Nations Bible

Jeremiah 21

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Pawòl ki te vini kote Jérémie soti nan SENYÈ a, lè Wa Sédécias te voye Paschhur, fis a Malkija a, ak Sophonie, fis a Maaséja a, prèt la, pou di l: 2Souple, mande a SENYÈ a pou nou menm, paske Nebucadnetsar, wa Babylone nan ap fè lagè kont nou. Petèt SENYÈ a va aji avèk nou selon zèv mèvèy Li yo, pou lènmi an rete kò l sou nou.

3Alò, Jérémie te di yo: “Nou va di Sédécias konsa: 4‘Konsa pale SENYÈ Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen prèt pou vire zam lagè ki nan men nou yo, zam ak sila n ap batay kont wa Babylone nan, ak Kaldeyen k ap fè syèj nou deyò miray la. Konsa, Mwen va rasanble yo nan mitan vil sa a. 5Mwen menm, Mwen va fè lagè kont nou ak yon men lonje, ak yon bra pwisan, menm ak kòlè, gwo kòlè, ak gwo endiyasyon. 6Anplis, Mwen va frape tout sa ki rete nan vil sa a, ni lòm, ni bèt. Yo va mouri akoz yon gwo epidemi. 7Lè l fini”, deklare SENYÈ a: “Mwen va livre Sédécias, wa Juda a ak sèvitè li yo ak pèp la, sila yo ki chape nan vil sa a de epidemi, nepe, ak gwo grangou, pou fè yo antre nan men a wa Nebucadnetsar, wa Babylone nan, nan men a lènmi pa yo ak nan men a sila k ap chache lavi yo. Epi li va frape yo ak kout nepe. Li p ap lese yo, ni gen okenn pitye, ni konpasyon pou yo.”’

8“Anplis, Ou va di a pèp sa a: ‘Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen mete devan nou chemen lavi ak chemen lanmò. 9Sila ki rete nan vil sa a va mouri pa nepe ak gwo grangou, ak epidemi, men sila ki soti e desann kote Kaldeyen k ap fè syèj kont nou yo, va sove lavi li. Li va chape ak lavi li. 10Paske Mwen te ranje figi M kont vil sa a pou mal, e pa pou byen,” deklare SENYÈ a. “Li va livre nan men a wa Babylone nan e li va brile li ak dife.”’

11“Konsa, di a lakay wa Juda a: ‘Tande pawòl SENYÈ a. 12O lakay David, konsa pale SENYÈ a:

‘Aji ak jistis chak maten.

Delivre moun ki te vòlè devan pouvwa a sila ki te oprime l la,

pou gwo kòlè Mwen pa sòti deyò kon dife

e brile yon jan pou okenn pa ka etenn,

akoz mechanste a zak yo.

13Gade byen, Mwen kont ou,

O sila ki rete nan ba plèn nan,’ deklare SENYÈ a.

‘Nou menm k ap di: “Se kilès k ap desann kont nou?”

Oswa, “Se kilès k ap antre nan abitasyon nou yo?”

14Mwen va pini nou selon rezilta zak nou yo, deklare SENYÈ a:

“Epi Mwen va limen yon dife nan forè li

ki va devore tout ozanviwon li.’”

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Zedekiah's Inquiry and the Coming Siege

  • Facing invasion by King Nebuchadnezzar of Babylon, King Zedekiah of Judah sent a delegation to Jeremiah hoping God would perform a miraculous deliverance as in past times. Zedekiah had originally been placed on the throne by Nebuchadnezzar himself and became Judah's final king.Sources: Zedekiah · Nebuchadnezzar · the Bible text itself
  • Among the royal emissaries was Zephaniah son of Maaseiah, who served as the second priest during Zedekiah's reign. Zephaniah was repeatedly sent by the king to inquire of Jeremiah regarding coming disasters and to seek the prophet's intercession.Sources: Zephaniah · Maaseiah · the Bible text itself
  • Instead of promising relief, Jeremiah set before the people the choice between life and death. Those who remained inside Jerusalem would perish by sword, famine, and plague, while those who surrendered to the besieging Chaldeans would preserve their lives.Sources: the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Babylon · 32.543, 44.422 · verses 2, 4, 7, 10
  • Chaldea · 30.962, 46.104 · verses 4, 9
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 6, 8, 9, 13

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.