Nations Bible

Jeremiah 16

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Anplis, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 2“Ou p ap pran yon madanm pou ou menm, ni fè fis ak fi nan kote sa a.” 3Paske konsa pale SENYÈ a konsènan fis ak fi ki fèt nan plas sila a, e konsènan manman yo ki te fè yo ak papa yo ki te fè yo nan peyi sa a: 4“Yo va mouri mò yo ki byen move. Yo p ap fè dèy pou yo, ni antere yo. Yo va rete tankou fimye bèt sou sifas latè. Yo va manje nèt ak nepe ak gwo grangou. Kadav yo va devni manje pou zwazo syèl ak pou bèt sovaj latè yo.”

5Paske konsa pale SENYÈ a: “Pa antre nan kay doulè a, ni pa ale kriye pou yo! Pa regrèt yo! Paske Mwen te retire lapè M de pèp sa a,” deklare SENYÈ a: “lanmou Mwen ak konpasyon Mwen.” 6Ni gran, ni piti va mouri nan peyi sa a. Yo p ap antere, yo p ap fè dèy pou yo, ni p ap gen moun ki blese kò l oswa pase razwa nan tèt li pou yo. 7Pèsòn p ap kase pen doulè a pou yo, pou konsole okenn moun pou lanmò, ni bay yo yon tas konsolasyon pou bwè pou papa yo, oswa manman yo.

8“Anplis, ou pa prale nan yon kay ki gen fèt pou chita ak yo pou manje ak bwè.” 9Paske konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la: “Gade byen, Mwen va elimine nèt nan plas sa, vwa rejwisans ak vwa kè kontan, vwa a jèn gason fenk marye ak vwa a jèn fi marye, devan zye nou e nan pwòp tan pa nou. 10Alò, lè ou di pèp sa a tout pawòl sa yo, yo va di ou: ‘Pou ki rezon SENYÈ a te deklare tout gwo malè sa a kont nou? Epi ki inikite oswa ki peche ke nou te fè kont SENYÈ a, Bondye nou an?’ 11Nan lè sa a, ou gen pou di yo: ‘Akoz papa zansèt nou yo te abandone Mwen,’ deklare SENYÈ a: ‘pou te swiv lòt dye yo, pou te sèvi yo e te pwostène devan yo. Konsa yo te abandone Mwen e yo pa t kenbe lalwa Mwen an. 12Nou tou, te fè mal plis menm ke papa zansèt nou yo. Paske gade byen, nou chak ap mache selon tèt di a pwòp kè mechan pa nou, san koute Mwen. 13Akoz sa, Mwen va jete nou deyò peyi sa a, antre nan yon peyi ke nou pa t janm konnen, ni nou menm, ni papa zansèt nou yo. La menm, nou va sèvi lòt dye yo lajounen kon lannwit, paske Mwen p ap bannou okenn favè.’

14“Akoz sa, gade byen, gen jou k ap vini,” deklare SENYÈ a: “lè fraz sila a p ap menm repete ankò: ‘Jan SENYÈ vivan an, ki te mennen, fè fis Israël yo soti nan peyi Égypte la’, 15Men: ‘Jan SENYÈ vivan an, ki te mennen fè monte fis Israël yo soti nan peyi nò a e soti nan tout peyi kote Li te ekzile yo.’ Paske Mwen va restore yo a pwòp peyi yo, ke Mwen te bay a papa zansèt yo.

16“Gade byen, Mwen ap voye anpil moun lapèch,” deklare SENYÈ a: “Epi yo va fè lapèch pou yo. Apre sa a, Mwen va voye anpil moun lachas e yo va fè lachas pou yo nan tout kolin ak nan tout kwen nan gwo wòch yo. 17Paske zye M sou tout chemen pa yo. Yo pa kache devan figi Mwen, ni inikite yo pa kache devan zye M. 18Premyèman, Mwen va rekonpanse doub tout inikite ak peche yo, akoz yo te fè peyi a pouri nèt. Akoz yo te ranpli eritaj Mwen an ak kadav a zidòl abominab yo, e eritaj Mwen an ak abominasyon pa yo.”

19O SENYÈ, fòs mwen an, sitadèl mwen an

e sekou mwen an nan jou gwo malè a,

vè Ou menm, nasyon yo va vini soti nan dènye pwent latè.

Yo va di:

“Papa zansèt nou yo pa t gen okenn eritaj sof ke manti

sa ki pouryen, san enpòtans e san benefis.”

20Èske lòm dwe fè dye pou kont li,

malgre se pa dye yo ye?

21“Akoz sa, gade byen, Mwen va fè yo konnen,

fwa sa a, Mwen va fè yo konnen pouvwa M, ak pwisans Mwen.

Konsa, yo va konnen ke non Mwen se SENYÈ a.”

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

A Prophet's Solitude and Signs of Judgment

  • God commands Jeremiah to abstain from marriage, funeral meals, and festive gatherings. His enforced isolation served as a living sign to the people that catastrophic loss, famine, and sword would soon eliminate both joyful celebrations and normal mourning rituals from the land.Sources: the Bible text itself
  • The chapter lists customary mourning practices of the era, including sharing a cup of consolation and bread for the bereaved, as well as shaving the head and cutting the body in grief. The scale of the coming disaster would be so overwhelming that these traditional communal expressions of grief would cease completely.Sources: the Bible text itself
  • Historically, the exodus from Egypt served as Israel's foundational narrative of divine deliverance. Jeremiah prophesies that a future restoration from exile in the northern lands would eclipse even the memory of the deliverance from Egypt.Sources: the Bible text itself · Egypt

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Egypt · 30.129, 31.308 · verse 14

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.