Nations Bible

Jeremiah 6

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1“Pran flit pou sove, O fis a Benjamin yo! Sòti nan mitan Jérusalem! Soufle yon twonpèt Tekoa e leve sinyal la sou Beth-Hakkérem, paske malè ap veye nou soti nan nò, yon gwo destriksyon. 2Sila ki bèl e delika a, fi a Sion an, Mwen va koupe retire l nèt. 3Bèje yo ak bann mouton pa yo va vin kote li. Yo va monte tant yo antoure li, e yo chak va fè pak bèt yo nan plas yo.

4“Prepare lagè kont li! Leve! Annou atake a midi. Malè a nou menm, paske joune a ap vin bese, paske lonbraj lannwit yo ap vin pi long! 5Leve e annou atake pandan nwit lan pou detwi palè li yo!” 6Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo; “Koupe pyebwa li yo, e fè monte yon ran syèj kont Jérusalem. Se vil ki dwe pini an, vil ki plen opresyon an. 7Kon yon pwi kenbe dlo li fre, se konsa li rafrechi mechanste li. Vyolans ak destriksyon vin tande nan li. Maladi ak blesi devan M tout tan. 8Se pou ou vin avèti, O Jérusalem, pou M pa vin about ak ou, pou vin fè ou dezole, yon peyi ki san moun.”

9Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Yo va fè yon rekòlt nèt, tankou chan rezen retay Israël la. Repase men ou ankò sou branch yo konsi se dènye ranmase rezen yo.”

10Se a kilès pou m ta pale e bay avètisman pou yo ka tande? Gade byen, zòrèy yo bouche e yo p ap ka koute. Gade byen, pawòl SENYÈ a vin sèvi kon repwòch pou yo. Yo pa twouve okenn plezi ladann. 11Men mwen plen ak kòlè SENYÈ a. Mwen vin bouke ak kenbe l anndan.

“Vide li sou timoun lari yo ak sou jenn gason k ap rasanble;

paske ni mari, ni madanm, yo va vin pran,

menm sa ki nan laj ak granmoun.

12Lakay pa yo va bay a lòt moun, chan yo

ak madanm yo ansanm;

paske M ap lonje men M kont tout sila ki rete

nan peyi yo,” deklare SENYÈ a.

13Paske soti nan pi piti pami yo jis rive nan pi gran yo;

yo tout se voras dèyè richès.

Soti nan pwofèt la, jis rive nan prèt la.

Tout se malonèt.

14Yo te geri gwo blese pèp Mwen an ak pansman lejè.

Y ap di: “Lapè, lapè”, men nanpwen lapè.

15Èske yo te vin wont akoz bagay abominab yo te fè?

Yo pa t wont menm.

Yo pa t menm konnen kijan pou yo ta vin wont.

Akoz sa, yo va tonbe pami sila ki tonbe yo.

Nan lè ke Mwen fè vizit ak yo,

yo va vin jete anba”, di SENYÈ a.

16Konsa pale SENYÈ a: “Kanpe akote chemen yo e gade. Mande pou ansyen wout yo, ‘Kote bon chemen an ye?’ Mache ladan l. Konsa, nou va jwenn repo pou nanm nou.” Men yo te di: ‘Nou p ap mache ladann’. 17Mwen te mete gadyen yo sou nou. Mwen te di: ‘Koute son a twonpèt la!’ Men yo te di: ‘Nou p ap koute.’ 18Pou sa, tande, O nasyon yo e konnen, O asanble a, sa ki pami yo. 19Koute, O latè! Gade byen, Mwen ap mennen gwo dega sou pèp sa a; menm fwi a panse pa yo, akoz yo pa t koute pawòl Mwen yo, e selon lalwa Mwen an, yo te rejte li. 20Paske kisa sa sèvi, lansan an ki rive kote Mwen sòti Séba, ak kann dous soti nan yon peyi lwen? Ofrann brile nou yo pa fè M plezi.”

21Pou sa, pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen ap poze blòk k ap fè pèp sa a bite. Yo va bite kont yo. Papa yo ak fis yo va bite ansanm. Vwazen ak zanmi li va peri.” 22Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, yon pèp ap sòti nan peyi nò, yon gwo nasyon va leve soti nan ekstremite latè byen lwen. 23Yo kenbe rèd ak banza ak lans. Yo mechan anpil e yo pa gen mizerikòd menm. Vwa pa yo fè raj tankou lanmè, e yo monte sou cheval yo, byen alinyen kon yon sèl moun pou batay kont ou, O fi Sion an!”

24Nou konn tande rapò sa a. Men nou yo vin lage nèt. Gwo doulè fin sezi nou tankou doulè a yon fanm k ap akouche. 25Pa antre nan chan an, ni pa mache sou wout la, paske nepe lènmi a ak gwo laperèz sou tout kote. 26O fi a pèp mwen an, mete twal sak! Woule nan sann! Kriye fò konsi se pou sèl fis ke ou te fè a! Fè yon lamantasyon ki anmè pase tout lòt yo. Paske sibitman destriktè a va parèt sou nou.

27“Mwen te fè ou eseye la pou sonde metal pami pèp Mwen an, pou ou ka sonde e konnen chemen yo. 28Yo tout fè rebèl ak tèt di. Y ap mache toupatou bay move rapò a lòt. Se bwonz ak fè yo ye; yo tout konwonpi. 29Ponp fòj la soufle fò. Plon an manje nèt nan dife a. Anven, yo rafine toujou, men mechan yo pa janm vin separe. 30Moun va rele yo ajan rejte, akoz SENYÈ a te rejte yo.”

Did you know?

Impending Siege and Rejected Offerings

  • When warning the people of impending disaster from the north, Jeremiah urged the sounding of the ram's horn in Tekoa and the raising of fire signals over Beth-haccherem. Tekoa was a Judean town about twelve miles south of Jerusalem and visible from the city, while Beth-haccherem was known for its elevated vantage points suitable for sending beacon warnings.Sources: the Bible text itself · Tekoa · Beth-haccherem
  • The prophet rejected external religious rituals devoid of obedience, specifically mentioning frankincense imported from Sheba. Sheba was a kingdom in Southern Arabia known in the ancient world for its lucrative trade in high-value spices and perfumes.Sources: the Bible text itself · Sheba
  • The chapter concludes with metallurgical imagery, portraying Jeremiah as an assayer testing the people like metal ore. Despite intense heating with bellows to burn away impurities, the refining fails because the wickedness remains, leaving them labeled as rejected silver.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 6, 8
  • Tekoa · Today: Khirbet Teku’a · 31.632, 35.210 · verse 1
  • Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 2, 23
  • Sheba · 15.348, 44.206 · verse 20

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.