Isaiah 52
Bib Sen An · Tap a verse to see its cross-references.
1Leve, leve! Abiye ou menm ak fòs ou, O Sion.
Abiye ak bèl vètman ou yo, O Jérusalem, vil sen an;
paske ensikonsi yo ak pa pwòp yo
p ap antre kote ou a ankò.
2Souke leve kò ou sòti nan pousyè a,
O kaptif Jérusalem nan!
Retire chenn sa yo nan kou ou,
O fi kaptif a Sion an.
3Paske konsa pale SENYÈ a: “Ou te vann pou granmesi
e ou va rachte san vèse lajan.”
4Paske konsa pale SENYÈ a:
“Pèp Mwen an nan kòmansman,
te desann an Égypte pou rezide la,
epi Asiryen yo te oprime yo san koz.
5Alò, pou sa, kisa Mwen gen pou fè isit la?” deklare SENYÈ a,
“konsi pèp Mwen an te retire san koz?”
Ankò deklare SENYÈ a:
“Konsi, pèp Mwen rachte pou ryen,
epi sila ki renye sou yo giyonnen yo ak kè kontan,
e non Mwen blasfeme tout lajounen,
6pou sa, pèp Mwen an va konnen non Mwen.
Pou sa, nan jou sa a, yo va konnen se Mwen menm k ap pale.
Gade byen, se Mwen!”
7A la bèl sou mòn yo, se pye a sila ki pote bòn nouvèl la,
ki anonse lapè,
ki pote bòn nouvèl k ap fè kè kontan,
ki anonse Sali,
ki di a Sion: “Bondye pa ou a renye!”
8Gadyen ou yo leve vwa yo.
Yo rele fò ak kè kontan ansanm;
paske yo va wè ak pwòp zye yo
lè SENYÈ a retounen nan Sion an.
9Eklate, rele ak jwa ansanm, kote ki dezole Jérusalem yo,
paske SENYÈ a te konsole pèp Li a.
Li te rachte Jérusalem.
10SENYÈ a te dekouvri sen bra Li pou tout nasyon yo wè.
Tout dènye pwent latè yo te wè sali a Bondye nou an.
11Sòti! Sòti! Kite kote sa a!
Pa touche anyen ki pa pwòp!
Sòti nan mitan li!
Vin pirifye nou menm!
Netwaye nou, nou ki pote veso SENYÈ a.
12Nou p ap kite ak gran vites,
ni nou p ap kouri devan moun;
paske SENYÈ a va ale devan nou
e Bondye Israël la va fè gad an aryè.
13Gade byen, sèvitè Mwen an va aji avèk sajès.
Li va leve wo, e vin egzalte anpil.
14Menm jan ke anpil moun te etone de ou—
konsa aparans Li te defòme plis ke tout lòt moun,
e fòm li plis ke fis a lòm yo.
15Konsa, Li va farinen sou anpil nasyon.
Wa yo va pe bouch yo pou koz Li;
paske sa ke yo pa t konn tande a, yo va wè l,
e sa ke yo pa t koute, yo va konprann li.

Did you know?
Good News and Redemption for Zion
- Isaiah addresses Jerusalem as the holy city and calls upon Zion, the fortified hill of the city of David, to shake off its dust and remove captive chains. The passage depicts the ruined city as a grieving captive rising from humiliation to put on splendid garments.Sources: the Bible text itself · Jerusalem · Zion
- The imagery of swift messengers crossing the mountains and watchmen shouting together reflects the ancient practice of stationing lookouts along city ramparts to spot approaching runners carrying vital news of peace and victory.Sources: the Bible text itself
- Recalling Israel's historical sojourn in Egypt and oppression under Assyria, the text describes a solemn departure where priests and Levites carry the sacred vessels of the Lord, assured of divine protection both ahead and as a rear guard.Sources: the Bible text itself · Egypt
Notes written with AI assistance from open sources (Theographic Bible Metadata, CC BY-SA 4.0; Easton’s Bible Dictionary, public domain) and reviewed before publishing.
Places in this chapter
- Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 2, 9
- Zion · Today: Jerusalem · 31.777, 35.234 · verses 1, 2, 7, 8
- Assyria · 36.359, 43.153 · verse 4
- Egypt · 30.129, 31.308 · verse 4
Only places identified with high confidence are shown (90% or more according to the scholarly sources compiled by OpenBible). Period map: DARE (Digital Atlas of the Roman Empire), CC BY 4.0; modern map: © OpenStreetMap contributors; places: OpenBible.info (CC BY 4.0).
Credits and license for this translation
Bib Sen An The Holy Bible in Haitian Creole, 2023 update copyright © 2017-2023 Ron Smith Language: Kreyòl Ayisyen (Haitian) Translation by: Ron Smith Contributor: Felix Nixon This translation is made available to you under the terms of the Creative Commons Attribution Share-Alike license 4.0. You have permission to share and redistribute this Bible translation in any format and to make reasonable revisions and adaptations of this translation, provided that: You include the above copyright and source information. If you make any changes to the text, you must indicate that you did so in a way that makes it clear that the original licensor is not necessarily endorsing your changes. If you redistribute this text, you must distribute your contributions under the same license as the original. Pictures included with Scriptures and other documents on this site are licensed just for use with those Scriptures and documents. For other uses, please contact the respective copyright owners. Note that in addition to the rules above, revising and adapting God's Word involves a great responsibility to be true to God's Word. See Revelation 22:18-19. 2026-06-11
Source: http://ebible.org/hatbsa/ · eBible.org