Nations Bible

Isaiah 59

Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.

1Gade byen, men SENYÈ a pa tèlman kout

pou l pa ka sove;

ni zòrèy Li pa di pou l pa ka tande.

2Men se inikite nou yo ki fè nou separe ak Bondye nou an,

e se peche nou yo

ki te kache figi Li de nou menm, pou Li pa tande.

3Paske men nou souye ak san vèse,

e dwèt nou ak inikite.

Lèv nou fin pale sa ki fo,

e lang nou plenyen mechanste.

4Nanpwen moun ki fè pwosè ak dwati,

ni ki fè plent ak entegrite.

Yo mete konfyans nan vanite,

e yo pale manti.

Yo simen mal e yo rekòlte mechanste.

5Yo kale ze koulèv yo,

e trese fil arenye yo.

Sila ki manje ze yo va mouri;

e nan sa ki kraze a, yon koulèv va pete vin parèt.

6Fil pa yo p ap fè rad;

ni zèv yo p ap ka kouvri yo.

Zèv pa yo se zèv inikite,

e se zak vyolans ki rete nan men yo.

7Pye pa yo kouri vè mal,

e yo fè vit pou vèse san inosan an.

Panse pa yo se panse inikite,

e destriksyon ak dega sou chemen yo.

8Yo pa konnen chemen lapè,

e nanpwen jistis nan yo.

Yo te fè wout kwochi;

nenpòt moun ki antre kote yo pa konnen lapè.

9Akoz sa, lajistis rete lwen nou,

e ladwati pa fin rive sou nou.

Nou espere jwenn limyè pou klere nou,

men nou mache nan fènwa.

10Nou tatonnen akote mi an tankou moun avèg.

Nou tatonnen kon sila ki pa gen zye yo.

Nou kilbite a midi konsi se nan aswè.

Pami sila ki plen kouraj yo, nou parèt tankou moun mouri.

11Epi nou tout gwonde tankou lous,

e plenyen ak tristès kon toutrèl.

Nou espere lajistis, men nanpwen;

pou delivrans, men li lwen nou.

12Paske transgresyon nou yo miltipliye devan Ou,

e peche nou yo temwaye kont nou.

Paske transgresyon nou yo rete avèk nou

e nou konnen inikite nou yo:

13Nou fè rebèl e nou nye SENYÈ a.

Nou vire kite Bondye nou an,

ak pawòl opresyon ak rebèl.

Nan kè a, nou fòmante

e fè vin parèt pawòl manti.

14Lajistis vin detounen

e ladwati vin kanpe byen lwen.

Paske verite a fin glise tonbe nan lari

e ladwati p ap ka antre.

15Wi, verite a manke;

epi sila ki vire akote pou li pa fè mal la,

fin fè pwòp tèt li yon viktim.

Alò, SENYÈ a te wè

e sa pa t fè plezi devan zye L,

ke pa t gen jistis.

16Li te wè ke pa t gen pèsòn,

e te etone ke pa t gen moun ki pou entèsede.

Akoz sa a, pwòp bra Li te mennen sali a rive kote Li,

e ladwati Li te bay Li soutyen.

17Li te abiye ak ladwati kon pwotèj lestomak,

e ak kas sali a sou tèt Li.

Li te mete vètman vanjans kon abiman,

e te vlope tèt Li ak zèl, kon manto Li.

18Selon zèv pa yo, konsa Li va rekonpanse yo:

jijman ak kòlè a advèsè Li yo,

rekonpans a lènmi Li yo;

a peyi kot yo, Li va bay sa yo merite.

19Akoz sa, yo va gen krent non SENYÈ a soti nan lwès

e glwa Li soti kote solèy leve a;

paske Li va vini tankou dlo ravin k ap desann byen rapid.

Se van SENYÈ a kap pouse l.

20“Yon Redanmtè va vini nan Sion,

e a sila ki vire kite transgresyon Jacob yo,” deklare SENYÈ a.

21“Pou Mwen menm, sa se akò mwen avèk yo,” di SENYÈ a: “Lespri Mwen ki sou ou a, e pawòl Mwen ke M te mete nan bouch ou yo p ap janm disparèt nan bouch ou, ni bouch a desandan ou yo, ni bouch a desandan pa yo,” pale SENYÈ a, “depi koulye a e jis rive pou tout tan.”

Artistic illustration — an interpretation, not a historical record.

Did you know?

Divine Justice and the Redeemer of Zion

  • To illustrate profound moral breakdown and the collapse of civic justice, the passage uses vivid metaphors, describing truth stumbling in the public square and people groping along walls like the blind at midday.Sources: the Bible text itself
  • When no human champion or intercessor is found to uphold justice, the passage depicts God arming Himself for intervention, putting on righteousness as a breastplate, the helmet of salvation, and a cloak of zeal.Sources: the Bible text itself
  • The chapter promises that a Redeemer will arrive in Zion—the fortified southeastern hill of Jerusalem where David built his citadel—to deliver those among Jacob's descendants who turn away from transgression.Sources: the Bible text itself · Zion · Jacob (Israel)

Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.

Places in this chapter

  • Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verse 20

Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).

Credits and license for this translation
Bib Sen An
The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update
copyright © 2017-2023 Ron Smith
Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian)
Translation by: Ron Smith
Contributor: Felix Nixon
This translation is made available to you under the terms of the
Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0.
You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that:
You include the above copyright and source information.
If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes.
If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original.
Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents.
For other uses, please contact the respective copyright owners.
Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19.
2026-06-11

Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org

Talk to us

Tell us where you read from, how the Bible has helped you, or what we could improve. We read every message.