Jeremiah 34
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, lè Nebucadnetsar, wa Babylone nan, ak tout lame li a, ak tout wayòm latè ki te anba pouvwa l yo ak tout pèp yo, t ap goumen kont Jérusalem e kont tout vil li yo, ki te di: 2Konsa pale SENYÈ Bondye Israël la: “Ale pale a Sédécias, wa Juda a, epi di li: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen ap bay vil sa a pou antre nan men a wa Babylone nan, e li va brile li ak dife. 3Ou p ap chape nan men l, paske anverite, ou va kapte e va livre nan men l. Konsa, zye ou va wè wa Babylone nan. Li va pale avèk ou fasafas. Se nan Babylone ou prale.”’”
4“Sepandan, tande pawòl SENYÈ a, O Sédécias, wa Juda a. Konsa pale SENYÈ a konsènan ou menm, ‘Ou p ap mouri pa nepe. 5Ou va mouri anpè. Tankou epis yo te brile pou antèman papa zansèt ou yo, ansyen wa ki te avan ou yo, se konsa yo va brile epis pou ou. Yo va fè kri dèy pou ou: “Anmwey mèt nou an”, paske se Mwen ki bay mo sa a’ deklare SENYÈ a.”
6Epi Jérémie te pale tout pawòl sila yo a Sédécias, wa Juda nan Jérusalem 7lè lame a wa Babylone nan te goumen kont Jérusalem e kont tout rès vil Juda yo; konsi, Lakis ak Azéka, paske se sèl yo ki te rete kon vil fòtifye pami vil a Juda yo.
8Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a apre Wa Sédécias te fin fè yon antant ak tout moun ki te Jérusalem yo pou libere yo: 9pou chak moun ta bay libète a sèvitè li e chak moun a sèvant li, yon gason Ebre oswa yon fanm Ebre; pou pèsòn pa ta kenbe yo, yon Jwif frè parèy yo, nan esklavaj. 10Epi tout ofisye yo ak tout pèp la te obeyi a sila ki te antre nan akò a, ke chan moun ta libere sèvitè ak sèvant li yo, pou okenn moun pa ta kenbe yo an esklavaj. Yo te obeyi e te bay yo libète. 11Men apre yo te fin vire, yo te reprann sèvitè ak sèvant ke yo te bay libète yo, e te fè yo soumèt ankò nan wòl sèvitè ak sèvant yo.
12Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a. Li te di: 13Konsa pale SENYÈ Bondye Israël la: Mwen te fè yon akò ak papa zansèt nou yo nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, soti nan kay esklavaj la. Mwen te di: 14Nan fen sèt ane yo, nou chak va libere frè Ebre ki te vann a li menm nan, e ki te sèvi nou pandan sis ane yo. Yo va voye li lib de nou menm. Men papa zansèt nou yo pa t obeyi Mwen, ni pa t panche zòrèy yo kote Mwen. 15Malgre sa, nan tan sa a, nou te vire fè sa ki dwat nan zye M, chak moun te pwoklame libète a vwazen li e nou te fè yon akò avèk Mwen nan kay ki rele pa non Mwen an. 16Men koulye a, nou te vire derespekte non Mwen, chak moun te reprann sèvitè ak sèvant ke nou te libere selon dezi yo, e nou te fè yo vin soumèt pou devni ankò sèvitè ak sèvant nou.
17Akoz sa, pale SENYÈ a: “Nou pa t obeyi Mwen nan pwoklame libète chak mesye a frè li, e chak mesye a vwazen li, gade byen, Mwen ap pwoklame libète pou nou,” deklare SENYÈ a: “pou nepe a, pou envazyon ensèk ak maladi, pou gwo grangou. Konsa, Mwen va fè nou vin yon objè lèd e degoutan pou tout wayòm yo sou latè yo. 18Mwen va bay mesye ki te transgrese akò Mwen yo, ki pa t akonpli pawòl a akò ke yo te fè devan M, lè yo te koupe jenn bèf lan an de mòso pou te pase nan mitan de pati li yo— 19Ofisyèl a Juda yo, ak ofisyèl a Jérusalem yo, ofisye tribinal la e prèt ak tout pèp peyi ki te pase antre de pati jenn bèf la— 20Mwen va livre yo nan men a lènmi yo, e nan men a sila k ap chache pran lavi yo. Epi kadav yo va sèvi kon manje pou zwazo syèl yo, ak bèt sovaj latè yo.
21“Sédécias, wa Juda a, ak ofisye pa l yo, Mwen va livre yo nan men lènmi pa yo, nan men a sila k ap chache lavi yo ak nan men a lame Babylone ki te ale kite nou an. 22Gade byen, Mwen va pase lòd”, deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va mennen yo retounen nan vil sa a. Konsa, yo va goumen kont li, pran li e brile li ak dife, epi Mwen va fè lavil Juda yo vin yon kote dezète san moun ki rete ladan yo.”
Did you know?
The Broken Covenant and Judah's Last Strongholds
- As Nebuchadnezzar's forces advanced against Jerusalem, Lachish and Azekah were the only two other fortified cities in Judah left standing. Both were key defensive strongholds located in the Shephelah, the low foothills of western Judah.Sources: the Bible text itself · Lachish · Azekah · Nebuchadnezzar
- The chapter describes an ancient covenant ritual where participants cut a calf in two and walked between the severed halves. This ceremony symbolized that anyone who violated the oath would suffer the same fate as the slaughtered animal.Sources: the Bible text itself
- Under siege, King Zedekiah and the leaders of Jerusalem agreed to release their Hebrew slaves in accordance with ancient law. However, once the Babylonian army temporarily withdrew, the slaveholders reneged on their oath and forced the freed individuals back into servitude.Sources: the Bible text itself · Zedekiah
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Babylon · 32.543, 44.422 · verses 1, 2, 3, 7, 21
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 6, 7, 8, 19, 21
- Lachish · Today: Tell ed Duweir · 31.565, 34.849 · verse 7
- Egypt · 30.129, 31.308 · verse 13
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org