Nations Bible

Jeremiah 20

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Lè Paschhur, prèt la, fis a Immer a, ki te chèf ofisye lakay SENYÈ a, te tande Jérémie fè pwofesi sila yo, 2Paschhur te fè yo bat Jérémie, pwofèt la. Li te mete li nan sèp yo ki te kote Pòtay Anwo Benjamin an, ki te nan lakay SENYÈ a. 3Nan pwochen jou a, lè Paschhur te lage Jérémie sòti nan sèp yo, Jérémie te di li: “Paschhur se pa non ke SENYÈ a te bay ou, men pito Magor-Missabib. 4Paske konsa pale SENYÈ a: ‘Gade byen, Mwen va fè ou vin yon gwo laperèz pou pwòp tèt ou, ak tout zanmi ou yo. Pandan zye ou toujou ap gade, yo va tonbe pa nepe lènmi pa yo. Se konsa, mwen va livre tout Juda, pou tonbe nan men a wa Babylone nan. Li va pote yo ale tankou egzile Babylone e li va touye yo ak nepe. 5Anplis, Mwen va livre tout richès vil sa a, tout pwodwi li yo ak tout bagay koute chè li yo, menm tout trezò a wa a Juda yo, e mwen va livre yo nan men a lènmi yo. Yo va piyaje yo, pote yo ale, e pote yo Babylone. 6Konsa, ou menm, Paschhur, ou menm ak tout sila ki rete lakay ou yo, va ale an kaptivite. Ou va antre nan Babylone. Ou va mouri la, e la, ou va antere; ou menm avèk tout zanmi ou yo ki te bay fo pwofesi yo.’”

7O SENYÈ, Ou te mennen m e mwen te mennen;

Ou pi fò pase m, e Ou te genyen m.

Mwen te vin yon gwo blag tout lajounen;

se tout moun k ap moke mwen.

8Paske chak fwa ke m pale, mwen kriye fò;

mwen pwoklame vyolans ak destriksyon!

Konsa, pawòl SENYÈ a te fè m resevwa repwòch.

Mwen pase nan rizib tout lajounen.

9Si mwen di: “Mwen p ap sonje Li ankò,

ni pale ankò nan non Li”,

alò, anndan kè mwen vin kon yon

dife k ap brile ki fèmen nan zo m.

Mwen bouke kenbe l anndan m,

mwen pa kapab.

10Paske mwen tande detripe nan zòrèy anpil moun:

“Danje, danje toupatou! Denonse! Wi, annou denonse li!”

Tout zanmi m ke m konn fè konfyans yo,

k ap tann pou yo wè lè mwen tonbe, ap di:

“Petèt nou ka mennen l,

pou nou ka vin enpoze nou sou li

e konsa, nou va pran vanjans sou li.”

11Men SENYÈ a avè m kon yon ewo fewòs.

Akoz sa, pèsekitè mwen yo va tonbe vin fè bak.

Yo p ap reyisi.

Yo va wont nèt akoz yo fè fayit,

ak yon wont ki p ap janm pase, ki p ap janm bliye.

12Sepandan, O SENYÈ dèzame yo,

Ou menm ki sonde moun dwat yo,

ki wè panse ak kè a;

kite mwen wè vanjans Ou sou yo;

paske a Ou menm, mwen te konfye ka m nan.

13Chante a SENYÈ a, louwe SENYÈ a!

Paske Li te delivre nanm a malere a

soti nan men a malfektè yo.

14Kite jou ke mwen te fèt la modi;

kite jou ke manman m te akouche m nan vin pa beni!

15Kite nonm ki te mennen nouvèl kote papa m nan,

ki te di: “Yon tigason te fèt a ou menm,”

e ki te fè l byen kontan an, vin modi.

16Men kite nonm sa a vin kon gwo vil ke

SENYÈ a te kraze nèt san pitye.

Kite li tande gwo kri nan granmmaten

ak kri “Anmwey” a midi,

17akoz li pa t touye m avan mwen te fèt,

pou manman m ta ka sèvi kon tonbo a

pou vant li rete ansent pou tout tan.

18Poukisa mwen te janm sòti nan vant,

pou m ta gade twoub ak tristès,

pou jou m yo ta pase nan wont?

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Jeremiah's Persecution and Inner Turmoil

  • Pashhur, the priest who arrested and beat Jeremiah, was the son of Immer—the ancestral head of the sixteenth priestly division—and served as chief official in the house of the LORD. His high administrative post gave him the authority to punish Jeremiah and confine him in wooden stocks at the Upper Gate of Benjamin near the temple.Sources: Immer · Gate of Benjamin · the Bible text itself
  • Upon being released, Jeremiah announced that God gave Pashhur the symbolic name 'Magor-missabib' ('terror on every side'). Jeremiah prophesied that Pashhur, his household, and his friends would be carried away captive into Babylon to die, alongside the plunder of Judah's wealth.Sources: Babylon · the Bible text itself
  • The chapter reveals Jeremiah's intense emotional struggle between public derision and prophetic compulsion. Although mocked and betrayed by close friends, he confessed that holding back God's message felt like a fire burning in his heart and shut up within his bones.Sources: Jeremiah · the Bible text itself

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Benjamin Gate · Today: in Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 2
  • Babylon · 32.543, 44.422 · verses 4, 5, 6
  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 5

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.