Nations Bible

Jeremiah 35

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Pawòl ki te rive a Jérémie soti nan SENYÈ a nan jou a Jojakim yo, fis a Josias la, wa Juda a, te di: 2“Ale lakay Rekabit yo. Pale avèk yo e mennen yo antre lakay SENYÈ a, nan youn nan chanm yo, e bay yo diven pou yo bwè.”

3Konsa, mwen te pran Jaazania, fis a Jérémie an, fis a Habazinia a, frè li yo, tout fis li yo ak tout kay Rekabit yo, 4epi mwen te mennen yo lakay SENYÈ la, nan chanm a fis a Hanan yo, fis a Jigdalia a, nonm Bondye ki te toupre chanm ofisye yo, ki te anwo chanm Maaséja a, fis a Schallum nan, gadyen pòt la. 5Epi mwen te plase devan mesye lakay Rekabit yo, krich plen ak diven ak tas, epi mwen te di yo: “Bwè diven!”

6Men yo te di: “Nou p ap bwè diven, paske Jonadab, fis a Récab la, papa nou, te bannou lòd e te di: ‘Nou p ap bwè diven, ni nou menm, ni fis nou yo jis pou tout tan. 7Nou pa pou bati kay e nou pa pou simen semans, ni plante chan rezen, ni achte youn; men se nan tant nou dwe viv pandan tout jou nou yo, pou nou kapab viv anpil jou nan peyi kote nou demere a.’ 8Nou te obeyi a vwa Jonadab, fis a Récab la, papa nou, nan tout sa li te kòmande nou, pou pa bwè diven pandan tout jou nou yo, nou menm, madanm nou, fis nou yo ak fi nou yo, 9ni bati pou nou menm kay pou nou ta viv ladann. Nou pa genyen chan rezen yo, ni chan kiltive, ni semans, 10“Men se sèlman nan tant nou te rete yo. Nou te obeyi e te fè selon tout sa ke Jonadab, papa nou, te kòmande nou yo. 11Men lè Nebucadnetsar, wa Babylone nan, te monte kont peyi a, nou te di: ‘Vini! Annou ale Jérusalem akoz lakrent lame Kaldeyen yo ak lakrent lame Siryen yo. Konsa, nou va rete Jérusalem.’”

12Epi pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie. Li te di: 13“Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Ale di a mesye Juda yo, e a sila k ap viv Jérusalem yo: “Èske nou p ap resevwa lenstriksyon pou koute pawòl Mwen yo?” deklare SENYÈ a. 14“Pawòl a Jonadab, fis a Récab la, ke li te kòmande fis li yo pou pa bwè diven yo, byen obsève. Pou sa, yo pa bwè diven jis rive jou sa a, paske yo te obeyi lòd papa yo. Men Mwen te pale ak nou ankò e ankò, e nou pa t koute Mwen. 15Anplis, Mwen te voye a nou menm tout sèvitè Mwen yo, pwofèt yo. Mwen te voye yo ankò e ankò e yo te di: ‘Vire koulye a chak moun kite move chemen li, korije zèv mechan nou yo, e pa kouri dèyè lòt dye yo pou adore yo. Konsa, nou va demere nan peyi ke M te ba a nou menm e a papa zansèt nou yo;’ men nou pa t enkline zòrèy nou, ni nou pa t koute Mwen. 16Anverite, fis a Jonadab yo, fis a Récab la te swiv lòd a papa yo ak sila li te kòmande yo, men pèp sa a pa t koute Mwen.”’

17“Akoz sa, pale SENYÈ a, Bondye dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Gade byen, Mwen ap mennen sou Juda ak sou tout sila ki rete Jérusalem yo, tout dezas ke M te pwononse kont yo, akoz Mwen te pale ak yo, men yo pa t koute, e Mwen te rele yo, men yo pa t reponn.’”

18Epi Jérémie te di a lakay Rekabit yo: “Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Akoz nou te obeyi lòd a Jonadab, papa nou an, nou te swiv tout lòd li yo, e te fè tout sa ke li te kòmande nou;’ 19Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: ‘Jonadab, fis a Récab la, p ap manke yon nonm ki pou toujou kanpe devan M.’”

Did you know?

The Faithfulness of the Rechabites

  • The Rechabites were a nomadic clan whose ancestor, Jonadab son of Rechab, had forbidden them from drinking wine, building houses, sowing fields, or planting vineyards, instructing them to live only in tents. For generations, the entire community faithfully kept these ancestral commands.Sources: the Bible text itself · Jonadab · Rechab
  • Although committed to living in tents in the open country, the Rechabites had temporarily moved within the fortified walls of Jerusalem to find safety when Nebuchadnezzar and the Babylonian army invaded the region.Sources: the Bible text itself · Jerusalem · Babylon
  • During the reign of King Jehoiakim, God instructed Jeremiah to invite the Rechabites into a chamber in the temple and set wine before them. Their steadfast refusal to violate their forefather's command served as an object lesson highlighting Judah's persistent disobedience to God.Sources: the Bible text itself · Jehoiakim · Jeremiah

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Babylon · 32.543, 44.422 · verse 11
  • Chaldea · 30.962, 46.104 · verse 11
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 11, 13, 17

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.