Nations Bible

Jeremiah 11

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Pawòl ki te vini a Jérémie soti nan SENYÈ a, t ap di: 2“Koute pawòl akò sila a e pale avèk mesye Juda yo ak sila ki rete Jérusalem yo. 3Di yo: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “Modi se nonm ki pa okipe pawòl akò sila a, 4ke Mwen te kòmande papa zansèt nou yo pou fè nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, soti nan founo fè a, lè M te di yo: ‘Koute vwa Mwen e fè selon tout sa ke Mwen kòmande nou. Konsa, nou va pèp Mwen e Mwen va Bondye nou,’ 5pou m ka etabli sèman ke M te fè ak papa zansèt nou yo, pou bay yo yon peyi k ap koule ak lèt, ak siwo myèl, jan li ye nan jou sa a.”’”

Mwen te reponn: “Amen O SENYÈ”. 6Konsa, SENYÈ a te di mwen: “Pwoklame tout pawòl sa yo nan vil Juda yo ak nan lari Jérusalem yo, pou di: ‘Tande pawòl akò sa a pou fè yo. 7‘Paske Mwen te avèti papa zansèt pa w yo solanèlman nan jou ke M te mennen yo sòti nan peyi Égypte la, menm pou rive nan jou sila a, Mwen t ap avèti tout tan e t ap di: “Tande vwa Mwen”. 8Malgre sa, yo pa t obeyi, ni panche zòrèy yo vè Mwen. Men yo te mache chak selon tèt di a kè mechan yo. Akoz sa, Mwen te mennen sou yo tout pawòl akò sila a, ke M te kòmande pou yo fè, men yo pa t fè yo.’”

9Konsa, SENYÈ a te di m: “Gen yon konplo vin k ap fèt pami mesye Juda yo ak moun ki rete Jérusalem yo. 10Yo te vire retounen vè inikite a papa zansèt yo, ki te refize tande pawòl Mwen yo. Yo te ale dèyè lòt dye pou sèvi yo. Lakay Israël ak lakay Juda te kraze akò ke M te fè ak papa zansèt yo.” 11Pou sa, pale SENYÈ a: “Gade byen” Mwen ap mennen yon gwo dezas sou yo, ke yo p ap ka chape menm. Malgre yo kriye ban Mwen, Mwen p ap koute yo. 12Konsa, lavil a Juda ak pèp Jérusalem nan va ale kriye a lòt dye kote yo brile lansan an; men anverite, yo p ap sove yo nan tan gwo dezas yo. 13Paske dye nou yo menm kantite ak vil nou yo, O Juda; epi menm kantite ak lari Jérusalem yo se lotèl kote nou te plase gwo wont sa yo, menm pou brile lansan bay Baal yo.

14“Akoz sa, pa priye pou pèp sa a. Ni pa leve gwo kri oswa fè lapriyè pou yo; paske Mwen p ap koute yo lè yo rele Mwen akoz gwo dezas yo.

15Ki dwa byeneme Mwen an genyen lakay Mwen an

konsi li fin fè zak lèd ak anpil gason,

epi chè sen an fin kite ou?

Lè ou te fè mal sa a,

konsa, ou te rejwi.”

16SENYÈ a te bay ou non:

“Bwa doliv, byen bèl ak anpil fwi”.

Ak gwo bri, li te limen dife sou non sa a,

e branch li yo te kase.

17SENYÈ dèzame ki te plante ou a, te pase lòd malè kont ou akoz mechanste lakay Israël la ak lakay Juda a; akoz yo te pwovoke Mwen ak ofrann sakrifis ke yo te leve vè Baal yo.

18Anplis, SENYÈ a te fè m konprann, e mwen te konnen li. Konsa, Ou te montre m zak yo. 19Men mwen te tankou yon jenn mouton dou k ap mennen labatwa. Mwen pa t konnen ke yo te fòme yon konplo kont mwen; Ke yo t ap di,

“Annou detwi bwa a ak fwi li.

Annou koupe l nèt soti nan peyi vivan yo,

pou non li pa sonje ankò.”

20Men O SENYÈ dèzame yo, ki fè jijman ki dwat yo,

ki sonde santiman ak kè yo,

kite mwen wè vanjans Ou sou yo;

paske se Ou menm, mwen te fè konnen koz mwen an.

21Akoz sa, SENYÈ a pale selon mesye Anathoth yo, k ap chache lavi ou, k ap di: “Pa pwofetize nan non SENYÈ a, pou ou pa mouri nan men nou”— 22Akoz sa, pale SENYÈ dèzame yo: “Gade byen, Mwen prèt pou pini yo! Jennonm yo va mouri pa nepe, fis ak fi yo va mouri ak gwo grangou. 23Menm yon retay p ap rete pou yo. Paske Mwen ap mennen yon dezas sou mesye Anathoth yo, jis li rive ane règleman pa yo.”

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

The Broken Covenant and the Plot at Anathoth

  • In Jeremiah 11, the Lord rebukes the people of Judah for breaking the covenant established after the exodus from Egypt, noting that altars to burn incense to the deity Baal were as numerous as the streets of Jerusalem.Sources: the Bible text itself · Baal
  • Jeremiah faced a deadly conspiracy from his own hometown of Anathoth, a priestly town in the territory of Benjamin, where local residents plotted to kill him to silence his prophetic message.Sources: the Bible text itself · Anathoth · Jeremiah

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 2, 6, 9, 12, 13
  • Egypt · 30.129, 31.308 · verses 4, 7

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.