Jeremiah 7
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, ki te di: 2“Kanpe nan pòtay lakay SENYÈ a. La, pwoklame pawòl sa a. Di l konsa: ‘Koute pawòl SENYÈ a, nou tout nan Juda, ki antre nan pòtay sa yo pou adore SENYÈ a!’”
3Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Korije chemen nou yo ak zèv nou yo, e Mwen va kite nou rete nan plas sa a. 4Pa mete konfyans nan pawòl manti k ap di nou: ‘Sa se tanp SENYÈ a, tanp SENYÈ a, tanp SENYÈ a.’ 5Paske si, anverite, nou korije chemen nou yo, ak zèv nou yo; si, anverite, nou pratike jistis antre yon nonm ak vwazen li, 6si nou pa oprime etranje a, òfelen an, oswa vèv la e pa vèse san inosan a nan plas sa, ni mache dèyè lòt dye anvè pwòp destriksyon nou, 7alò, Mwen va kite nou rete nan plas sa a, nan peyi ke M te bay a papa zansèt nou yo jis pou tout tan. 8Gade byen, nou ap mete konfyans nan pawòl riz yo. Yo p ap ka fè anyen pou nou. 9Èske nou va vòlè, touye moun, komèt adiltè, bay fo temwayaj, ofri sakrifis a Baal, e mache dèyè lòt dye ke nou pa t konnen, 10epi konsa,vin kanpe devan Mwen nan kay sila a, ki rele pa non Mwen an, pou di M: ‘Nou delivre,’ —konsa pou nou ka fè tout bagay abominab sila yo? 11Èske kay sila a, ki rele pa non pa M nan, èske non l vin chanje pou l vin yon kav plen vòlè devan zye nou? Gade byen, Mwen menm, Mwen te wè l,” deklare SENYÈ a.
12“Men ale koulye a kote plas Mwen an Silo, kote non Mwen te rete an premye a. Gade la pou wè sa M te fè li akoz mechanste a pèp Mwen an, Israël la. 13Konsa, akoz nou te fè tout bagay sa yo,” deklare SENYÈ a: “akoz Mwen te pale ak nou, lè M te leve bonè pou nou te pale, men nou pa t tande. Mwen te rele nou, men nou pa t reponn. 14Akoz sa a, Mwen va fè rive nan kay ki rele pa non Mwen an, nan sila nou mete konfyans lan e plas ke M te bay a nou menm ak papa zansèt nou yo, menm sa M te fè nan Silo a. 15Mwen va jete nou deyò pou zye m pa wè nou, tankou Mwen te jete tout frè nou yo deyò, tout desandan Éphraïm yo.
16“Pou ou menm, pa priye pou pèp sila a. Pa leve yon kri pou yo, ni entèsede avè M, paske Mwen pa tande ou. 17Èske ou pa wè ki sa y ap fè nan vil Juda yo ak nan lari Jérusalem yo? 18Timoun yo ranmase bwa, papa yo mete dife ladann e fanm yo bat pat farin nan pou fè gato pou rèn syèl la. Yo vide ofrann bwason bay lòt dye yo pou yo ka vekse M. 19Èske yo vekse M? deklare SENYÈ a. “Èske se pa tèt yo ke y ap vekse jis rive nan malkonprann ki rive sou pwòp figi yo?”
20Pou sa, pale Senyè BONDYE a, “Kòlè Mwen ak chalè Mwen va vide sou plas sa a, ni sou lòm, ni bèt, ni bwa chan, ak sou tout fwi tè yo. Li va brile, e li p ap ka etenn.”
21Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Ajoute ofrann nou yo sou sakrifis nou yo e manje chè. 22Paske Mwen pa t pale ak papa zansèt nou yo, ni kòmande yo nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, pou ofrann brile, ni pou sakrifis. 23Men sa ke M te kòmande yo e Mwen te di: ‘Obeyi vwa M, e Mwen va Bondye nou e nou va pèp Mwen. Mache nan tout vwa ke M kòmande nou yo, pou tout bagay ale byen ak nou.’ 24Sepandan, yo pa t obeyi, ni yo pa t panche zòrèy vè Mwen. Men yo te mache nan pwòp konsèy pa yo, nan tèt di a kè mechan yo, e yo te fè an aryè olye yo fè devan. 25Depi nan jou ke papa zansèt nou yo te sòti nan peyi Égypte la, jis rive nan jou sila a, Mwen te voye bannou tout sèvitè Mwen yo ak pwofèt yo. Chak jou Mwen te leve granmmaten pou voye yo. 26Sepandan, yo pa t koute Mwen, ni panche zòrèy yo, men yo te fè tèt di. Yo te fè plis mal pase papa yo.
27“Ou va pale tout pawòl sa yo avèk yo, men yo p ap koute ou. Ou va rele kote yo, men yo p ap reponn ou. 28Ou va di yo: ‘Sa se nasyon ki pa t obeyi vwa SENYÈ a, Bondye pa yo a, ni ki pa t aksepte koreksyon. Verite fin peri e koupe retire nèt nan bouch yo. 29Koupe retire cheve ou, e jete li. Kòmanse fè gwo kri sou wotè vid yo. Paske SENYÈ a fin rejte e abandone jenerasyon kòlè Li a.’
30“Paske fis a Juda yo te fè mal nan zye M,” deklare SENYÈ a. “Yo te mete bagay abominab pa yo nan kay ki rele pa non Mwen an, pou souye li. 31Yo te bati wo plas la nan Topheth, ki nan vale a fis a Hinnom an, pou brile fis ak fi pa yo nan dife, ke M pa t kòmande, ni sa pa t rive nan tèt Mwen. 32Pou sa, gade byen, jou yo ap vini,” deklare SENYÈ a: “lè li p ap rele Topheth ankò, ni vale a fis a Hinnom an, men vale a masak la; paske yo va fè antèman Topheth, jis pa gen plas pou antere ankò. 33Kadav mouri a pèp sila yo va fè manje pou zwazo syèl yo ak pou bèt latè yo. Epi nanpwen moun k ap chase yo ale. 34Nan moman sa a, Mwen va fè sispann soti nan vil a Juda yo ak lari a Jérusalem yo, vwa a kè kontan ak vwa a jennonm k ap marye a, ak fi maryaj la; paske peyi a va devaste nèt.”

Did you know?
The Temple Sermon and False Security
- The people of Judah believed the presence of the temple in Jerusalem guaranteed divine protection. Jeremiah countered this assumption by pointing to Shiloh, an earlier sanctuary in the territory of Ephraim that God had abandoned because of the people's wickedness.Sources: the Bible text itself · Shiloh · Ephraim
- The chapter depicts idolatry as a full family endeavor in the streets of Jerusalem, where children gathered wood, fathers kindled fires, and women baked cakes for foreign deities alongside offerings made to Baal.Sources: the Bible text itself · Baal · Jerusalem
- Jeremiah condemned the practice of child sacrifice at Topheth in the Valley of Hinnom, announcing that the site of these rites would be renamed the Valley of Slaughter due to the coming judgment.Sources: the Bible text itself · Topheth · Valley of the Son of Hinnom · Valley of Slaughter
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Shiloh · Today: Khirbet Seilun · 32.056, 35.290 · verses 12, 14
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 17, 29, 34
- Egypt · 30.129, 31.308 · verses 22, 25
- Topheth · Today: in the Hinnom Valley · 31.769, 35.228 · verses 31, 32
- Valley of Hinnom · Today: Hinnom Valley · 31.769, 35.228 · verses 31, 32
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org