manje pen Mwen an te leve talón li kont Mwen.’

19“Depi koulye a, M ap di nou avan li rive, pou lè li rive, nou kapab kwè ke Mwen menm se Li.

20“Anverite, anverite, Mwen di nou, sila a ki resevwa nenpòt moun ke M voye, resevwa M. E sila ki resevwa Mwen, resevwa Li menm ki te voye Mwen an.”

21Lè Jésus te fin di sa, Li te vin twouble nan lespri L, e te fè temwayaj e te di: “Anverite, anverite Mwen di nou ke youn nan nou ap trayi M.”

22Disip yo te kòmanse gade youn a lòt, san okenn lide sou kilès nan yo Li t ap pale a.

23Te gen youn ki t ap apiye sou Jésus, sila ke Li te renmen anpil la. 24Konsa, Simon Pierre te fè l siyal, e te di li: “Di nou kilès nan nou ke L ap pale a.” 25Sila ki te apiye sou pwatrin Jésus a, te di Li: “Senyè, kilès li ye?”

26Pou sa, Jésus te reponn: “Sila a ke M ap bay mòso pen ke M pral tranpe bay li a.” Lè L tranpe mòso a Li te pran li bay Judas, fis a Simon Iscariot.

27Epi apre mòso a, Satan te antre nan li. Konsa, Jésus te di l: “Sa w ap fè a, fè vit.”

28Pèsòn pami sa yo sou tab la pa t konnen pou ki rezon Li te di l sa. 29Kèk te sipoze ke se te akoz Judas te gen bwat kès la, epi ke Jésus t ap di l: “Ale achte bagay nou bezwen pou fèt la,” oubyen petèt ke li ta dwe bay kèk choz a malere yo.

30Apre li te resevwa mòso a, li te sòti nan menm moman an. E li te lannwit.

31Konsa, lè l gen tan ale, Jésus te di: “Koulye a Fis a Lòm nan gen tan resevwa glwa, epi Bondye resevwa glwa nan Li. 32Si Bondye resevwa glwa nan Li, Bondye osi ap resevwa glwa Li, nan Li menm, epi va resevwa glwa Li koulye a menm.”

33“Pitit Mwen yo, Mwen avèk nou pou yon ti tan anplis. Nou ap chache M, e tankou Mwen te di Jwif yo, koulye a M ap di nou tou. Kote M ap ale, nou p ap kab vini.

34“Yon kòmandman nèf Mwen bay nou. Ke nou renmen youn a lòt menm jan ke Mwen renmen nou. Konsa renmen youn a lòt. 35Konsa, tout moun ap konnen ke nou menm se disip Mwen yo, si nou gen lanmou youn pou lòt.”

36Simon Pierre te di Li: “Senyè, kibò W ap prale?” Jésus te reponn li: “Kote M ap prale a, ou p ap kapab ale koulye a, men pita, ou va swiv Mwen.”

37Pierre te di Li: “Senyè, poukisa mwen pa kapab swiv Ou koulye a? Mwen va bay vi m pou Ou.”

38Jésus te di: “Èske ou va bay vi ou pou Mwen? Anverite, anverite, Mwen di ou, avan kòk la gen tan chante, ou va rejte Mwen twa fwa.”

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

John 13: Love to the End

  • The disciple who leaves to betray Jesus is Judas, son of Simon—not Simon Peter, but another Simon named as Judas's father—called Iscariot. Easton's Bible Dictionary (1897) explains that surname as meaning a man of Kerioth, and notes that his name stands last in the apostle lists of the first three Gospels. He kept the money bag, so when Jesus told him to do quickly what he was about to do, some at the table thought Jesus was telling him to buy what was needed for the feast or to give something to the poor.Sources: the Bible text itself · Judas Iscariot · Simon
  • The chapter uses both 'the devil' and 'Satan' for the one behind Judas's betrayal: the devil had already put betrayal into his heart, and after he took the dipped morsel, Satan entered into him. Easton's Bible Dictionary (1897) says that Satan means adversary or accuser, and that in the New Testament the name is used interchangeably with Diabolos, or the devil, more than thirty times.Sources: the Bible text itself · Satan
  • Simon Peter, who first refuses to let Jesus wash his feet and then asks to have his hands and head washed as well, was originally called Simon, which Easton's Bible Dictionary (1897) equates with Simeon, meaning 'hearing.' He was a fisherman from Bethsaida, on the western coast of the Sea of Galilee. Later in the chapter he promises to lay down his life for Jesus, who tells him that before the rooster crows he will deny him three times.Sources: the Bible text itself · Simon Peter

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.